BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 10
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Bondye chwazi Sayil kòm wa (1-16)

      • Samyèl prezante Sayil bay pèp la (17-27)

1 Samyèl 10:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 16:13; 2Wa 9:2, 3
  • +1Sa 9:16; Tr 13:21
  • +Eg 19:5; Dt 32:9

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 73

1 Samyèl 10:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 35:19
  • +1Sa 9:3, 5

1 Samyèl 10:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 28:19, 22

1 Samyèl 10:5

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

1 Samyèl 10:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 11:25
  • +1Sa 10:10

1 Samyèl 10:8

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ofrann lapè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 7:15, 16; 11:14

1 Samyèl 10:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 14:5, 6; 1Sa 11:6; 16:13
  • +1Sa 10:6; 19:23

1 Samyèl 10:12

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon pwovèb”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 19:24

1 Samyèl 10:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 9:3

1 Samyèl 10:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 7:5

1 Samyèl 10:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 13:14; Dt 4:34

1 Samyèl 10:19

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pa gwoup mil moun nou genyen yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 8:7; 12:12

1 Samyèl 10:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 7:16-18; Tr 1:24
  • +1Sa 9:21

1 Samyèl 10:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Tr 13:21

1 Samyèl 10:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 1:1; 20:18, 28; 1Sa 23:2

1 Samyèl 10:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 9:2

1 Samyèl 10:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 17:14, 15; 1Sa 9:17

1 Samyèl 10:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 8:11-18

1 Samyèl 10:27

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Epi, li te tankou yon moun ki pa ka pale”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 11:12
  • +1Wa 10:1, 10; 2Kw 17:5

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 10:11Sa 16:13; 2Wa 9:2, 3
1 Sam. 10:11Sa 9:16; Tr 13:21
1 Sam. 10:1Eg 19:5; Dt 32:9
1 Sam. 10:2Jen 35:19
1 Sam. 10:21Sa 9:3, 5
1 Sam. 10:3Jen 28:19, 22
1 Sam. 10:6Nb 11:25
1 Sam. 10:61Sa 10:10
1 Sam. 10:81Sa 7:15, 16; 11:14
1 Sam. 10:10Jj 14:5, 6; 1Sa 11:6; 16:13
1 Sam. 10:101Sa 10:6; 19:23
1 Sam. 10:121Sa 19:24
1 Sam. 10:141Sa 9:3
1 Sam. 10:171Sa 7:5
1 Sam. 10:18Eg 13:14; Dt 4:34
1 Sam. 10:191Sa 8:7; 12:12
1 Sam. 10:20Joz 7:16-18; Tr 1:24
1 Sam. 10:201Sa 9:21
1 Sam. 10:21Tr 13:21
1 Sam. 10:22Jj 1:1; 20:18, 28; 1Sa 23:2
1 Sam. 10:231Sa 9:2
1 Sam. 10:24Dt 17:14, 15; 1Sa 9:17
1 Sam. 10:251Sa 8:11-18
1 Sam. 10:271Sa 11:12
1 Sam. 10:271Wa 10:1, 10; 2Kw 17:5
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 10:1-27

1 Samyèl

10 Apre sa, Samyèl pran ti bidon luil la, li vide luil sou tèt Sayil+, li bo l e li di l: “Èske se pa Jewova ki chwazi w kòm chèf+ pèp li a+? 2 Lè w kite m jodi a, w ap rankontre ak de mesye toupre tonm Rachèl la+, nan tèritwa tribi Benjamen an, nan Sèlza, y ap di w: ‘Yo jwenn bourik ou t al chèche yo, men, papa w pa bay tèt li pwoblèm pou bourik yo ankò+, se pou ou l ap bay tèt li pwoblèm. Li di: “Apa pitit gason m nan pa retounen! Ki sa pou m fè kounye a?”’ 3 Kontinye ale jiskaske w jwenn gwo pyebwa ki nan Tabò a. La a, w ap rankontre twa mesye k ap monte Betèl pou y al adore vrè Dye a+. Youn ak twa ti kabrit, yon lòt pote twa pen, e gen yon lòt ki pote yon gwo bidon diven. 4 Y ap salye w, y ap ba w de pen e ou dwe aksepte yo nan men yo. 5 Apre sa, w ap monte ti mòn vrè Dye a, kote ki gen yon gwoup sòlda ki moun Filisti. Lè w rive nan vil la, w ap rankontre yon gwoup pwofèt ki soti kote ki wo yo konn fè adorasyon an, gen moun k ap jwe enstriman mizik ki gen kòd, y ap bat tanbouren, y ap jwe flit ak hap* devan yo, toutpandan pwofèt yo ap anonse pwofesi. 6 Lespri Jewova ap desann sou ou+, w ap anonse pwofesi ansanm ak yo e w ap vin yon lòt moun+. 7 Lè tout bagay sa yo reyalize, fè tout sa w ka fè, paske vrè Dye a avè w. 8 Apre sa, pran devan m, desann Gilgal+. Mwen menm m ap desann vin jwenn ou la pou m ofri sakrifis y ap boule nèt yo ak sakrifis kominyon* yo. Ou dwe ret tann sèt jou lòtbò a jiskaske m vin jwenn ou. Lè sa a, m ap di w sa pou w fè.”

9 Kou Sayil fin vire kite Samyèl, Bondye te kòmanse chanje kè l, li fè l vin yon lòt moun. Tout siy sa yo te reyalize jou sa a. 10 Se konsa yo kite zòn nan y al sou ti mòn nan e yon gwoup pwofèt te rankontre l. Menm kote a, lespri Bondye desann sou li+ e li te kòmanse anonse pwofesi+ nan mitan yo. 11 Lè tout moun ki te rekonèt li yo wè l ap anonse pwofesi ansanm ak pwofèt yo, youn di lòt: “Sa k rive pitit gason Kich la la a? Èske Sayil se youn nan pwofèt yo tou?” 12 Epi, gen yon mesye nan zòn nan ki di: “Men, e lòt pwofèt sa yo, kiyès ki papa yo?” Se sa k fè te vin gen yon pawòl* ki di: “Èske Sayil se youn nan pwofèt yo tou+?”

13 Lè l fin anonse kèk pwofesi, l al kote ki wo yo konn fè adorasyon an. 14 Annapre, frè papa Sayil la di Sayil ak sèvitè l la: “Ki kote nou t ale?” Sayil reponn: “Nou t al chèche bourik yo+, men nou pa jwenn yo, se sa k fè nou t al kot Samyèl.” 15 Tonton Sayil la mande l: “Tanpri, di m non, ki sa Samyèl di w?” 16 Sayil di tonton l lan: “Li di nou yo gentan jwenn bourik yo.” Men, Sayil pa di l si Samyèl te di l l ap vin wa.

17 Samyèl te fè tout pèp la rasanble devan Jewova nan Mispa+ 18 e li te di Izrayelit yo: “Men sa Jewova Bondye Izrayèl la di: ‘Se mwen menm ki te fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Ejip e ki te sove nou anba men Ejipsyen yo+ ak anba men tout wa ki t ap toupizi nou yo. 19 Epoutan, jodi a, nou vire do bay Bondye nou an+, Sila a ki te sove nou anba tout malè nou yo ak tout tray nou t ap pase yo, e nou di: “Ou dwe chwazi yon wa pou dirije nou.” Kounye a, vin kanpe devan Jewova, tribi pa tribi, fanmi pa fanmi*.’”

20 Se konsa, Samyèl te fè tout tribi Izrayèl yo pwoche+ e li te chwazi tribi Benjamen an+. 21 Apre sa, li te fè tribi Benjamen an pwoche, fanmi pa fanmi, e li te chwazi fanmi Matrit yo. Alafen, li te chwazi Sayil, pitit gason Kich la+. Men, lè y ap chèche l, yo pa t ka jwenn li okenn kote. 22 Lè sa a, yo mande Jewova+: “Èske l vin la a deja?” Jewova reponn: “Li la. Men l kache kò l pami pwovizyon yo.” 23 Se konsa yo kouri al pran l kote l te ye a, yo mennen l vini. Lè l kanpe nan mitan pèp la, moun ki te pi wo yo te ba l nan zepòl+. 24 Samyèl di tout pèp la: “Èske nou wè jan moun Jewova chwazi a+ pa gen yon moun tankou l pami tout pèp la?” Lè sa a, tout moun nan pèp la te pran rele: “Viv wa a!”

25 Samyèl te di pèp la sa wa y ap genyen yo ap gen dwa pou yo mande yo+. Li ekri yo nan yon liv e li mete liv la devan Jewova. Epi, Samyèl voye tout pèp la ale, chak moun t al lakay yo. 26 Sayil t al lakay li nan Gibeya, e te gen sòlda Jewova te touche kè yo ki te akonpaye l. 27 Men, gen kèk voryen ki t ap di: “Ki jan nonm sa a pral fè sove nou+?” Konsa, yo te meprize l e yo pa t ba l okenn kado+. Poutan, li pa t di anyen sou sa*.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje