Yon chante pou moun k ap monte yo.
134 Fè louwanj pou Jewova,
Nou tout k ap sèvi Jewova+,
Nou tout k ap fè sèvis nou nan kay Jewova a lannuit+.
2 Lè n ap leve men+ nou pou nou priye, se pou nou sen.
Se pou nou fè louwanj pou Jewova.
3 Se pou Jewova, Sila a ki fè syèl la ak tè a,
Beni nou detan l Siyon.