15 Yon repons ki dous kalme kòlè+,
Men, yon pawòl ki rèd fè moun an kòlè+.
2 Moun ki gen sajès la byen sèvi ak konesans lè l ap pale+,
Men, moun ki sòt la itilize bouch li pou l di pawòl moun sòt.
3 Je Jewova tout kote,
L ap gade ni moun ki mechan ni moun ki bon+.
4 Yon lang ki kalm se yon pyebwa ki bay lavi+,
Men, pawòl kwochi fè moun pèdi espwa.
5 Yon moun ki sòt meprize disiplin papa l ba li+,
Men, moun ki gen lespri a aksepte yo korije l+.
6 Gen anpil bagay ki gen valè lakay moun ki dwat la,
Men, sa mechan yo fè rale malè sou yo+.
7 Bouch moun ki gen sajès la simaye konesans+,
Men, kè moun ki sòt la pa konsa+.
8 Sakrifis moun ki mechan yo bay Jewova degoutans+,
Men, priyè moun ki dwat yo fè l plezi+.
9 Jewova rayi wout mechan yo+,
Men, li renmen moun ki kontinye fè sa ki dwat+.
10 Disiplin sanble yon move bagay pou moun ki kite bon wout la+,
Men, nenpòt moun ki pa renmen yo korije l ap mouri+.
11 Si Jewova wè Tonm nan ak kote mò yo tounen pousyè a+,
Alewè pou kè moun+!
12 Moun k ap pase moun nan rizib la pa renmen moun k ap korije l+,
Li pap mande moun ki gen sajès konsèy+.
13 Lè kè yon moun kontan, sa parèt sou figi l,
Men, lè yon moun gen lapenn, sa fè l dekouraje+.
14 Kè moun ki gen bon konprann nan chèche konesans+,
Men, bouch moun ki sòt la+ pa sispann di pawòl ki san valè.
15 Pa gen yon jou ki bon pou yon moun ki nan lapenn+,
Men, yon moun ki gen kè kontan toujou ap fete+.
16 Pito yon moun pa gen anpil bagay e li gen lakrentif pou Jewova+
Olye l gen anpil richès ansanm ak tètchaje+.
17 Pito yon moun manje yon plat fèy kote ki gen lanmou+
Pase pou l manje yon towo bèf byen gra kote ki gen rayisman+.
18 Moun ki gen gwo san leve diskisyon+,
Men, moun ki pa fè kòlè fasil kalme diskisyon+.
19 Chemen moun ki parese a tankou yon lantouray ki fèt ak pikan+,
Men, chemen moun ki dwat la tankou yon wout ki swa+.
20 Yon pitit ki gen sajès fè kè papa l kontan+,
Men, yon moun ki sòt derespekte manman l+.
21 Yon moun ki pa gen bonsans kontan lè l ap fè aksyon moun sòt+,
Men, moun ki gen bon jijman an mache sou wout ki dwat la+.
22 Kote ki pa gen dyalòg, okenn plan pap mache,
Men, bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy+.
23 Yon moun kontan lè l bay yon bon repons+,
E lè yon moun di yon pawòl nan moman l dwe di l la, se pa ti bon sa bon+!
24 Pou moun ki gen bon konprann nan, chemen lavi a mennen anwo+
Pou anpeche l desann al nan Tonm nan+.
25 Jewova ap kraze kay moun ki gen ògèy yo+,
Men, l ap pwoteje lizyè tè fi ki vèv la+.
26 Jewova rayi plan mechan yo ap fè+,
Men, bèl pawòl moun di parèt pwòp nan je l+.
27 Moun k ap chèche jwenn avantaj nan move kondisyon lage fanmi l nan pwoblèm+,
Men, moun ki rayi kado anba anba ap kontinye viv+.
28 Yon moun ki dwat byen reflechi nan kè l anvan l reponn+,
Men, bouch moun ki mechan yo ap gaye move pawòl.
29 Jewova lwen moun ki mechan yo,
Men, li koute priyè moun ki dwat yo+.
30 Yon moun ki kontan wè w fè kè w kontan.
Yon bon nouvèl bay moun fòs+.
31 Moun ki koute disiplin k ap bay lavi a
Santi l lakay li nan mitan moun ki gen sajès yo+.
32 Yon moun ki pa aksepte disiplin pa bay lavi l valè+,
Men, yon moun ki koute lè y ap korije l ap vin gen bon konprann+.
33 Lakrentif pou Jewova fè yon moun aji avèk sajès+,
E imilite fè moun jwenn glwa+.