BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Matye 5:32
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 32 Men mwen menm, men sa m di nou: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou imoralite seksyèl*, li mete l nan sitiyasyon pou l fè adiltè. E nenpòt moun ki marye ak yon fi ki divòse*, moun sa a fè adiltè+.

  • Matye 19:9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 9 M ap di nou sa: Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, eksepte pou imoralite seksyèl*, e k al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè+.”

  • Mak 10:11, 12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Li di yo: “Nenpòt moun ki divòse* ak madanm li e k al marye ak yon lòt fi, moun sa a fè adiltè+ sou madanm li. 12 Epi, si yon fi divòse* ak mari l, l al marye ak yon lòt gason, fi sa a fè adiltè+.”

  • Lik 16:18
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 18 “Nenpòt moun ki divòse ak madanm li e k al marye ak yon lòt moun fè adiltè. E nenpòt moun ki marye ak yon fi ki divòse ak mari l, moun sa a fè adiltè+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje