BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Dànyèl 8
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Dànyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Vizyon sou mal mouton an ak bouk kabrit la (1-14)

        • Yon ti kòn leve tèt li byen wo (9-12)

        • Pandan 2 300 jou (14)

      • Gabriyèl esplike vizyon an (15-27)

        • Li esplike sa mal mouton an ak bouk kabrit la reprezante (20, 21)

        • Yon wa ki move anpil vin parèt (23-25)

Dànyèl 8:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 5:1, 30
  • +Dn 7:1, 15

Dànyèl 8:2

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “palè; fòtrès”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Ne 1:1; Est 2:8
  • +Jen 10:22; Eza 11:11; 21:2

Dànyèl 8:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 13:17; Jr 51:11; Dn 7:5; 8:20
  • +Est 1:1, 3
  • +Eza 44:28

Dànyèl 8:4

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “anba men l”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 45:1; Jr 51:12; Dn 5:30, 31

Dànyèl 8:5

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nan direksyon solèy kouche”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 2:39; 7:6; 8:21
  • +Dn 11:3

Dànyèl 8:7

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “anba men l”.

Dànyèl 8:8

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “kat van ki sot nan syèl la”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 8:22; 11:4

Dànyèl 8:9

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nan direksyon solèy leve”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 48:2; Dn 11:16, 45

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/9/2007, p. 21

Dànyèl 8:10

Nòt anba paj

  • *

    “Lame ki nan syèl la” ka gen rapò ak bagay ki nan syèl la oswa ak zanj yo.

Dànyèl 8:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sakrifis yo kontinye fè a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 11:31; 12:11

Dànyèl 8:12

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sakrifis yo kontinye fè a”.

Dànyèl 8:13

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sakrifis yo kontinye fè a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 12:11

Dànyèl 8:14

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “2 300 aswè ak maten”.

Dànyèl 8:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 8:2
  • +Lk 1:19, 26
  • +Dn 9:21, 22

Dànyèl 8:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 10:14; 12:4, 9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon, 9/2017, p. 2

Dànyèl 8:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 10:9, 10

Dànyèl 8:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 11:27

Dànyèl 8:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 7:5; 8:3; 11:2

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/6/2012, p. 10

Dànyèl 8:21

Nòt anba paj

  • *

    Nan lang ebre a, yo di: “wa Javan an”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 7:6
  • +Dn 8:5; 11:3

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/6/2012, p. 10

    Konesans, p. 18

Dànyèl 8:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 8:8; 11:4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/6/2012, p. 10

    Konesans, p. 18

Dànyèl 8:23

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “moun k ap fè peche yo rive nan limit yo”.

  • *

    Oswa: “L ap maton nan fè mannigans”.

Dànyèl 8:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 7:25; 8:10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/6/2012, p. 16

Dànyèl 8:25

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “Epi, san avèti”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/9/2007, p. 21

Dànyèl 8:26

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “sou aswè ak maten”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 10:14

Dànyèl 8:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dn 7:28; 10:16
  • +Dn 2:48, 49
  • +Dn 8:17

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Dàn. 8:1Dn 5:1, 30
Dàn. 8:1Dn 7:1, 15
Dàn. 8:2Ne 1:1; Est 2:8
Dàn. 8:2Jen 10:22; Eza 11:11; 21:2
Dàn. 8:3Eza 13:17; Jr 51:11; Dn 7:5; 8:20
Dàn. 8:3Est 1:1, 3
Dàn. 8:3Eza 44:28
Dàn. 8:4Eza 45:1; Jr 51:12; Dn 5:30, 31
Dàn. 8:5Dn 2:39; 7:6; 8:21
Dàn. 8:5Dn 11:3
Dàn. 8:8Dn 8:22; 11:4
Dàn. 8:9Sm 48:2; Dn 11:16, 45
Dàn. 8:11Dn 11:31; 12:11
Dàn. 8:13Dn 12:11
Dàn. 8:16Dn 8:2
Dàn. 8:16Lk 1:19, 26
Dàn. 8:16Dn 9:21, 22
Dàn. 8:17Dn 10:14; 12:4, 9
Dàn. 8:18Dn 10:9, 10
Dàn. 8:19Dn 11:27
Dàn. 8:20Dn 7:5; 8:3; 11:2
Dàn. 8:21Dn 7:6
Dàn. 8:21Dn 8:5; 11:3
Dàn. 8:22Dn 8:8; 11:4
Dàn. 8:24Dn 7:25; 8:10
Dàn. 8:26Dn 10:14
Dàn. 8:27Dn 7:28; 10:16
Dàn. 8:27Dn 2:48, 49
Dàn. 8:27Dn 8:17
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Dànyèl 8:1-27

Dànyèl

8 Nan twazyèm ane rèy wa Bèlchaza a+, mwen menm, Dànyèl, mwen te fè yon lòt vizyon apre vizyon mwen te deja fè a+. 2 Pandan m t ap fè vizyon an, mwen te nan sitadèl* Souz la+, nan tèritwa Elam+. Nan vizyon an, mwen te wè m toupre kanal dlo ki nan Oulayi a. 3 Pandan m leve je m, mwen wè yon mal mouton+ ki kanpe devan kanal dlo a. Li te gen de kòn+. De kòn yo te wo, men youn te pi wo pase lòt, e sa k te pi wo a te parèt apre+. 4 Mwen te wè mal mouton an k ap voye kout kòn nan direksyon lwès, nan direksyon nò ak nan direksyon sid. Pa t gen bèt nan bwa ki te ka kanpe devan l e pa t gen moun ki te ka delivre pèsonn anba l*+. Li te fè sa l vle e li t ap met tèt li byen wo.

5 Pandan m te kontinye ap gade, mwen te wè yon bouk kabrit+ k ap sot nan direksyon lwès*. Li te travèse tout tè a tèlman vit, pye l pa t touche tè. Li te gen yon kòn ki te parèt byen klè ant de je l+. 6 Li t ap vin sou mal mouton ki gen de kòn mwen te wè ki kanpe devan kanal dlo a. Li t ap kouri sou li byen move.

7 Mwen te wè l pwoche toupre mal mouton an, e li te move sou li anpil. Li te lage mal mouton an atè, li kase de kòn li yo, e mal mouton an pa t gen fòs pou l kanpe devan l. Li te frape mal mouton an atè, epi li pilonnen l anba pye l. Pa t gen pèsonn ki te ka delivre mal mouton an anba l*.

8 Apre sa, bouk kabrit la met tèt li wo depase limit. Men, lè l te vin gen anpil fòs, gwo kòn nan te kase. Epi, kat kòn te parèt byen klè nan plas li, yo te bay nan direksyon kat kwen tè a*+.

9 Te gen yon kòn ki te pouse sot nan youn nan kòn yo, se te yon ti kòn. Li te kontinye grandi anpil, li te bay nan direksyon sid, nan direksyon lès* e nan direksyon Bèl Peyi a+. 10 Li te tèlman grandi, li te rive jis nan lame ki nan syèl la* e li te fè yon pati nan lame a ak kèk nan zetwal yo tonbe atè, epi li pilonnen yo anba pye l. 11 Li te leve tèt li byen wo, li te menm rive atake Chèf ki alatèt lame a, e li te retire sakrifis yo fè chak jou a* nan men Chèf ki alatèt lame a, epi li kraze kote li te genyen ki sakre a+. 12 Akoz peche moun yo, yo te livre yon lame ansanm ak sakrifis yo konn fè chak jou yo* ba li. Li te kontinye voye laverite jete atè. Epi, li te rive fè sa l vle.

13 Apre sa, mwen te tande yon zanj k ap pale, e gen yon lòt zanj ki te di sa k ap pale a: “Pandan konbyen tan sa ki te nan vizyon ki gen rapò ak sakrifis yo konn fè chak jou yo* ansanm ak peche ki lakòz ravaj la ap kontinye fèt+, pou fè kote ki sakre a ak lame a tounen bagay y ap pilonnen anba pye?” 14 Li di m: “Pandan 2 300 jou*, e san mank, kote ki sakre a ap retounen vin jan l dwe ye a.”

15 Mwen menm, Dànyèl, pandan m t ap fè vizyon an e mwen t ap chèche konprann sa l vle di, bridsoukou mwen te wè yon moun ki sanble ak yon gason vin kanpe devan m. 16 Epi, mwen tande vwa yon moun nan mitan kanal dlo Oulayi a ki di byen fò+: “Gabriyèl+, esplike misye sa l te wè a+.” 17 Se konsa, li te pwoche kote m te kanpe a, men lè l rive kote m, mwen te tèlman pè, mwen te lage kò m fas atè. Li di m: “Ou menm, pitit lòm, se pou w konprann sa, vizyon an ap reyalize nan tan lafen an+.” 18 Men, pandan l t ap pale avè m, e m te fas atè, gen yon gwo dòmi ki te pran m. Se konsa, li touche m, li fè m kanpe kote m te kanpe a+. 19 Epi, li di: “M ap fè w konn sa k pral rive nan dènye moman kòlè Bondye a, paske vizyon an ap reyalize nan tan lafen an, nan tan ki fikse pou sa a+.

20 “Mal mouton ki gen de kòn ou te wè a reprezante wa peyi Medi a ak wa peyi Pès la+. 21 Bouk kabrit ki chaje plim sou li a reprezante wa peyi Lagrès la*+. Epi, gwo kòn ki te ant je l yo reprezante premye wa a+. 22 Kanta pou kòn ki te kase a, e kat kòn te pouse nan plas li a+, gen kat wayòm k ap soti nan nasyon l lan, men yo pap gen menm pisans avè l.

23 “Epi, nan dènye moman rèy yo a, lè moun k ap fè peche yo fin fè règ peche yo*, gen yon wa ki move anpil k ap parèt. L ap konprann pawòl ki difisil pou moun konprann*. 24 L ap vin gen anpil pouvwa, men se pa ak pwòp fòs pa l. L ap fè ravaj yon fason ki terib, e san mank, l ap reyisi nan tout sa l ap fè. L ap detwi ni moun ki vanyan, ni moun nan pèp ki sen an+. 25 L ap aji avèk riz e l ap reyisi twonpe anpil moun. Nan kè l, l ap met tèt li byen wo. Epi, pandan moun yo santi yo an sekirite*, l ap detwi anpil moun. L ap menm leve kont Chèf tout chèf yo, men y ap kraze l san se pa men yon moun ki fè sa.

26 “Sa yo te di sou jou* yo nan vizyon an se laverite. Men, ou dwe kenbe vizyon an sekrè, paske li poko prèt pou l reyalize+.”

27 Mwen menm, Dànyèl, mwen te vin faya e mwen te fè kèk jou malad+. Apre sa, mwen te leve e mwen t al fè travay wa a+. Men, sa m te wè a te fè m pa t ka di anyen, e pèsonn pa t ka konprann li+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje