28 Nou pa bezwen sezi pou sa, paske lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm yo* pral tande vwa l+, 29 e y ap soti. Moun ki fè bon bagay ap resevwa lavi, men moun ki pratike sa ki mal ap resevwa yon jijman kondanasyon+.
42 Epitou, li te ban nou lòd pou nou preche pèp la e pou nou bay yon temwayaj konplè+, pou nou di se li menm Bondye etabli pou jije ni moun ki vivan ni moun ki mouri+.