Amòs
9 Mwen te wè Jewova+ anlè lotèl la, epi li di: “Frape tèt poto yo, e kay la ap tranble. Koupe tèt poto yo, e m ap touye ti rès moun ki rete nan pèp la ak epe. Pa gen moun ki kouri k ap sove, e pa gen moun k ap eseye chape k ap reyisi chape+.
2 Si yo fouye twou pou yo desann al kache nan Tonm nan*,
M ap pran yo kote yo ye a ak men m.
Si yo monte nan syèl la,
M ap fè yo desann sot kote yo ye a.
3 Si y al kache sou tèt Mòn Kamèl,
Mwen pral chèche yo kote yo ye a e m ap pran yo+.
Si y al kache nan fon lanmè pou m pa ta wè yo,
M ap bay koulèv lòd mòde yo kote yo ye a.
4 Si ènmi yo genyen yo mennen yo ann egzil,
M ap bay yon epe lòd, e l ap touye yo kote yo ye a+.
M ap fikse je m sou yo pou malè tonbe sou yo, men se pa pou m beni yo+.
5 Paske se Jewova, Chèf lame yo, Seyè ki Souvren an, ki touche peyi a*,
Sa fè l tranble+, e tout moun ki ret ladan l ap nan lapenn+.
Yo tout pral monte tankou Rivyè Nil la,
E y ap desann tankou Rivyè Nil la nan peyi Ejip+.
6 ‘Li se Sila a ki fè mach eskalye l yo ki rive nan syèl la
E ki mete yon plafon* anlè tè a,
Sila a ki rasanble dlo lanmè yo
Pou l vide yo sou tè a+.
Non li se Jewova+.’
7 Men sa Jewova di: ‘Èske nou pa menm jan ak pitit gason moun peyi Etyopi* yo pou mwen, o pèp Izrayèl?
Èske m pa t fè pèp Izrayèl la sot nan peyi Ejip+?
Èske m pa t fè moun Filisti yo sot nan zile Krèt+ e èske m pa t fè moun Siri yo sot nan peyi Ki+?’
8 ‘Gade! Mwen menm, Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen fikse je m sou wayòm moun k ap fè peche yo,
Mwen pral elimine l sou tè a+.
Men, mwen pap detwi desandan Jakòb yo nèt+.’ Se sa Jewova di.
9 ‘Paske, gade! M ap bay yon lòd.
Epi, m ap souke pèp Izrayèl la nan mitan tout nasyon yo+,
Tankou lè y ap pase manje angren nan krib
E pa gen yon ti wòch ki tonbe atè.
10 Tout moun nan pèp mwen an k ap fè peche ap mouri anba kout epe,
Yo menm k ap di: “Malè pap vin toupre nou, ni li pap tonbe sou nou.”’
11 ‘Jou sa a, m ap rebati kay* David la+ ki tonbe,
M ap repare kote ki fann yo
E m ap rebati mazi a.
M ap rebati l pou l vin menm jan l te ye lontan an+,
12 Pou yo ka pran sa k rete nan peyi Edòm+
Ansanm ak tout nasyon ki pote non m yo.’ Se sa Jewova di, li menm k ap fè bagay sa a.
13 Men sa Jewova di: ‘Gade! Gen jou k ap vini
Kote moun k ap raboure tè a ap rankontre ak moun k ap rekòlte a,
E moun k ap kraze rezen anba pye l la ap rankontre ak moun k ap plante a+.
Diven bon kalite pral degoute sot nan mòn yo+,
14 M ap fè moun nan pèp Izrayèl la, pèp mwen an+, ki te ann egzil yo retounen nan peyi yo.
Y ap rebati vil ki te kraze yo e y ap abite ladan yo+.
Y ap plante rezen e y ap bwè diven yo bay+.
Y ap fè jaden e y ap manje fwi yo bay+.’
15 ‘M ap plante yo nan peyi yo a,
E yo pap janm derasinen yo ankò
Nan peyi mwen ba yo a+.’ Se sa Jewova, Bondye nou an, di.”