Esdras
5 Annapre, pwofèt Aje+ ak pwofèt Zakari+, pitit pitit Ido a+, te pale ak Juif ki nan Jida ak nan Jerizalèm yo nan non Bondye Izrayèl la ki t ap dirije Juif yo pou yo anonse yo sa k gen pou rive. 2 Se nan moman sa a Zowobabèl+, pitit gason Cheyaltyèl, ak Jechwa+, pitit gason Jewozadak, te kòmanse rebati kay Bondye a+ ki te nan Jerizalèm. Pwofèt Bondye yo te ansanm avèk yo e yo t ap ede yo+. 3 Lè sa a, Tatenayi, gouvènè zòn ki pa lòtbò Rivyè a*, ak Chetaboznayi ansanm ak lòt moun k ap travay nan gouvènman an avèk yo te vin kote yo e yo te mande yo: “Kiyès ki ban nou lòd pou n bati kay sa a e pou n fini konstriksyon sa a*?” 4 Epi, yo di yo: “Ban nou non moun k ap fè konstriksyon sa a.” 5 Men, Bondye t ap veye* sou ansyen ki pami Juif yo+ e yo pa t fè yo kanpe travay la jiskaske yo te ka voye yon rapò bay Dariyis e wa a te ka voye yon lèt ba yo sou sa.
6 Men yon kopi lèt Tatenayi, gouvènè zòn ki pa lòtbò Rivyè a, Chetaboznayi ak lòt moun k ap travay nan gouvènman an avèk yo ansanm ak ti gouvènè yo ki pa lòtbò Rivyè a te voye bay wa Dariyis. 7 Yo te voye rapò a ba li, e men sa yo te ekri ladan l:
“Wa Dariyis:
“Nou swete w yon lapè total! 8 Nou vle fè w konnen, monwa, nou te ale nan tèritwa ki nan zòn Jida yo nan kay Bondye ki gran an e nou te wè y ap bati l ak yon seri gwo wòch e yo te mete poto bwa nan mi yo. Pèp la te chofe nan travay la e yo met tout fòs yo pou fè travay la avanse. 9 Epi, nou poze ansyen ki nan pèp la kesyon, nou mande yo: ‘Kiyès ki ban nou lòd pou n bati kay sa a e pou n fini konstriksyon sa a*+?’ 10 Epitou, nou te mande yo non yo, pou n te ka ekri non mesye ki alatèt yo voye ba ou.
11 “Men sa yo reponn nou: ‘Nou se sèvitè Bondye k ap dirije nan syèl la e ki gen pouvwa sou tè a, epi n ap rebati kay yon gran wa ann Izrayèl te bati sa gen plizyè ane+. 12 Men, kòm zansèt nou yo te fè Bondye k ap dirije nan syèl la fache+, se sa k fè li te lage yo nan men Nebikadneza+, wa Babilòn nan, moun peyi Kalde a, ki te kraze kay sa a+ e ki te mennen pèp la ann egzil nan Babilòn+. 13 Nan premye ane wa Siris t ap dirije Babilòn nan, wa Siris te bay lòd pou yo rebati kay Bondye a+. 14 Mete sou sa, wa Siris te retire veso annò ak veso ann ajan ki te nan tanp ki nan Babilòn nan. Veso sa yo se Nebikadneza ki te pran yo nan kay Bondye a, nan tanp lan nan Jerizalèm, e ki t al mete yo nan tanp ki nan Babilòn nan+. Siris te bay Chechbaza*+, yon moun li te met gouvènè+, responsab yo. 15 Siris te di l: “Pran veso sa yo al mete yo nan tanp lan nan Jerizalèm, e se pou yo rebati kay Bondye a menm kote l te ye a+.” 16 Epi, se Chechbaza sa a ki te vini e ki te fè fondasyon kay Bondye a+ ki nan Jerizalèm. Depi lè sa a konstriksyon an ap fèt rive jis kounye a, men li poko fini+.’
17 “Kounye a, si sa fè w plezi, monwa, fè yo fè yon rechèch kote trezò* wayòm nan ye nan Babilòn nan pou w wè si wa Siris te bay lòd pou yo rebati kay Bondye a nan Jerizalèm+. Apre sa, monwa, ou mèt voye di nou sa w deside.”