5 Kounye a, mwen swete pou Bondye ki bay andirans ak konsolasyon an pèmèt nou tout gen menm mantalite Kris Jezi te genyen an, 6 yon fason pou nou ka ini+ vwa* nou nan tèt ansanm pou nou bay Bondye glwa, li menm ki Bondye e ki Papa Seyè nou an, Jezi Kris.
10 Kounye a, m ap ankouraje nou, frè m yo, nan non Jezi Kris, Seyè nou an, pou nou tout gen menm pawòl, pou pa gen divizyon nan mitan nou+, men pou nou byen ini nan menm panse ak nan menm opinyon+.
11 Anfen, frè m yo, kontinye rejwi, kontinye kite yo redrese nou, kontinye kite yo konsole nou+, kontinye panse menm jan+, kontinye viv anpè+, e Bondye lanmou an, Bondye lapè a+, ap avèk nou.
8 Pou fini, se pou nou tout gen menm panse+, se pou nou montre nou gen senpati, se pou nou gen afeksyon pou frè yo, se pou nou gen kè sansib+ ak imilite+.