BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 4
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Moun Filisti yo pran Lach la (1-11)

      • Eli ak pitit gason l yo mouri (12-22)

1 Samyèl 4:3

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Poukisa Jewova pot laviktwa sou nou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 28:15, 25; 32:30; Jj 2:14
  • +2Sa 15:25

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/9/2015, p. 27

1 Samyèl 4:4

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “nan mitan”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 25:18; Nb 7:89; 2Wa 19:15; Sm 80:1
  • +1Sa 2:12

1 Samyèl 4:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 14:25; 15:14

1 Samyèl 4:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 7:5; Sm 78:43, 51

1 Samyèl 4:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 28:48; Jj 10:7; 13:1

1 Samyèl 4:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:14, 17; Dt 28:25; 1Sa 4:2

1 Samyèl 4:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 2:31, 34; 4:3, 17; Sm 78:61, 64

1 Samyèl 4:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 7:6

1 Samyèl 4:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 4:4

1 Samyèl 4:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 3:2

1 Samyèl 4:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 3:11
  • +1Sa 2:34
  • +1Sa 4:10, 11

1 Samyèl 4:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “li pa t fikse kè l sou sa”.

1 Samyèl 4:21

Nòt anba paj

  • *

    Sa vle di: “Kote glwa a?”

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:3
  • +Sm 78:61
  • +1Sa 2:32, 34; 4:5, 11

1 Samyèl 4:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 4:11; Jr 7:12

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 4:3Dt 28:15, 25; 32:30; Jj 2:14
1 Sam. 4:32Sa 15:25
1 Sam. 4:4Eg 25:18; Nb 7:89; 2Wa 19:15; Sm 80:1
1 Sam. 4:41Sa 2:12
1 Sam. 4:7Eg 14:25; 15:14
1 Sam. 4:8Eg 7:5; Sm 78:43, 51
1 Sam. 4:9Dt 28:48; Jj 10:7; 13:1
1 Sam. 4:10Le 26:14, 17; Dt 28:25; 1Sa 4:2
1 Sam. 4:111Sa 2:31, 34; 4:3, 17; Sm 78:61, 64
1 Sam. 4:12Joz 7:6
1 Sam. 4:131Sa 4:4
1 Sam. 4:151Sa 3:2
1 Sam. 4:171Sa 3:11
1 Sam. 4:171Sa 2:34
1 Sam. 4:171Sa 4:10, 11
1 Sam. 4:211Sa 14:3
1 Sam. 4:21Sm 78:61
1 Sam. 4:211Sa 2:32, 34; 4:5, 11
1 Sam. 4:221Sa 4:11; Jr 7:12
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 4:1-22

1 Samyèl

4 Tout pèp Izrayèl la te tande pawòl Samyèl yo.

Annapre, pèp Izrayèl la t al fè lagè ak moun Filisti yo. Yo te monte kan yo bò Ebenezè, e moun Filisti yo te monte kan yo Afèk. 2 Moun Filisti yo te mete yo nan pozisyon pou yo fè lagè ak pèp Izrayèl la. Men, batay la te vin rèd, e Izrayelit yo te pèdi devan moun Filisti yo ki te touye 4 000 gason nan lame Izrayèl la kote lagè a t ap fèt la. 3 Lè sòlda yo retounen nan kan an, ansyen ki nan pèp Izrayèl yo di: “Poukisa Jewova kite nou pèdi batay la* jodi a devan moun Filisti yo+? Ann al pran lach alyans Jewova a nan Silo+, pou l ka ansanm avèk nou e pou l ka sove nou anba men ènmi nou yo.” 4 Vrèmanvre, sòlda yo voye moun al Silo e yo vini ak lach alyans Jewova, Chèf lame yo, Sila a ki chita sou twòn li anlè* cheriben yo+. De pitit gason Eli yo, Ofni ak Fineyas+, te la tou, ansanm ak lach alyans vrè Dye a.

5 Kou yo vini ak lach alyans Jewova a nan kan an, tout Izrayelit yo te fè yon gwo rèl, e sa te fè tè a tranble. 6 Lè moun Filisti yo tande rèl la, yo di: “Poukisa gen gwo rèl sa a nan kan Ebre yo?” Finalman, yo te aprann se Lach Jewova a yo mennen nan kan an. 7 Moun Filisti yo vin pè, e yo di: “Men Bondye vin nan kan an+!” Apre sa, yo di: “Sa pap bon menm pou nou! Paske pa t janm gen yon bagay konsa ki te fèt! 8 Sa pap bon menm pou nou! Kiyès k ap sove nou anba men gran Dye sa a? Se Dye sa a ki te itilize tout mwayen pou l touye moun Ejip yo nan dezè a+. 9 Men, nou menm, moun Filisti, met kouraj sou nou, epi montre nou se gason pou nou pa vin esklav Ebre yo, menm jan yo te esklav nou+. Montre nou se gason, epi al batay!” 10 Se konsa, moun Filisti yo t al fè lagè ak pèp Izrayèl la e yo te pote laviktwa sou pèp la+. Chak moun te kouri al nan tant yo. Moun Filisti yo te touye anpil ladan yo. Yo te touye 30 000 sòlda apye pami Izrayelit yo. 11 Mete sou sa, yo te pran Lach Bondye a, epi Ofni ak Fineyas, de pitit gason Eli yo, te mouri+.

12 Gen yon mesye nan tribi Benjamen ki te kouri kite kote lagè a t ap fèt la, li rive Silo menm jou a ak rad li chire de bò e te gen pousyè sou tèt li+. 13 Lè mesye a rive, Eli te chita ap veye sou chèz li bò wout la, paske kè l t ap sote pou Lach vrè Dye a+. Lè mesye a antre nan vil la, epi li bay nouvèl la, tout moun nan vil la te pran rele byen fò. 14 Kou Eli tande rèl la, li mande: “Poukisa moun yo ap fè tout bri sa a?” Menm mesye a kouri al kot Eli, epi li ba l nouvèl la. 15 (Eli te gen 98 an. Je l te rete fiks, li pa t ka wè+.) 16 Epi, mesye a di Eli: “Mwen soti kote lagè a ap fèt la. Se jodi a menm mwen kouri kite kote lagè a ap fèt la.” Lè sa a, Eli mande l: “Pitit gason m, ki sa k rive?” 17 Mesye ki pot nouvèl la di: “Pèp Izrayèl la kouri pou moun Filisti yo. Anpil moun mouri pami pèp la+. Epitou, de pitit gason w yo, Ofni ak Fineyas, mouri+, e moun Filisti yo pran Lach vrè Dye a+.”

18 Lè l di Lach vrè Dye a, Eli sot sou chèz li te chita a li tonbe sou do, bò pòtay vil la, kou l kase sèk, epi li mouri, paske li te granmoun anpil e li te lou. Li te jije pèp Izrayèl la pandan 40 an. 19 Bèlfi l, madanm Fineyas, te ansent e li te prèske akouche. Lè l tande nouvèl yo pran Lach vrè Dye a e bòpè l ak mari l mouri, li bese, bridsoukou tranche pran l, epi li akouche. 20 Pandan l ap trepase, medam ki te kanpe bò kote l yo di l: “Ou pa bezwen pè, paske w fè yon pitit gason.” Li pa t reponn e l pa t bay sa yo di a okenn valè*. 21 Men, li te rele pitit la Ikabòd*+, epi li te di: “Yo pran glwa Izrayèl la mennen ann egzil+”, anpalan de Lach vrè Dye a yo te pran an ak sa ki te rive bòpè l ak mari l+. 22 Li te di: “Yo pran glwa Izrayèl la mennen ann egzil, paske yo pran Lach vrè Dye a+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje