-
Jenèz 1:26, 27Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
26 Annapre, Bondye di: “Annou+ fè lòm pòtre ak nou+, pou l ka sanble ak nou+. Se pou l gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou bèt k ap vole nan syèl la, sou bèt ki viv bò kote moun sou tout tè a e sou tout zannimo k ap rale sou vant e k ap deplase sou tè a+.” 27 E Bondye te vin kreye lòm pòtre ak li, e se pòtre ak li li te kreye l. Li te kreye gason ak fi+.
-