Amòs
3 “Koute pawòl sa a Jewova di konsènan tout fanmi li te fè sot nan peyi Ejip la:
2 ‘Se ou menm sèl mwen konnen nan tout nasyon ki sou tè a+.
Se poutèt sa m ap mande w regleman pou tout peche w fè yo+.
3 Èske de moun pral fè yon wout ansanm san yo pa t fè aranjman pou yo rankontre*?
4 Èske yon lyon ap gwonde nan yon forè si pa gen anyen pou l pran?
Èske yon jenn lyon* ap gwonde nan twou l si l pa pran anyen?
5 Èske yon zwazo ap pran nan pèlen ki atè si yo pa tann okenn pyèj pou li*?
Èske yon pèlen ki atè ap pati si pa gen anyen ki pran ladan l?
6 Si yo sonnen yon kòn nan yon vil, èske pèp la pap tranble?
Si gen yon malè ki rive nan vil la, èske se pa Jewova ki fè l rive?
9 ‘Anonse sa nan fòtrès Achdòd yo ki byen pwoteje
Ak nan fòtrès peyi Ejip yo ki byen pwoteje.
Di moun yo: “Rasanble pou n atake mòn Samari yo+,
Epi, gade boulvès ki gen ladan l
Ak piyay k ap fèt anndan l+.
10 Paske, moun sa yo k ap plede fè vyolans e k ap plede fè ravaj nan fòtrès yo genyen ki byen pwoteje yo,
Se moun ki pa konn fè sa ki dwat.” Se sa Jewova di.’
11 Se sa k fè, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di:
‘Gen yon ènmi ki pral sènen peyi a+.
L ap fè w pèdi fòs
E l ap piye fòtrès ou yo ki byen pwoteje+.’
12 Men sa Jewova di:
‘Menm jan bèje a rale de pye oswa moso zòrèy yon mouton nan bouch yon lyon,
Se konsa kèk moun ap chape nan pèp Izrayèl la,
Anpalan de moun ki chita kounye a sou bèl kabann ak bèl divan* nan Samari+.’
13 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, Bondye ki Chèf lame yo, di: ‘Tande, epi avèti moun Jakòb yo.’