Jonas
3 Epi, yon dezyèm fwa, Jewova di Jonas+: 2 “Leve! Al Niniv+, gwo vil la, pou w al anonse mesaj mwen ba ou a.”
3 Konsa, Jonas te koute sa Jewova te di l la+, li leve, l al Niniv+. Men, Niniv se te yon vil ki gwo anpil*. Yon moun te ka fè twa jou ap mache pou l fè wonn li. 4 Epi, Jonas antre nan vil la, li te fè yon jou ap mache, e men mesaj li t ap anonse: “Nan 40 jou ankò, Niniv pral detwi.”
5 Men, mesye Niniv yo te vin kwè nan Bondye+, yo te mande tout moun pou yo fè jèn*, rich kou pòv, granmoun kou timoun, e moun yo te met rad sak sou yo. 6 Lè mesaj la rive jwenn wa Niniv la, li leve sou twòn li an, li retire rad wa ki te sou li a, li met rad sak sou li, epi li chita nan sann. 7 Mete sou sa, li voye mesaj bay tout moun nan Niniv, li voye di yo:
“Men dekrè wa a ansanm ak moun li met nan gwo pozisyon yo bay: Ni moun ni bèt, bèf kou mouton, pa dwe manje anyen ditou. Yo pa dwe manje e yo pa dwe bwè dlo. 8 Se pou yo gen rad sak sou yo, kit se moun, kit se bèt. Epi, se pou moun yo rele Bondye ak tout kè yo, se pou yo kite move chemen yo pran yo e se pou yo sispann fè mechanste. 9 Sa k pou di si vrè Dye a pap regrèt sa l te gen entansyon fè a e si l pap sispann an kòlè anpil kont nou, pou n pa peri?”
10 Lè vrè Dye a te wè sa yo te fè a, jan yo te kite move chemen yo te pran yo+, li te chanje lide konsènan* malè li te di l ap lage sou yo a, e li pa t lage malè a sou yo+.