Sòm
71 O Jewova, se bò kote w mwen vin chèche pwoteksyon.
Pa janm kite m wont+.
3 Se pou w tounen yon fòtrès pou mwen, yon fòtrès ki sou yon mas wòch,
Kote m ka toujou al kache.
Bay lòd pou yo sove m
Paske ou se mas wòch mwen, ou se fòtrès mwen+.
4 O Bondye m nan, sove m anba men mechan yo+,
Sove m anba men move moun k ap toupizi lòt moun yo.
5 Paske, se ou menm ki tout espwa m, o Jewova, Seyè ki Souvren an,
Mwen gen konfyans nan ou depi lè m jèn+.
6 Depi lè m fèt m ap konte sou ou.
Se ou menm ki te fè m soti nan vant manman m+.
Mwen toujou ap fè louwanj pou ou.
7 Pou anpil moun, sa ki rive m nan se yon mirak,
Men, ou se yon refij pou mwen, yon refij ki solid.
8 Se tout lajounen bouch mwen
Ap fè louwanj pou ou+ e l ap pale de glwa w.
10 Paske, ènmi m yo ap pale m mal,
E moun k ap chèche touye m* yo met tèt yo ansanm+,
11 Y ap di: “Bondye lage l.
Annou kouri dèyè l, ann met men sou li paske pa gen moun k ap sove l+.”
12 O Bondye, pa rete lwen m.
O Bondye m nan, fè vit vin ede m+.
13 Se pou moun ki kont mwen* yo
Vin wont e se pou yo peri+.
Se pou moun ki vle malè pou mwen yo
Vin wont, se pou yo jwenn imilyasyon+.
14 Kanta pou mwen, m ap kontinye ret tann ou,
M ap louwe w plis toujou.
15 M ap sèvi ak bouch mwen pou m fè konnen jan ou jis+.
Tout lajounen, m ap fè moun konnen aksyon w fè pou w bay delivrans yo,
16 M ap vini e m ap fè konnen gwo aksyon w fè yo,
O Jewova, Seyè ki Souvren an.
M ap fè konnen jan ou jis. Se de jistis ou sèlman m ap pale.
17 O Bondye, w ap anseye m depi lè m te jèn+,
E jis kounye a mwen kontinye fè konnen gwo aksyon w fè yo+.
18 Menm lè m vin granmoun e cheve m vin blan, o Bondye, pa lage m+,
Kite m fè jenerasyon k ap vini an konnen pouvwa* w,
E kite m fè tout moun k ap vini yo konnen pisans ou+.
20 Menmsi w te kite m soufri anpil e w te kite malè rive m+,
Ban mwen fòs ankò,
21 Fè m vin gen plis diyite,
Pwoteje m ankò e konsole m ankò.