-
Travay 16:22-24Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
22 Tout foul moun yo leve kanpe kont yo. Epi, majistra yo fè rache rad sou yo, e yo bay lòd pou yo bat yo ak kout baton+. 23 Apre yo fin ba yo anpil kout baton, yo mete yo nan prizon, e yo bay gadyen prizon an lòd pou l byen siveye yo+. 24 Etandone yo ba l lòd sa a, li mete yo nan yon kacho ki jis nan fon prizon an, epi li mete pye yo nan sèp*.
-