-
Jij 14:5, 6Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
5 Se konsa Samson desann Timna ansanm ak papa l ak manman l. Lè l rive toupre jaden rezen ki Timna yo, gen yon lyon ki t ap gwonde ki t ap avanse sou li. 6 Lè sa a, lespri Jewova ba l fòs+, epi li chire lyon an an de ak men l tankou se te yon ti kabrit. Men, li pa t di papa l ak manman l sa l te fè a.
-
-
1 Samyèl 17:34-36Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
34 Epi, David di Sayil: “Mwen menm, sèvitè w la, mwen se gadò mouton papa m yo. Yon lè, te gen yon lyon+ ki te vini, li pran yon mouton nan twoupo a l ale. Yon lòt lè, yon lous te vini, li fè menm bagay la. 35 Mwen te kouri dèyè yo e m te ba yo yon kou, epi m te pran bèt la nan bouch yo. Lè yo te kanpe pou yo atake m, mwen te pran yo nan gagann*, mwen frape yo atè, epi m touye yo. 36 Mwen menm, sèvitè w la, mwen te touye ni lyon an ni lous la. Sòlda Filisti ki pa sikonsi sa a ap vin menm jan ak youn nan yo, paske li bay lame Bondye vivan an defi+.”
-