BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 8
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Detewonòm — Sa ki gen nan liv sa a

      • Yo repale sou benediksyon Jewova pwomèt yo (1-9)

        • “Se pa manje sèlman moun bezwen pou yo viv” (3)

      • Pinga nou bliye Jewova (10-20)

Detewonòm 8:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 3:1, 2
  • +Jen 15:18

Detewonòm 8:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 2:7
  • +Eg 16:4; 20:20
  • +Dt 13:3; Pw 17:3

Detewonòm 8:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 16:3
  • +Eg 16:31; Sm 78:24
  • +Mt 4:4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/2/2004, p. 23-24

Detewonòm 8:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 29:5; Ne 9:21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/10/2004, p. 20

Detewonòm 8:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 3:12; 1Ko 11:32; Eb 12:5-7; Re 3:19

Detewonòm 8:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 3:8; Le 26:4; Dt 11:11, 12

Detewonòm 8:8

Nòt anba paj

  • *

    Se yon kalite manje angren.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 13:23
  • +Eze 20:6

Detewonòm 8:9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/12/2013, p. 12-13

Detewonòm 8:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 6:10-12

Detewonòm 8:11

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/1/2006, p. 31

    Lekòl ministè teyokratik, p. 20

Detewonòm 8:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Oz 13:6

Detewonòm 8:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 9:4; 32:15
  • +Sm 106:21

Detewonòm 8:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 1:19; Jr 2:6
  • +Nb 20:11

Detewonòm 8:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 16:35
  • +Dt 8:2
  • +Eb 12:11

Detewonòm 8:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Oz 12:8

Detewonòm 8:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 127:1; Oz 2:8
  • +Dt 7:12

Detewonòm 8:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 4:25, 26; 30:17, 18; Joz 23:12, 13

Detewonòm 8:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 9:11, 12

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Det. 8:1Pw 3:1, 2
Det. 8:1Jen 15:18
Det. 8:2Dt 2:7
Det. 8:2Eg 16:4; 20:20
Det. 8:2Dt 13:3; Pw 17:3
Det. 8:3Eg 16:3
Det. 8:3Eg 16:31; Sm 78:24
Det. 8:3Mt 4:4
Det. 8:4Dt 29:5; Ne 9:21
Det. 8:5Pw 3:12; 1Ko 11:32; Eb 12:5-7; Re 3:19
Det. 8:7Eg 3:8; Le 26:4; Dt 11:11, 12
Det. 8:8Nb 13:23
Det. 8:8Eze 20:6
Det. 8:10Dt 6:10-12
Det. 8:12Oz 13:6
Det. 8:14Dt 9:4; 32:15
Det. 8:14Sm 106:21
Det. 8:15Dt 1:19; Jr 2:6
Det. 8:15Nb 20:11
Det. 8:16Eg 16:35
Det. 8:16Dt 8:2
Det. 8:16Eb 12:11
Det. 8:17Oz 12:8
Det. 8:18Sm 127:1; Oz 2:8
Det. 8:18Dt 7:12
Det. 8:19Dt 4:25, 26; 30:17, 18; Joz 23:12, 13
Det. 8:20Dn 9:11, 12
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Detewonòm 8:1-20

Detewonòm

8 “Nou dwe veye pou nou obeyi chak kòmandman mwen ban nou jodi a pou nou ka kontinye viv+, pou nou ka vin anpil, pou nou ka antre nan peyi Jewova te fè zansèt nou yo sèman l ap ba yo a e pou nou ka pran l kòm byen pa nou+. 2 Sonje wout byen long Jewova, Bondye nou an, te fè nou fè pandan 40 an sa yo nan dezè a+ pou l te ka imilye nou e pou l te ka teste+ nou, yon fason pou l te ka konnen sa ki nan kè nou+, pou l te ka wè si nou t ap obeyi kòmandman l yo oswa si nou pa t ap obeyi yo. 3 Konsa, li te imilye nou, li te kite nou vin grangou+ e li te ban nou lamàn+ pou n manje, yon manje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t konn manje. Se pou l te ka fè nou konnen se pa manje sèlman moun bezwen pou yo viv, men yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Jewova yo tou+. 4 Pandan 40 an sa yo, rad sou nou pa t janm fini, e pye nou pa t janm anfle+. 5 Nou byen konnen nan kè nou se korije Jewova, Bondye nou an, t ap korije nou, menm jan yon papa korije pitit li+.

6 “Se sa k fè, nou dwe obeyi kòmandman Jewova, Bondye nou an, nou dwe mache nan chemen l yo e nou dwe gen lakrentif pou li. 7 Jewova, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bon peyi+, yon peyi ki gen anpil rivyè, ki gen sous dlo ak lòt gwo dlo ki sot anba tè k ap koule nan vale yo ak nan zòn ki gen mòn yo, 8 yon peyi ki gen ble, lòj*, pye rezen, pye fig frans, grenad+, luil doliv ak siwo myèl+, 9 yon peyi ki pa manke manje, kote nou pap manke anyen, yon peyi kote wòch yo gen fè ladan yo, kote n ap jwenn kuiv nan mòn yo.

10 “Lè nou fin manje, lè vant nou fin plen, nou dwe bay Jewova, Bondye nou an, glwa pou bon peyi li ban nou an+. 11 Fè atansyon pou nou pa bliye Jewova, Bondye nou an, e pou nou pa dezobeyi kòmandman l yo, lòd li yo ak lwa l yo m ap ban nou jodi a. 12 Lè nou fin manje, lè vant nou fin plen, lè nou fin bati bèl kay nou e nou abite ladan yo+, 13 lè bèf nou yo ak mouton nou yo vin pi plis, lè nou vin gen plis ajan ak lò, e nou gen tout sa nou bezwen an kantite, 14 pinga nou kite kè nou vin plen ak ògèy+ pou l fè nou bliye Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan esklavaj nan peyi Ejip la+, 15 ki te fè nou mache nan gwo dezè ki bay kè kase a+, ki gen sèpan ki ka anpwazonnen moun e ki gen eskòpyon, yon dezè ki pa gen dlo, kote tè a sèk, kote li te fè dlo soti nan yon wòch silèks+ pou nou 16 e li te ban nou manje lamàn+, yon manje zansèt nou yo pa t konn manje. Li te fè nou sa pou l te ka imilye+ nou e pou l te ka teste nou, yon fason pou tout bagay ka ale byen pou nou pi devan+. 17 Si nou ta di nan kè nou: ‘Se ak kouraj mwen e ak fòs ponyèt mwen mwen fè tout richès sa yo+’, 18 nou dwe sonje se Jewova, Bondye nou an, ki ban nou kapasite pou nou vin rich+. Paske, li respekte alyans li te fè ak zansèt nou yo, jan l montre sa jodi a+.

19 “Si sa ta rive nou bliye Jewova, Bondye nou an, e n al sèvi lòt dye e nou pwostène devan yo, m ap avèti nou jodi a, n ap peri san mank+. 20 N ap peri menm jan ak nasyon Jewova ap detwi devan nou yo, paske lè sa a, n ap montre nou pa koute vwa Jewova, Bondye nou an+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje