Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou gitit*. Yon chante David te ekri.
8 O Jewova, Seyè nou an, se pa ti glwa non w genyen sou tout tè a!
2 Ou sèvi ak pawòl ki sot nan bouch timoun piti ak tibebe+
Pou w montre advèsè w yo fòs ou,
Pou w fèmen bouch ènmi an ak moun k ap tire revanj lan.
4 Ki sa lòm ye pou w ap sonje l,
E ki sa pitit lòm ye pou w ap pran swen l+?
6 Ou ba l pouvwa sou bagay ou fè ak men w yo+.
Ou mete tout bagay anba pye l:
7 Tout mouton ak kabrit, tout bèf
8 Zwazo ki nan syèl la ak pwason ki nan lanmè,
Ak kèlkeswa sa k ap naje nan lanmè.
9 O Jewova, Seyè nou an, se pa ti glwa non w genyen sou tout tè a!