BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 26
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Detewonòm — Sa ki gen nan liv sa a

      • Ofrann premye danre yo (1-11)

      • Yon lòt dizyèm pati (12-15)

      • Izrayèl se byen espesyal Jewova (16-19)

Detewonòm 26:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 23:19; Le 23:10; Nb 18:8, 12; 2Kw 6:6; 31:5; Pw 3:9

Detewonòm 26:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 17:1, 8; 26:3

Detewonòm 26:5

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “ki te prèt pou l mouri”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 28:5; Oz 12:12
  • +Jen 46:3; Tr 7:15
  • +Jen 46:27
  • +Eg 1:7; Dt 10:22; Sm 105:24

Detewonòm 26:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 1:11

Detewonòm 26:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 3:9; 4:31; Tr 7:34

Detewonòm 26:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 6:6
  • +Eg 7:3; Dt 4:33, 34

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/10/2015, p. 4-5

Detewonòm 26:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 3:8; Dt 8:7, 8; Eze 20:6

Detewonòm 26:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 26:2

Detewonòm 26:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 12:7; 16:14

Detewonòm 26:12

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “òfelen”.

  • *

    Lit.: “pòtay”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 12:5, 6; 14:22
  • +Dt 14:28, 29; Pw 14:21; 1J 3:17

Detewonòm 26:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jk 1:27

Detewonòm 26:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 15:18; 26:3
  • +Eg 23:25
  • +Dt 8:7, 8

Detewonòm 26:16

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 6:6; 11:1; Sm 119:34; 1J 5:3

Detewonòm 26:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:46
  • +Ekl 12:13
  • +Le 19:37

Detewonòm 26:18

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon byen ki gen anpil valè pou li”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 14:2; 29:10-13

Detewonòm 26:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:8
  • +Dt 7:6; 28:1, 9

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Det. 26:2Eg 23:19; Le 23:10; Nb 18:8, 12; 2Kw 6:6; 31:5; Pw 3:9
Det. 26:3Jen 17:1, 8; 26:3
Det. 26:5Jen 28:5; Oz 12:12
Det. 26:5Jen 46:3; Tr 7:15
Det. 26:5Jen 46:27
Det. 26:5Eg 1:7; Dt 10:22; Sm 105:24
Det. 26:6Eg 1:11
Det. 26:7Eg 3:9; 4:31; Tr 7:34
Det. 26:8Eg 6:6
Det. 26:8Eg 7:3; Dt 4:33, 34
Det. 26:9Eg 3:8; Dt 8:7, 8; Eze 20:6
Det. 26:10Dt 26:2
Det. 26:11Dt 12:7; 16:14
Det. 26:12Dt 12:5, 6; 14:22
Det. 26:12Dt 14:28, 29; Pw 14:21; 1J 3:17
Det. 26:13Jk 1:27
Det. 26:15Jen 15:18; 26:3
Det. 26:15Eg 23:25
Det. 26:15Dt 8:7, 8
Det. 26:16Dt 6:6; 11:1; Sm 119:34; 1J 5:3
Det. 26:17Le 26:46
Det. 26:17Ekl 12:13
Det. 26:17Le 19:37
Det. 26:18Dt 14:2; 29:10-13
Det. 26:19Dt 4:8
Det. 26:19Dt 7:6; 28:1, 9
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Detewonòm 26:1-19

Detewonòm

26 “Lè nou antre nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou kòm eritaj pa nou an, nou pran l kòm byen pa nou e nou kòmanse abite ladan l, 2 se pou nou chak pran enpe nan premye danre tè a pwodui yo, danre n ap rekòlte nan peyi Jewova, Bondye nou an, ap ban nou an, se pou nou chak mete yo nan yon pànye e se pou nou pote yo kote Jewova, Bondye nou an, ap chwazi pou nou bay non l glwa a+. 3 Lè nou rive, nou chak dwe al kot prèt k ap fè sèvis li nan moman an e n ap di l: ‘Jodi a, mwen vini pou m fè konnen tout sa Jewova, Bondye nou an, te pwomèt nou yo reyalize jan l te di nou an. Mwen antre nan peyi Jewova te fè zansèt nou yo sèman li t ap ban nou an+.’

4 “Lè sa a, prèt la ap pran pànye a nan men nou e l ap depoze l devan lotèl Jewova, Bondye nou an. 5 Apre sa, men sa n ap di devan Jewova, Bondye nou an: ‘Papa m se te yon Arameyen+ ki t ap vwayaje pasipala*. Li te desann ann Ejip+ e li te abite la antanke etranje. Li pa t gen anpil moun avè l+. Pandan l te la, li te vin yon gwo nasyon, yon nasyon ki gen fòs e ki gen anpil moun ladan l+. 6 Men, Ejipsyen yo te maltrete nou, yo te toupizi nou e yo te fè nou travay di kòm esklav+. 7 Konsa, nou te kòmanse rele Jewova, Bondye zansèt nou yo, e Jewova te tande vwa nou, li te wè tray nou, soufrans nou ak mizè nou+. 8 Finalman, Jewova te fè nou kite peyi Ejip ak fòs ponyèt li+. Li te fè yon pakèt aksyon estrawòdinè ki te bay laperèz, yon seri mèvèy ak mirak+. 9 Apre sa, li mennen nou isit la e li ban nou peyi sa a, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+. 10 Se sa k fè mwen pote premye danre sa yo ki sot nan tè Jewova ban mwen an+.’

“Se pou nou depoze premye danre nou yo devan Jewova, Bondye nou an, e se pou nou pwostène byen ba devan Jewova, Bondye nou an. 11 Apre sa, se pou nou rejwi pou tout bon bagay Jewova, Bondye nou an, ban nou ak fanmi nou. Ni Levit yo, ni etranje k ap viv nan mitan nou yo ap rejwi ansanm avèk nou tou+.

12 “Lè nou fin rasanble tout dizyèm+ nan sa nou te rekòlte nan twazyèm ane a, ane dizyèm nan, se pou nou bay Levit yo li ansanm ak etranje k ap viv nan mitan nou yo, timoun ki pa gen papa* yo ak vèv yo. Konsa, y ap manje vant plen anndan vil*+ nou yo. 13 Lè sa a, n ap di Jewova, Bondye nou an: ‘Mwen retire pòsyon ki sakre ki lakay mwen an e mwen bay Levit yo li ansanm ak etranje k ap viv nan mitan nou yo, timoun ki pa gen papa yo ak vèv yo+, jan w te ban m lòd la. Mwen pa dezobeyi kòmandman w yo, ni mwen pa bliye yo. 14 Mwen pa t manje ladan l pandan mwen te nan lapenn, mwen pa t manyen l pandan mwen pa t pwòp, ni mwen pa t bay ladan l pou moun ki mouri. Mwen te koute vwa w, o Jewova, Bondye mwen an, e mwen te fè tout sa w te ban m lòd fè yo. 15 Kounye a, detan w nan syèl la, kote w rete ki sakre a, voye je gade Izrayèl, pèp ou a. Jan w te fè zansèt+ nou yo sèman an, beni pèp ou a ak peyi ou ban nou an+, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule+.’

16 “Jodi a, Jewova, Bondye nou an, mande pou nou obeyi kòmandman ak lòd sa yo. Nou dwe obeyi yo, nou dwe suiv yo ak tout kè nou+ e ak tout nanm* nou. 17 Jodi a, Jewova fè nou konnen l ap vin Bondye nou depi nou kontinye mache nan chemen l yo, nou obeyi lòd li yo+, kòmandman l yo+ ak lwa l yo+, depi nou koute vwa l. 18 Jodi a, nou fè Jewova konnen n ap vin pèp li, byen espesyal+ li*, jan li te pwomèt nou sa a, e n ap obeyi tout kòmandman l yo. 19 Jan Jewova, Bondye nou an, te pwomèt nou sa, l ap mete nou pi wo pase tout lòt nasyon li fè yo+ depi nou montre nou se yon pèp ki apa pou li+. L ap fè nou vin gen gwo repitasyon, l ap fè nou jwenn lwanj ak glwa.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje