2 L ap parèt tankou yon ti boujon+ devan l, tankou yon rasin ki soti nan yon tè ki sèch.
Li pa gen bèl prestans e li pa sanble anyen+.
Lè nou gade l, aparans li pa atire nou.
3 Moun te meprize l e yo te demake l+.
Se yon moun ki te konn sa yo rele soufrans e li te konn sa maladi ye.
Se kòmsi yo te kouvri figi l pou nou pa wè l.
Moun te meprize l, epi nou pa t pran l pou anyen+.