Oze
9 “Pinga kè w kontan, o Izrayèl+.
Pinga w montre w kontan menm jan ak pèp yo.
Paske nan lage kò w nan pwostitisyon*, w al lwen Bondye w la+.
Ou renmen sa yo peye pwostitye ki sou tout glasi kote yo konn bat manje angren yo+.
2 Men, kote yo konn bat manje angren yo ak près diven yo pap ba yo manje.
Pap gen bon diven ankò+.
3 Yo pap kontinye ret nan peyi Jewova a ankò+.
Okontrè, Efrayim pral retounen ann Ejip,
E y ap manje bagay ki pa pwòp nan peyi Asiri+.
4 Yo pap vide diven kòm ofrann bay Jewova ankò+.
Sakrifis yo fè yo pap fè l plezi+.
Yo tankou manje moun manje lè yo gen lanmò.
Nenpòt moun ki manje yo ap kontamine tèt li.
Paske se pou yo* sèlman manje sa yo ye.
Yo pap pote yo nan kay Jewova a.
5 Ki sa n ap fè lè jou a rive pou nou reyini*,
Oubyen lè jou a rive pou nou fè yon fèt pou Jewova?
6 Paske, gade! Lè yo vin detwi yo, y ap kouri+.
Moun Ejip yo ap fè yo rasanble+, e moun Menmfis yo ap antere yo+.
Pye pikan yo ap anvayi bagay ki fèt ann ajan yo genyen ki gen anpil valè yo,
E pikan pral pouse nan tant yo.
7 Jou pou yo pini yo a rive+,
Jou pou Bondye ba yo sa yo merite a.
E Izrayèl pral konn sa.
Pwofèt yo a pral vin sòt, e moun lespri bay mesaj la ap fou.
Piske nou fè anpil peche, yo rayi nou anpil.”
8 Moun ki t ap veye+ pou Efrayim nan te avèk Bondye+.
Men, kounye a, pwofèt yo+ tankou pyèj moun k ap chase zwazo tann sou tout wout Efrayim yo.
Gen rayisman nan kay Bondye l la.
9 Yo fin pouri nèt, menm jan sa te rive nan Gibeya a+.
Li pap bliye bagay mal yo fè e l ap pini yo pou peche yo fè+.
10 “Mwen wè Izrayèl tankou rezen ki nan dezè+.
Mwen wè zansèt li yo tankou fig frans ki donnen anvan lè.
Men, yo t al jwenn Baal ki nan Peyò a+.
Yo t ap adore bagay* ki fè moun wont lan+,
Yo vin bay repiyans menm jan ak bagay yo renmen an.
11 Glwa Efrayim vole ale tankou yon zwazo.
Pa gen pèsonn ki fè pitit e pa gen ni fi ki gwo vant, ni fi ki vin ansent+.
12 Menmsi yo ta leve pitit,
M ap touye pitit yo jiskaske pa ret youn ankò+.
Wi, malè pou yo lè m vire do ba yo+!
13 Menm jan ak vil Ti, mwen te wè yo plante Efrayim nan yon savann+.
Kounye a, Efrayim dwe mennen pitit li yo deyò pou yo touye yo.”
14 O Jewova, ba yo sa ou dwe ba yo a.
Ba yo yon vant k ap fè foskouch ak tete ki sèch*.
15 “Se nan Gilgal yo te fè tout bagay mal yo te fè yo+, paske se la mwen te vin rayi yo.
M ap mennen yo lwen kay mwen an akoz bagay mal y ap fè yo+.
Mwen pap renmen yo ankò+.
Tout prens ki lakay yo gen tèt di.
16 Efrayim pral blese+.
L ap tankou yon plant rasin li seche, e li pap bay okenn fwi.
Menmsi yo ta fè pitit, m ap touye pitit yo.”