BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 8
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Izrayèl mande pou yo gen yon wa (1-9)

      • Samyèl avèti pèp la (10-18)

      • Jewova bay pèp la wa li mande a (19-22)

1 Samyèl 8:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 6:28

1 Samyèl 8:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 18:21
  • +Eg 23:8; Dt 16:19; Sm 15:5; Pw 29:4
  • +Dt 24:17

1 Samyèl 8:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 17:14, 15; 1Sa 12:13; Tr 13:21

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 72-73

1 Samyèl 8:6

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “sa te mal nan je Samyèl”.

1 Samyèl 8:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 8:23; 1Sa 10:19; 12:12; Eza 33:22

1 Samyèl 8:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 9:24
  • +Jj 2:19

1 Samyèl 8:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 10:25
  • +1Sa 14:52
  • +1Wa 9:22; 10:26
  • +1Wa 4:26

1 Samyèl 8:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 18:1; 1Kw 27:1
  • +2Wa 1:14
  • +1Kw 27:26
  • +1Wa 4:7
  • +1Wa 4:26

1 Samyèl 8:13

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “fè pafen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 4:22

1 Samyèl 8:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 27:28, 31

1 Samyèl 8:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 5:15, 16

1 Samyèl 8:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 4:22, 23

1 Samyèl 8:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 12:3, 4

1 Samyèl 8:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 8:7; Oz 13:11

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 8:21Kw 6:28
1 Sam. 8:3Eg 18:21
1 Sam. 8:3Eg 23:8; Dt 16:19; Sm 15:5; Pw 29:4
1 Sam. 8:3Dt 24:17
1 Sam. 8:5Dt 17:14, 15; 1Sa 12:13; Tr 13:21
1 Sam. 8:7Jj 8:23; 1Sa 10:19; 12:12; Eza 33:22
1 Sam. 8:8Dt 9:24
1 Sam. 8:8Jj 2:19
1 Sam. 8:111Sa 10:25
1 Sam. 8:111Sa 14:52
1 Sam. 8:111Wa 9:22; 10:26
1 Sam. 8:111Wa 4:26
1 Sam. 8:122Sa 18:1; 1Kw 27:1
1 Sam. 8:122Wa 1:14
1 Sam. 8:121Kw 27:26
1 Sam. 8:121Wa 4:7
1 Sam. 8:121Wa 4:26
1 Sam. 8:131Wa 4:22
1 Sam. 8:141Kw 27:28, 31
1 Sam. 8:161Wa 5:15, 16
1 Sam. 8:171Wa 4:22, 23
1 Sam. 8:181Wa 12:3, 4
1 Sam. 8:221Sa 8:7; Oz 13:11
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 8:1-22

1 Samyèl

8 Twouve, lè Samyèl te vin granmoun, li te fè pitit gason l yo vin jij ann Izrayèl. 2 Premye pitit gason l lan te rele Jowèl e dezyèm nan te rele Abija+. Yo t ap sèvi kòm jij nan Beyècheba. 3 Men, pitit gason l yo pa t suiv egzanp li. Yo te renmen chèche avantaj nan move kondisyon+, yo te konn aksepte kado anba anba+ e yo te konn fè magouy lè y ap jije+.

4 Rive yon lè, tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la te reyini e yo te vin kot Samyèl nan Rama. 5 Yo te di l: “Kounye a, ou fin granmoun, men, pitit gason w yo pa suiv egzanp ou. Ebyen, chwazi yon wa pou dirije nou e pou vin jij nou, menm jan ak tout lòt nasyon yo+.” 6 Men, sa pa t fè Samyèl plezi* lè yo te di l: “Ban nou yon wa pou vin jij nou.” Lè sa a, Samyèl priye Jewova. 7 Epi, Jewova di l: “Fè tout sa pèp la di w. Paske se pa ou menm yo pa vle, men se mwen menm yo pa vle kòm wa yo+. 8 Yo kontinye aji menm jan yo te konn aji depi lè m te fè yo soti nan peyi Ejip rive jis jodi a. Yo pa sispann vire do ban mwen+ pou y al sèvi lòt dye+, e se sa y ap fè w la a. 9 Kounye a, fè sa yo di w la. Men, ou dwe ba yo avètisman klè sou sa k pral rive yo. Ou dwe fè yo konnen sa wa k ap alatèt yo a ap gen dwa pou l mande yo.”

10 Se konsa, Samyèl te di pèp la ki t ap mande l yon wa tout sa Jewova te di l yo. 11 Li te di yo: “Men sa wa k ap alatèt nou an ap gen dwa pou l fè nou+: L ap pran pitit gason nou yo+ pou kondui charyo l yo+, l ap pran yo pou kondui cheval li yo+ e l ap fè kèk ladan yo kouri devan charyo l yo. 12 Epi, l ap mete kèk ladan yo chèf gwoup ki gen 1 000 moun+ ladan yo ak chèf gwoup ki gen 50 moun+ ladan yo. Gen lòt k ap travay tè pou li+, genyen k ap fè rekòt pou li+ e genyen k ap fè zam pou li pou l fè lagè e k ap fè ekipman pou charyo l yo+. 13 L ap pran pitit fi nou yo pou yo fè luil santi bon* pou li, pou yo kuit manje pou li e pou yo fè pen pou li+. 14 L ap pran pi bon jaden nou yo, pi bon jaden rezen nou yo ak pi bon jaden oliv nou yo+ pou l bay sèvitè l yo. 15 L ap pran yon dizyèm nan rekòt nou fè nan jaden nou yo ak nan jaden rezen nou yo pou l bay moun ki nan gwo pozisyon nan palè l yo e pou l bay sèvitè l yo. 16 Epi, l ap pran sèvitè nou yo, sèvant nou yo ansanm ak pi bon bèt nou genyen yo ak bourik nou yo pou l fè yo fè travay pa l+. 17 L ap pran youn sou chak dis bèt nou gen nan twoupo nou yo+, e n ap travay pou li kòm esklav. 18 Yon jou, nou gen pou n rele akoz wa nou te chwazi a+. Jou sa a, Jewova pap okipe nou.”

19 Men, pèp la te refize koute sa Samyèl te di yo a. Yo te di l: “Non, se yon wa nou vle pou dirije nou. 20 Lè sa a, n ap vin tankou tout lòt nasyon yo, wa nou an ap vin jij nou, l ap dirije nou e l ap fè lagè ak ènmi nou yo.” 21 Apre Samyèl fin tande tout sa pèp la te di, l al di Jewova sa. 22 Jewova di Samyèl: “Fè sa yo di w la. Chwazi yon wa pou dirije yo+.” Epi, Samyèl di mesye ann Izrayèl yo: “Nou chak mèt retounen nan vil nou soti a.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje