BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 14
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Jonatan fè gwo aksyon nan Mikmach (1-14)

      • Bondye fè ènmi Izrayèl yo kouri (15-23)

      • Sayil fè sèman san l pa reflechi (24-46)

        • Pèp la manje vyann ak tout san (32-34)

      • Lagè Sayil yo; fanmi l (47-52)

1 Samyèl 14:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:49; 18:1; 2Sa 1:4

1 Samyèl 14:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 10:26
  • +1Sa 13:15

1 Samyèl 14:3

Nòt anba paj

  • *

    Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 22:9
  • +Eg 29:5; Nb 27:21
  • +1Sa 4:21
  • +1Sa 2:12; 4:17
  • +1Sa 1:9
  • +Joz 18:1; 1Sa 1:3

1 Samyèl 14:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 13:2, 3

1 Samyèl 14:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 17:9, 10; Jj 14:3; 15:18; 1Sa 17:36; 1Kw 10:4
  • +Jj 7:2; 2Wa 6:15, 16; 2Kw 14:11

1 Samyèl 14:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 24:14; Jj 7:11; 1Sa 10:7

1 Samyèl 14:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 13:6; 14:22

1 Samyèl 14:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:10
  • +1Sa 14:6; 2Sa 5:23, 24; 2Wa 6:15, 16

1 Samyèl 14:14

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “anviwon 20 sòlda nan mwatye yon pòsyon tè de towo bèf ki anba menm jouk ka raboure nan yon jounen”.

1 Samyèl 14:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 13:17

1 Samyèl 14:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 10:26; 14:2
  • +1Sa 14:20

1 Samyèl 14:18

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “nan jou sa a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:3

1 Samyèl 14:19

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Retire men w”.

1 Samyèl 14:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 13:6

1 Samyèl 14:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 33:29; Jj 2:18
  • +1Sa 13:5

1 Samyèl 14:24

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pen an”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 5:4; Nb 30:2; Dt 23:21

1 Samyèl 14:25

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “peyi a”.

1 Samyèl 14:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:17

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/4/2005, p. 30

1 Samyèl 14:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:24

1 Samyèl 14:29

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Papa m rale malè sou pèp la”.

1 Samyèl 14:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:26

1 Samyèl 14:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 10:12

1 Samyèl 14:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 9:4; Le 3:17; 17:10; Dt 12:16; Tr 15:29

1 Samyèl 14:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 12:23

1 Samyèl 14:34

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:32

1 Samyèl 14:35

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 7:15, 17

1 Samyèl 14:36

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 27:21; 1Sa 30:7, 8

1 Samyèl 14:37

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 1:1; 1Sa 30:8; 2Sa 5:19

1 Samyèl 14:41

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “reponn avèk Toumim nan”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 28:30; Dt 33:8; Esd 2:62, 63

1 Samyèl 14:42

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 16:33

1 Samyèl 14:43

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:27

1 Samyèl 14:44

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:24

1 Samyèl 14:45

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “jwenn gwo delivrans”.

  • *

    Lit.: “rachte”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:14
  • +1Sa 14:6

1 Samyèl 14:47

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 12:9
  • +1Sa 11:11
  • +Jen 36:8
  • +2Sa 10:6
  • +1Sa 9:16, 17

1 Samyèl 14:48

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 17:14; Dt 25:19; 1Sa 15:3

1 Samyèl 14:49

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 31:2; 1Kw 8:33; 9:39
  • +1Sa 18:17
  • +1Sa 18:27; 25:44; 2Sa 3:13; 6:20

1 Samyèl 14:50

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 17:55; 2Sa 2:8; 3:27

1 Samyèl 14:51

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 9:1
  • +1Wa 2:5

1 Samyèl 14:52

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 49:27; 1Sa 9:16, 17
  • +1Sa 8:11; 10:26

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 14:11Sa 14:49; 18:1; 2Sa 1:4
1 Sam. 14:21Sa 10:26
1 Sam. 14:21Sa 13:15
1 Sam. 14:31Sa 22:9
1 Sam. 14:3Eg 29:5; Nb 27:21
1 Sam. 14:31Sa 4:21
1 Sam. 14:31Sa 2:12; 4:17
1 Sam. 14:31Sa 1:9
1 Sam. 14:3Joz 18:1; 1Sa 1:3
1 Sam. 14:51Sa 13:2, 3
1 Sam. 14:6Jen 17:9, 10; Jj 14:3; 15:18; 1Sa 17:36; 1Kw 10:4
1 Sam. 14:6Jj 7:2; 2Wa 6:15, 16; 2Kw 14:11
1 Sam. 14:10Jen 24:14; Jj 7:11; 1Sa 10:7
1 Sam. 14:111Sa 13:6; 14:22
1 Sam. 14:121Sa 14:10
1 Sam. 14:121Sa 14:6; 2Sa 5:23, 24; 2Wa 6:15, 16
1 Sam. 14:151Sa 13:17
1 Sam. 14:161Sa 10:26; 14:2
1 Sam. 14:161Sa 14:20
1 Sam. 14:181Sa 14:3
1 Sam. 14:221Sa 13:6
1 Sam. 14:23Dt 33:29; Jj 2:18
1 Sam. 14:231Sa 13:5
1 Sam. 14:24Le 5:4; Nb 30:2; Dt 23:21
1 Sam. 14:271Sa 14:17
1 Sam. 14:281Sa 14:24
1 Sam. 14:301Sa 14:26
1 Sam. 14:31Joz 10:12
1 Sam. 14:32Jen 9:4; Le 3:17; 17:10; Dt 12:16; Tr 15:29
1 Sam. 14:33Dt 12:23
1 Sam. 14:341Sa 14:32
1 Sam. 14:351Sa 7:15, 17
1 Sam. 14:36Nb 27:21; 1Sa 30:7, 8
1 Sam. 14:37Jj 1:1; 1Sa 30:8; 2Sa 5:19
1 Sam. 14:41Eg 28:30; Dt 33:8; Esd 2:62, 63
1 Sam. 14:42Pw 16:33
1 Sam. 14:431Sa 14:27
1 Sam. 14:441Sa 14:24
1 Sam. 14:451Sa 14:14
1 Sam. 14:451Sa 14:6
1 Sam. 14:471Sa 12:9
1 Sam. 14:471Sa 11:11
1 Sam. 14:47Jen 36:8
1 Sam. 14:472Sa 10:6
1 Sam. 14:471Sa 9:16, 17
1 Sam. 14:48Eg 17:14; Dt 25:19; 1Sa 15:3
1 Sam. 14:491Sa 31:2; 1Kw 8:33; 9:39
1 Sam. 14:491Sa 18:17
1 Sam. 14:491Sa 18:27; 25:44; 2Sa 3:13; 6:20
1 Sam. 14:501Sa 17:55; 2Sa 2:8; 3:27
1 Sam. 14:511Sa 9:1
1 Sam. 14:511Wa 2:5
1 Sam. 14:52Jen 49:27; 1Sa 9:16, 17
1 Sam. 14:521Sa 8:11; 10:26
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
  • 36
  • 37
  • 38
  • 39
  • 40
  • 41
  • 42
  • 43
  • 44
  • 45
  • 46
  • 47
  • 48
  • 49
  • 50
  • 51
  • 52
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 14:1-52

1 Samyèl

14 Yon jou, Jonatan+, pitit gason Sayil la, te di sèvitè l la ki t ap pote zam li yo: “Vini! Ann travèse al kot ti gwoup sòlda Filisti ki lòtbò a.” Men, li pa t di papa l sa. 2 Sayil te rete pa deyò Gibeya+, anba yon pye grenad nan Migwon, e li te gen anviwon 600 sòlda avè l+. 3 (Epi, Ayija, pitit gason Ayitoub+, te gen efòd* la sou li+. Ayitoub se te frè Ikabòd+, pitit gason Fineyas+, Fineyas se te pitit gason Eli+ ki te prèt Jewova nan Silo+.) Men, sòlda yo pa t konnen si Jonatan pa t la. 4 Twouve, Jonatan t ap eseye pase nan mitan de zòn pou l al kote ti gwoup sòlda Filisti yo lòtbò a. Sou chak bò, te gen yon gwo wòch ki gen fòm dan. Youn te rele Bozès e lòt la te rele Sene. 5 Youn nan wòch yo ki te tankou yon poto te bay nan direksyon nò, anfas Mikmach, e lòt la te bay nan direksyon sid, anfas Geba+.

6 Epi, Jonatan te di sèvitè l la ki t ap pote zam li yo: “Vini pou n al atake ti gwoup sòlda ki pa sikonsi sa yo+. Petèt Jewova ap ede nou, paske pa gen anyen ki ka anpeche Jewova sove nou, kit nou anpil, kit nou pa anpil+.” 7 Menm moman an, sèvitè l la ki t ap pote zam li yo di l: “Fè sa kè w pouse w fè. Ale kote w vle, e mwen menm, m ap suiv ou kèlkeswa kote kè w pouse w ale.” 8 Lè sa a, Jonatan di l: “N ap travèse al kot mesye sa yo e n ap fè yo wè nou. 9 Si yo di nou: ‘Kanpe la jiskaske nou vin kote nou’, n ap ret kanpe kote nou ye a e nou pap monte al jwenn yo. 10 Men, si yo di nou: ‘Monte vin atake nou’, n ap monte, paske Jewova ap livre yo nan men nou. Sa ap yon siy pou nou+.”

11 Epi, toule de mesye yo fè ti gwoup sòlda Filisti yo wè yo. Sòlda Filisti yo di: “Men Ebre yo ap soti nan twou kote yo te kache yo+.” 12 Se konsa ti gwoup sòlda Filisti yo di Jonatan ak sèvitè l la ki t ap pote zam li yo: “Monte vin jwenn nou, e nou pral ban nou yon leson+!” Lamenm, Jonatan di sèvitè l la ki t ap pote zam li yo: “Suiv mwen, paske Jewova ap lage yo nan men pèp Izrayèl la+.” 13 Epi, Jonatan te monte mòn nan sou de men l ak de pye l e sèvitè l la ki t ap pote zam li yo te dèyè l. Jonatan te kòmanse atake moun Filisti yo, li lage yo atè e sèvitè l la t ap touye yo dèyè l. 14 Premye fwa Jonatan ak sèvitè l la te atake moun Filisti yo, yo te touye anviwon 20 sòlda nan yon espas ki pa menm mezire yon ka kawo tè*.

15 Apre sa, te vin gen yon sèl laperèz nan kan moun Filisti yo ak nan mitan tout sòlda ki te nan ti gwoup la. Menm sòlda ki te devan pou atake yo+ te pè anpil. Tè a te pran tranble, epi Bondye te fè moun yo vin gen yon gwo laperèz. 16 Gad ki t ap veye sou wa Sayil nan Gibeya yo+, nan tèritwa tribi Benjamen an, te wè jan gen dezòd toupatou nan kan sòlda Filisti yo+.

17 Sayil te mande sòlda ki te ansanm avè l yo: “Tanpri, konte moun yo pou nou ka wè ki moun ki pa ansanm avèk nou.” Lè yo te fin konte yo, yo te wè Jonatan ak sèvitè ki konn pot zam li yo pa t la. 18 Lè sa a, Sayil di Ayija+: “Pote Lach vrè Dye a vin pi pre!” (Paske nan moman sa a* Lach vrè Dye a te ansanm avèk Izrayelit yo.) 19 Pandan Sayil t ap pale ak prèt la, te vin gen plis dezòd toujou nan kan sòlda Filisti yo. Se konsa, Sayil di prèt la: “Kite sa w ap fè a*.” 20 Konsa, Sayil ak tout sòlda ki te avè l yo te rasanble e yo t al nan kan sòlda Filisti yo pou yo fè lagè ak yo. Men, yo te jwenn sòlda Filisti yo t ap touye youn lòt ak kout epe paske yo te nan gwo pwoblèm. 21 Epitou, Ebre ki te nan kan moun Filisti yo e ki te monte ansanm avèk yo nan kan yo a t al jwenn pèp Izrayèl la ki te anba lòd Sayil ak Jonatan. 22 Tout mesye ann Izrayèl yo ki te kache+ nan zòn ki gen mòn nan tèritwa Efrayim nan te tande jan sòlda Filisti yo te kouri pou sòlda izrayelit yo, e yo menm tou yo t al rankontre Izrayelit yo pou yo kontinye kouri dèyè moun Filisti yo pou yo batay avèk yo. 23 Konsa, Jewova te sove pèp Izrayèl la jou sa a+ e mesye yo te kontinye batay rive jis Bètavenn+.

24 Men, sòlda izrayelit yo te nan yon sitiyasyon ki difisil anpil jou sa a, paske Sayil te fè sòlda yo fè yon sèman. Li te di yo: “Malediksyon pou nenpòt moun ki manje kèlkeswa manje a* anvan nuit lan rive, jiskaske mwen fin vanje sou ènmi m yo!” Se sa k fè okenn moun pa t manje anyen+.

25 Lè tout sòlda yo* te rive nan rak bwa a, te gen siwo myèl atè a. 26 Lè yo rive nan rak bwa a, yo wè siwo myèl k ap tonbe atè, men pèsonn pa t pran anyen met nan bouch yo, paske yo te pè akoz sèman yo te fè a. 27 Jonatan li menm pa t tande lè papa l te fè sòlda yo fè sèman an+, se sa k fè li te tranpe pwent baton ki te nan men l lan nan siwo myèl la. Lè l mete l nan bouch li, je l vin klere anpil. 28 Lamenm, gen youn nan sòlda yo ki di l: “Papa w te fè sòlda yo fè yon gwo sèman, li te di yo: ‘Malediksyon pou nenpòt moun ki manje jodi a+!’ Se sa k fè moun yo faya konsa a.” 29 Jonatan di: “Papa m fè moun yo yon gwo mal*. Gade ki jan je m ret klere paske m goute yon ti siwo myèl. 30 Ala bon sa t ap bon si sòlda yo te gen dwa manje+ manje yo te pran nan men ènmi yo jodi a! Konsa, yo t ap ka touye plis moun Filisti.”

31 Jou sa a, sòlda yo te kòmanse touye moun Filisti soti Mikmach rive jis Ayalon+ e yo te vin fatige anpil. 32 Epi, sòlda yo te kòmanse plonje sou bagay yo te pran nan lagè a, yo te pran mouton, gwo bèf ak ti bèf, yo te touye yo la atè a e yo te manje vyann yo ak tout san+. 33 Gen nan mesye yo ki t al di Sayil: “Gade! Sòlda yo peche kont Jewova paske yo manje vyann ak tout san+.” Lè sa a, Sayil di yo: “Nou pa montre nou fidèl. Woule yon gwo wòch met devan m san pèdi tan.” 34 Epi, Sayil di: “Al nan mitan tout pèp la, e di yo: ‘Chak moun dwe vini ak towo bèf li oswa mouton l pou l touye isit la, epi yo mèt manje. Pinga nou peche kont Jewova nan manje vyann ak tout san+.’” Se konsa, chak moun te pote towo bèf yo lannuit lan e yo te touye l kote yo te ye a. 35 Epi, Sayil te fè yon lotèl pou Jewova+. Se premye lotèl li te fè pou Jewova.

36 Annapre, Sayil di: “Ann desann al atake moun Filisti yo lannuit, apre sa n ap pase nuit lan ap pran tout sa yo genyen rive jis li jou. Nou pap kite yon moun vivan.” Epi, yo reponn li: “Fè sa w wè ki bon an.” Apre sa, prèt la di: “Pandan nou isit la, ann mande vrè Dye a ki sa pou n fè+.” 37 Men sa Sayil te mande Bondye: “Èske mwen dwe desann al atake sòlda Filisti yo+? Èske w ap lage yo nan men pèp Izrayèl la?” Men, Bondye pa t reponn li jou sa a. 38 Lè sa a, Sayil di: “Nou tout ki chèf pami pèp la, vin devan pou nou ka konnen ki peche pèp la fè jodi a. 39 Paske, mwen fè sèman, menm jan li klè Jewova vivan, li menm ki te delivre pèp Izrayèl la, menmsi se ta Jonatan, pitit gason m nan, ki lakòz, li dwe mouri.” Men, okenn moun nan pèp la pa t reponn li. 40 Apre sa, li di pèp Izrayèl la: “N ap ret yon bò e mwen menm ak Jonatan ap ret yon lòt bò.” Lè sa a, pèp la di Sayil: “Ou mèt fè nenpòt sa w wè ki bon.”

41 Epi, Sayil di Jewova: “O Bondye Izrayèl la, ban m yon repons ki klè*+!” Se konsa, yo te chwazi Jonatan ak Sayil, men yo te kite rès pèp la ale. 42 Kounye a, Sayil di: “Fè tiraj osò+ pou nou konnen si se mwen menm oswa Jonatan, pitit gason m nan, ki lakòz sa k rive a.” Konsa, yo te wè se Jonatan. 43 Epi, Sayil mande Jonatan: “Ki sa w te fè?” Jonatan reponn li: “Se yon ti siwo myèl sèlman mwen te goute nan pwent baton ki te nan men m nan+! Men mwen! Mwen pare pou m mouri!”

44 Menm moman an, Sayil di: “Se pou Bondye pini m, e se pou l pini m ankò, si ou menm, Jonatan, ou pa mouri+!” 45 Men, sòlda yo di Sayil: “Èske Jonatan ta dwe mouri, li menm ki fè pèp Izrayèl la gen gwo viktwa*+ sa a? Sa pa posib! Menm jan li klè Jewova vivan, nou fè sèman pa gen yon branch cheve nan tèt Jonatan k ap tonbe atè, paske se Bondye ki te ede l gen viktwa sa a jodi a+.” Se konsa, sòlda yo te sove* Jonatan e li pa t mouri.

46 Epi, Sayil te sispann kouri dèyè moun Filisti yo e yo te retounen nan tèritwa yo.

47 Sayil te byen tabli pouvwa l sou pèp Izrayèl la e li te fè lagè ak tout ènmi li te genyen yo, kèlkeswa kote yo te ye. Li te fè lagè ak moun Mowab yo+, desandan Amon yo+, moun Edòm yo+, wa Soba yo+ ak moun Filisti yo+. Epi, li te pot laviktwa tout kote li t al fè lagè. 48 Li te mete anpil kran sou li pou l fè lagè, li te pote laviktwa sou moun Amalèk yo+ e li te delivre pèp Izrayèl la anba men moun ki t ap vin piye yo.

49 Men non pitit gason Sayil yo: Jonatan, Ichvi ak Malkichwa+. Epi, Sayil te gen de pitit fi. Pi gran an te rele Merab+ e pi piti a te rele Mikal+. 50 Madanm Sayil te rele Ayinowam, pitit fi Ayimaz. Chèf lame Sayil la te rele Abnè+, pitit gason Nè. Nè se te tonton Sayil. 51 Kich+ se te papa Sayil, e Nè+, papa Abnè, se te pitit gason Abiyèl.

52 Sayil te konn fè gwo lagè ak moun Filisti yo pandan tout rèy li a+. Depi Sayil te wè yon gason ki gen fòs e ki vanyan, li te pran l met nan lame l la+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje