-
Travay 2:29-32Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
29 “Frè m yo, kite m pale alèz avèk nou konsènan David, zansèt nou an, ki mouri e ki antere+, e tonm li la avèk nou jis jodi a. 30 Kòm li te yon pwofèt e li te konnen Bondye te fè l sèman li t ap mete youn nan desandan l* yo chita sou twòn li an+, 31 li te wè rezirèksyon Kris la davans e li te pale de sa. Li te fè konnen yo pa t ap kite Kris nan Tonm* ni kò l pa t ap gentan dekonpoze*+. 32 Bondye resisite Jezi sa a, e se yon bagay nou tout temwen+.
-