Sòm
Yon chante pou moun k ap monte yo.
126 Lè Jewova te fè moun ki te ann egzil yo tounen Siyon+,
Nou te panse se reve nou t ap reve.
2 Lè sa a, nou te ri san rete
E nou te rele byen fò ak kè kontan+.
Lè sa a, moun nan nasyon yo te di:
“Jewova fè gwo bagay pou yo+.”
3 Wi, Jewova fè gwo bagay pou nou+.
Se sa k fè kè nou kontan anpil.
4 O Jewova, fè moun pa nou yo ki ann egzil yo retounen,
Menm jan ak dlo lapli ki plen rivyè nan Negèb yo*.
5 Moun ki simen semans li ak dlo nan je,
L ap rele byen fò ak kè kontan lè l ap rekòlte.