BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 3
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Bondye rele Samyèl pou l vin pwofèt (1-21)

1 Samyèl 3:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 2:11, 18
  • +Nb 12:6; 1Kw 17:15

1 Samyèl 3:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 4:15

1 Samyèl 3:3

Nòt anba paj

  • *

    Anpalan de tabènak la.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 24:2
  • +1Sa 1:9; 3:15

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/4/2005, p. 28

1 Samyèl 3:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 64

1 Samyèl 3:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Am 3:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/1/2003, p. 7-8

1 Samyèl 3:8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    9/2018, p. 24

1 Samyèl 3:10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Imite, p. 64

1 Samyèl 3:11

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “ki tande sa, zòrèy li ap kònen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 4:17

1 Samyèl 3:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 23:19; 1Sa 2:31-34; Eza 55:10, 11

1 Samyèl 3:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 2:22, 23; Jan 15:22; Jk 4:17
  • +Nb 15:30; 1Sa 2:12, 17
  • +Ekl 8:11

1 Samyèl 3:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 4:11; 22:21; 1Wa 2:27

1 Samyèl 3:19

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “te di yo tonbe atè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 2:21

1 Samyèl 3:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 3:1, 4; Sm 99:6

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 3:11Sa 2:11, 18
1 Sam. 3:1Nb 12:6; 1Kw 17:15
1 Sam. 3:21Sa 4:15
1 Sam. 3:3Le 24:2
1 Sam. 3:31Sa 1:9; 3:15
1 Sam. 3:7Am 3:7
1 Sam. 3:111Sa 4:17
1 Sam. 3:12Nb 23:19; 1Sa 2:31-34; Eza 55:10, 11
1 Sam. 3:131Sa 2:22, 23; Jan 15:22; Jk 4:17
1 Sam. 3:13Nb 15:30; 1Sa 2:12, 17
1 Sam. 3:13Ekl 8:11
1 Sam. 3:141Sa 4:11; 22:21; 1Wa 2:27
1 Sam. 3:191Sa 2:21
1 Sam. 3:211Sa 3:1, 4; Sm 99:6
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 3:1-21

1 Samyèl

3 Pandan tan sa a, Samyèl, ki te yon timoun, t ap fè sèvis+ Jewova anba kontwòl Eli. Men, nan epòk sa a, se yon lè konsa Jewova te konn fè moun konnen pawòl li. Pa t konn gen anpil vizyon+ menm.

2 Je Eli te vin febli e li pa t ka wè+. Yon jou, pandan l te kouche nan kabann li, 3 lanp Bondye a+ potko etenn, Samyèl te kouche nan tanp Jewova a*+, kote Lach Bondye a te ye a, 4 epi, Jewova rele Samyèl. Li reponn: “Men mwen wi.” 5 Li kouri al kot Eli, li di l: “Men mwen wi. Mwen tande w rele m.” Men, Eli di l: “Mwen pa rele w. Tounen nan kabann ou.” Epi, l al kouche. 6 Jewova rele l ankò: “Samyèl!” Menm moman an, Samyèl leve l al kot Eli. Li di l: “Men mwen wi. M tande w rele m.” Men, Eli di l: “Mwen pa rele w, pitit gason m. Tounen nan kabann ou.” 7 (Twouve, Samyèl potko byen konnen Jewova, e Jewova potko fè l konn pawòl li+.) 8 Epi, Jewova rele l yon twazyèm fwa: “Samyèl!” Menm moman an, li leve l al kot Eli, li di l: “Men mwen wi. M tande w rele m.”

Lè sa a, Eli vin konprann se Jewova ki t ap rele tigason an. 9 Se sa k fè Eli di Samyèl: “Al kouche. Si l rele w ankò, di: ‘Ou mèt pale, Jewova, paske sèvitè w la ap koute w.’” Epi, Samyèl al kouche nan kabann li.

10 Jewova vini, li rele l menm jan l te fè anvan yo, li di: “Samyèl, Samyèl!” Menm kote a, Samyèl di: “Ou mèt pale, paske sèvitè w la ap koute w.” 11 Jewova di Samyèl: “Gade! M ap fè yon bagay ann Izrayèl, nenpòt moun ki tande sa ap sezi*+. 12 Jou sa a, m ap fè tout sa m te di konsènan Eli ak fanmi l reyalize, depi sou premye sa m te di a rive sou dènye a+. 13 Ou dwe di l m ap pini moun lakay li yo nètale pou peche yo a+, paske li konnen pitit gason l yo ap derespekte Bondye+, men li pa blame yo+. 14 Se poutèt sa, mwen fè sèman bay moun lakay Eli yo, pa gen okenn sakrifis oswa ofrann k ap janm pèmèt moun lakay Eli jwenn padon pou peche yo+.”

15 Samyèl te ret kouche pou jis demen maten. Apre sa, li ouvri pòt kay Jewova a. Samyèl te pè rakonte Eli vizyon l te fè a. 16 Men, Eli rele Samyèl: “Samyèl, pitit gason m!” Li reponn li: “Men mwen wi.” 17 Eli mande l: “Ki sa l te di w? Tanpri, pa kache m anyen. Se pou Bondye pini w, e se pou l pini w ankò, si w kache m menm yon pawòl nan tout sa l te di w yo!” 18 Lè sa a, Samyèl rakonte l tout bagay. Li pa t kache l anyen. Epi, Eli reponn li: “Se volonte Jewova. Li mèt fè sa ki fè l plezi.”

19 Samyèl te kontinye grandi, Jewova te ansanm avè l+ e li pa t kite youn nan tout pawòl Samyèl te di yo rete san li pa reyalize*. 20 Tout pèp Izrayèl la, soti Dann rive Beyècheba, te rekonèt Samyèl se bonjan pwofèt Jewova. 21 Jewova te kontinye parèt nan Silo, paske se nan Silo Jewova te sèvi ak pawòl li pou l fè Samyèl konnen kiyès Jewova ye+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje