-
Revelasyon 13:15-17Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
15 Yo ba l pèmisyon pou l bay estati bèt sovaj la souf*, yon fason pou estati bèt sovaj la ka pale e pou l ka fè touye tout moun ki refize adore estati bèt sovaj la.
16 Li egzije pou yo bay tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, moun lib kou esklav, yon mak nan men dwat yo oswa sou fwon yo+, 17 dekwa pou pèsonn pa ka ni achte ni vann, sof moun ki gen mak la, sètadi non+ bèt sovaj la oswa nimewo ki koresponn ak non l lan+.
-