Oze
12 “Efrayim met espwa l nan bagay ki pa vo anyen*.
Tout lajounen l ap kouri dèyè van ki sot nan direksyon lès la.
L ap fè manti e l ap fè vyolans san rete.
2 Jewova gen yon kont pou l regle ak Jida+.
L ap pini Jakòb pou fason Jakòb aji,
E l ap fè l peye sa l fè+.
4 Li te kontinye lite ak yon zanj e li te genyen.
Li te kriye e li te sipliye l pou l fè l favè+.”
Bondye te rankontre l Betèl, e se la Bondye te pale avèk nou+.
6 “Kidonk, retounen vin jwenn Bondye nou an+.
Kontinye demontre lanmou ki fidèl e kontinye fè sa ki dwat+,
Epi toujou met espwa nou nan Bondye nou an.
8 Efrayim kontinye ap di: ‘Mwen vin rich toutbon+.
Mwen vin gen anpil richès+,
E nan tout travay di mwen fè yo, yo pap jwenn okenn peche oswa bagay mal mwen fè.’
9 Men, se mwen menm, Jewova, ki Bondye w depi lè w te nan peyi Ejip+.
Mwen pral fè w ret anba tant ankò,
Tankou w te konn fè nan moman fèt yo.
10 Mwen te pale ak pwofèt yo+,
Mwen te ba yo anpil vizyon.
Mwen te sèvi ak pwofèt yo pou m bay yon seri parabòl.
11 Nan Galaad, moun yo te konn twonpe moun*+ e yo te bay manti.
Nan Gilgal, moun yo te fè sakrifis towo bèf+,
E lotèl yo genyen yo tankou pil wòch ki nan jaden yo raboure+.
12 Jakòb te kouri al nan mawon nan tèritwa Aram*+.
Izrayèl+ t al travay pou l gen yon madanm+.
Li te gade mouton pou l te ka gen yon madanm+.