BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Kwonik 24
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Rèy Jewowas la (1-3)

      • Jewowas repare tanp lan (4-14)

      • Jewowas vin aposta (15-22)

      • Yo asasinen Jewowas (23-27)

2 Kwonik 24:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 11:21
  • +Jen 21:14; 2Sa 3:10; 2Wa 12:1

2 Kwonik 24:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 12:2

2 Kwonik 24:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 22:3-5

2 Kwonik 24:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 12:4, 5; 2Kw 29:1, 3; 34:9, 10
  • +2Wa 12:6

2 Kwonik 24:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 12:7
  • +Eg 30:12-16
  • +Nb 1:50

2 Kwonik 24:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 22:2, 3
  • +2Kw 28:24

2 Kwonik 24:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mk 12:41
  • +2Wa 12:9

2 Kwonik 24:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 30:12-16; Ne 10:32; Mt 17:24

2 Kwonik 24:10

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “jiskaske tout moun te fin bay kòb pa yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 29:9

2 Kwonik 24:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 12:10

2 Kwonik 24:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 12:11, 12; 2Kw 34:10, 11

2 Kwonik 24:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 37:16; Nb 7:84
  • +Nb 28:3

2 Kwonik 24:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 2:10
  • +2Kw 23:1

2 Kwonik 24:18

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

2 Kwonik 24:19

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “te kontinye bay temwayaj kont”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 17:13, 14; 2Kw 36:15, 16; Jr 7:25, 26

2 Kwonik 24:20

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “te vlope”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 23:11
  • +Dt 29:24, 25; 1Kw 28:9; 2Kw 15:2

2 Kwonik 24:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 11:19
  • +Mt 23:35; Lk 11:51

2 Kwonik 24:22

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de papa Zakari.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 9:5; Sm 94:1; Jr 11:20; Eb 10:30

2 Kwonik 24:23

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Lè ane a chanje”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 12:17
  • +2Kw 24:17, 18

2 Kwonik 24:24

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de moun Siri yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:17, 37; Dt 32:30

2 Kwonik 24:25

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “te gen anpil maladi”.

  • *

    Oswa: “pitit gason prèt Jewoyada a”. Petèt yo mete ekspresyon sa a nan fòm pliryèl pou yo ka montre jan l se yon moun enpòtan.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 24:20, 21
  • +2Wa 12:20
  • +2Sa 5:9; 1Wa 2:10
  • +2Kw 21:16, 20; 28:27

2 Kwonik 24:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 12:21

2 Kwonik 24:27

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nan esplikasyon; nan kòmantè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 24:20
  • +2Kw 24:13

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Kwo. 24:12Wa 11:21
2 Kwo. 24:1Jen 21:14; 2Sa 3:10; 2Wa 12:1
2 Kwo. 24:22Wa 12:2
2 Kwo. 24:42Wa 22:3-5
2 Kwo. 24:52Wa 12:4, 5; 2Kw 29:1, 3; 34:9, 10
2 Kwo. 24:52Wa 12:6
2 Kwo. 24:62Wa 12:7
2 Kwo. 24:6Eg 30:12-16
2 Kwo. 24:6Nb 1:50
2 Kwo. 24:72Kw 22:2, 3
2 Kwo. 24:72Kw 28:24
2 Kwo. 24:8Mk 12:41
2 Kwo. 24:82Wa 12:9
2 Kwo. 24:9Eg 30:12-16; Ne 10:32; Mt 17:24
2 Kwo. 24:101Kw 29:9
2 Kwo. 24:112Wa 12:10
2 Kwo. 24:122Wa 12:11, 12; 2Kw 34:10, 11
2 Kwo. 24:14Eg 37:16; Nb 7:84
2 Kwo. 24:14Nb 28:3
2 Kwo. 24:161Wa 2:10
2 Kwo. 24:162Kw 23:1
2 Kwo. 24:192Wa 17:13, 14; 2Kw 36:15, 16; Jr 7:25, 26
2 Kwo. 24:202Kw 23:11
2 Kwo. 24:20Dt 29:24, 25; 1Kw 28:9; 2Kw 15:2
2 Kwo. 24:21Jr 11:19
2 Kwo. 24:21Mt 23:35; Lk 11:51
2 Kwo. 24:22Jen 9:5; Sm 94:1; Jr 11:20; Eb 10:30
2 Kwo. 24:232Wa 12:17
2 Kwo. 24:232Kw 24:17, 18
2 Kwo. 24:24Le 26:17, 37; Dt 32:30
2 Kwo. 24:252Kw 24:20, 21
2 Kwo. 24:252Wa 12:20
2 Kwo. 24:252Sa 5:9; 1Wa 2:10
2 Kwo. 24:252Kw 21:16, 20; 28:27
2 Kwo. 24:262Wa 12:21
2 Kwo. 24:272Kw 24:20
2 Kwo. 24:272Kw 24:13
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Kwonik 24:1-27

2 Kwonik

24 Jewowas te gen setan lè l te vin wa+ e li te dirije pandan 40 an detan l Jerizalèm. Manman l te rele Zibya e se te moun Beyècheba+. 2 Jewowas te kontinye fè sa ki dwat nan je Jewova pandan tout tan Jewoyada, prèt la, te vivan+. 3 Jewoyada te chwazi de madanm pou li e li te vin gen plizyè pitit gason ak pitit fi.

4 Rive yon lè, Jewowas te vin anvi repare kay Jewova a+. 5 Se sa k fè, li te rasanble prèt yo ak Levit yo epi li di yo: “Soti al nan vil Jida yo epi ranmase lajan nan men tout moun ann Izrayèl yo pou nou ka repare kay Bondye nou an+ ane apre ane. Se pou nou aji vit.” Men, Levit yo pa t aji vit+. 6 Lè sa a, wa a rele Jewoyada, prèt an chèf la, epi li di l+: “Poukisa w pa t fè Levit yo ranmase taks ki pou Bondye a nan men moun Jida ak moun Jerizalèm yo, taks Moyiz+, sèvitè Jewova a, te mande pou moun Izrayèl yo bay pou tant ki gen lach alyans lan anndan l lan+? 7 Paske, pitit fanm ki mechan ki te rele Atali a+ antre nan kay vrè Dye a+ e yo pran bagay sakre ki nan kay Jewova a pou yo fè sèvis pou Baal yo.” 8 Apre sa, sou lòd wa a, yo fè yon gwo bwat+ epi yo mete l deyò, bò pòtay kay Jewova a+. 9 Apre sa, yo fè tout moun nan Jida ak nan Jerizalèm yo konnen yo dwe pote taks ki apa pou Jewova a+, taks Moyiz, sèvitè vrè Dye a, te mande pèp Izrayèl la bay lè yo te nan dezè a. 10 Tout chèf yo ak tout moun nan pèp la te kontan anpil+ e yo te kontinye pote kòb met nan bwat la jiskaske bwat la te plen*.

11 Chak fwa Levit yo te pran bwat la pou yo pote l bay wa a, chak fwa yo te konn wè gen anpil lajan ladan l, sekretè wa a ansanm ak adjwen prèt an chèf la te konn vini epi yo pran lajan an nan bwat la+, apre sa, yo konn remete bwat la nan plas li. Yo te konn fè sa chak jou. Yo te konn ranmase anpil lajan. 12 Apre sa, wa a ak Jewoyada te bay moun k ap sipèvize travay k ap fèt nan kay Jewova a kòb la. Yo menm, yo te peye moun ki konn taye wòch ak atizan pou yo fè reparasyon nan kay Jewova a+ e yo te peye moun ki konn travay ak fè ak kuiv tou pou yo fè reparasyon nan kay Jewova a. 13 Moun k ap sipèvize travay la te kòmanse ak travay reparasyon an e travay la t ap mache byen anba sipèvizyon yo. Yo te fè kay vrè Dye a vin jan l te ye anvan an e yo te ranfòse l. 14 Apre sa, kou travay la fini, yo pote rès kòb la tounen bay wa a ak Jewoyada. Yo te itilize rès kòb sa a pou yo fè veso met nan kay Jewova a, veso pou sèvis ki t ap fèt nan kay la, veso pou ofrann yo, koup, veso ki fèt annò e ki fèt ann ajan+. Pandan tout tan Jewoyada te vivan an, regilyèman, pèp la te konn ofri sakrifis yo boule nèt+ nan kay Jewova a.

15 Lè Jewoyada te mouri, li te gen 130 an, li te fin granmoun e li te satisfè ak kantite ane li te viv la. 16 Yo te antere l nan Vil David la bò kote wa yo+ paske li te fè anpil bon bagay ann Izrayèl+ pou vrè Dye a e pou kay Li a.

17 Apre Jewoyada fin mouri, moun ki te chèf nan Jida yo te vin kot wa a e yo te pwostène devan l. Wa a te koute yo e li te fè sa yo te di l yo. 18 Apre sa, pèp la te abandone kay Jewova, Bondye zansèt yo, e yo te kòmanse adore poto sakre ki fèt an bwa yo* ak zidòl yo. Bondye te fache anpil kont moun Jida ak moun Jerizalèm yo akoz peche yo t ap fè yo. 19 Jewova te kontinye voye pwofèt nan mitan yo pou l te ka rale yo tounen vin jwenn li. Pwofèt yo te kontinye avèti* yo, men yo pa t koute yo+.

20 Lespri Bondye te desann sou* Zakari, pitit gason Jewoyada+, prèt la. Zakari te kanpe devan pèp la e li te di: “Men sa vrè Dye a di: ‘Poukisa nou pa obeyi kòmandman Jewova yo? Nou pap reyisi! Kòm nou vire do bay Jewova, li menm bò kote pa l, l ap lage nou+.’” 21 Men, yo te fè konplo sou do l+, e sou lòd wa a, yo te kalonnen l ak kout wòch nan lakou kay Jewova a jiskaske l mouri+. 22 Konsa, wa Jewowas te montre li pa t sonje jan papa l* te montre yon lanmou ki fidèl pou li. Li te touye pitit li a. Pandan Zakari t ap mouri, li te di: “Se pou Jewova fè w peye pou aksyon w yo+.”

23 Nan kòmansman ane a*, lame moun Siri yo te atake Jewowas, yo te anvayi Jida ak Jerizalèm+. Yo te touye tout chèf ki nan pèp la+ e yo te voye tout sa yo te pran yo bay wa Damas la. 24 Malgre lame moun Siri yo pa t anpil, Jewova te lage yon gwo lame nan men yo+, paske moun Jida ak moun Jerizalèm yo te vire do bay Jewova, Bondye zansèt yo. Se sa k fè yo* te pini Jewowas. 25 Lè lame moun Siri yo te ale, Jewowas te blese grav*, e pwòp sèvitè l yo te fè konplo sou do l poutèt li te touye pitit gason prèt Jewoyada yo*+. Yo te touye l nan pwòp kabann li+. Apre sa, yo antere l nan Vil David la+, men, yo pa t antere l kote yo konn antere wa yo+.

26 Men non moun ki te fè konplo sou do l yo+: Zabad, pitit gason Chimeyat, yon fi ki desandan Amon, ak Jozabad, pitit gason Chimrit, yon fi ki moun Mowab. 27 N ap jwenn enfòmasyon konsènan pitit gason Jewowas yo, konsènan mesaj yo te bay kont li yo+, e konsènan reparasyon ki te fèt nan kay vrè Dye a+, nan pawòl yo ekri* sou Liv wa yo. Apre sa, Amatsya, pitit gason l, vin wa nan plas li.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje