BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 9
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Samyèl rankontre ak Sayil (1-27)

1 Samyèl 9:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:51; 1Kw 8:33; Tr 13:21
  • +Jj 21:17

1 Samyèl 9:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 11:15; 13:13; 15:26; 28:7; 31:4; 2Sa 1:23

1 Samyèl 9:3

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “femèl bourik”.

1 Samyèl 9:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 10:2

1 Samyèl 9:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 3:19

1 Samyèl 9:8

Nòt anba paj

  • *

    Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.

1 Samyèl 9:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 9:19; 2Sa 15:27; 1Kw 9:22; 29:29

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/4/2005, p. 29

1 Samyèl 9:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 9:19

1 Samyèl 9:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 7:9; 16:5
  • +1Wa 3:2; 1Kw 16:39; 2Kw 1:3

1 Samyèl 9:15

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “te debouche zòrèy”.

1 Samyèl 9:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 18:11
  • +1Sa 10:1; 15:1
  • +Sm 106:43, 44; 107:19

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/4/2015, p. 6

1 Samyèl 9:17

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “pral kenbe pèp mwen an nan limit li”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 10:24; 15:17; Tr 13:21

1 Samyèl 9:19

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “tout sa k nan kè w”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 9:13, 24

1 Samyèl 9:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 9:3
  • +1Sa 8:5, 19; 12:13

1 Samyèl 9:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jj 20:46, 47

1 Samyèl 9:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 9:13, 19

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/4/2015, p. 6

1 Samyèl 9:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 9:3, 10

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 9:11Sa 14:51; 1Kw 8:33; Tr 13:21
1 Sam. 9:1Jj 21:17
1 Sam. 9:21Sa 11:15; 13:13; 15:26; 28:7; 31:4; 2Sa 1:23
1 Sam. 9:51Sa 10:2
1 Sam. 9:61Sa 3:19
1 Sam. 9:91Sa 9:19; 2Sa 15:27; 1Kw 9:22; 29:29
1 Sam. 9:111Sa 9:19
1 Sam. 9:121Sa 7:9; 16:5
1 Sam. 9:121Wa 3:2; 1Kw 16:39; 2Kw 1:3
1 Sam. 9:16Joz 18:11
1 Sam. 9:161Sa 10:1; 15:1
1 Sam. 9:16Sm 106:43, 44; 107:19
1 Sam. 9:171Sa 10:24; 15:17; Tr 13:21
1 Sam. 9:191Sa 9:13, 24
1 Sam. 9:201Sa 9:3
1 Sam. 9:201Sa 8:5, 19; 12:13
1 Sam. 9:21Jj 20:46, 47
1 Sam. 9:251Sa 9:13, 19
1 Sam. 9:271Sa 9:3, 10
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 9:1-27

1 Samyèl

9 Te gen yon mesye nan tribi Benjamen an ki te rele Kich+. Li te yon desandan Abiyèl ki te pitit gason Sewò, Sewò se te pitit gason Bekorat e Bekorat se te pitit gason Afya+. Se te yon mesye ki te rich anpil. 2 Li te gen yon jèn pitit gason ki te rele Sayil+ e ki te bèl gason. Pa t gen yon gason pami Izrayelit yo ki te pi bèl gason pase l. Li te pi wo pase yo tout. Tout lòt mesye yo te ba l nan zepòl.

3 Yon lè, Kich, papa Sayil, te pèdi bourik* li yo. Li te di Sayil, pitit gason l lan: “Tanpri, pran youn nan sèvitè yo pou al chèche bourik yo avè w.” 4 Yo travèse zòn ki gen mòn nan Efrayim yo ak tèritwa Chalicha a, men yo pa t jwenn bourik yo. Yo te pase nan tout tèritwa Chaalim nan, men bourik yo pa t nan zòn nan. Yo te pase nan tout tèritwa tribi Benjamen an, men yo pa t jwenn bourik yo.

5 Lè yo rive nan tèritwa Zouf, Sayil di sèvitè ki te avè l la: “Vini, ann retounen, pou papa m pa kòmanse bay tèt li pwoblèm pou nou olye l bay tèt li pwoblèm pou bourik yo+.” 6 Men, sèvitè a di: “Gade, gen yon sèvitè Bondye nan vil sa a, yon mesye moun respekte anpil. Depi l di yon bagay, li fèt vre+. Ann al kote l kounye a. Petèt l ap di nou ki wout pou n fè.” 7 Lè sa a, Sayil di sèvitè l la: “Si nou ale, ki sa nou ka pote pou li? Nou pa gen pen nan sak nou e nou pa gen okenn kado pou nou pote pou sèvitè vrè Dye a. Ki sa nou gen nan men nou la a?” 8 Epi, sèvitè a reponn Sayil: “Gade! Mwen gen yon ka chekèl* ann ajan nan men m. M ap bay sèvitè vrè Dye a li e l ap di nou ki wout pou n fè.” 9 (Nan tan lontan, ann Izrayèl, men sa yon moun te konn di lè l pral chèche Bondye: “Vini, ann al kot moun ki konn fè vizyon an+.” Paske, moun yo rele pwofèt jodi a, nan tan lontan, yo te konn rele yo moun ki konn fè vizyon.) 10 Lè sa a, Sayil di sèvitè l la: “Sa w di a bon. Ann ale.” Se konsa, y ale nan vil kote sèvitè vrè Dye a te ye a.

11 Pandan y ap monte nan wout ki mennen nan vil la, yo rankontre ak kèk jèn fi ki pral chèche dlo. Yo mande yo: “Èske mesye ki konn fè vizyon an+ isit la?” 12 Yo reponn: “Wi. Li pi devan an. Fè vit! Se jodi a li rive nan vil la, paske se jodi a pèp la ap fè sakrifis+ kote ki wo yo konn fè adorasyon an+. 13 Kou nou antre nan vil la, n ap jwenn li anvan l monte al manje kote ki wo yo konn fè adorasyon an. Moun yo pap manje toutotan l pa vini. Paske se li menm ki pou beni sakrifis la. Kou l fin fè sa, moun ki envite yo ap kapab manje. Nou mèt monte kounye a, n ap jwenn li.” 14 Konsa, yo te monte pou y al nan vil la. Pandan yo t ap antre nan vil la, Samyèl t ap soti vin rankontre yo pou yo monte al kote ki wo yo konn fè adorasyon an.

15 Nan jou anvan Sayil te vini an, Jewova te di* Samyèl: 16 “Demen, lè konsa, m ap voye yon mesye ki sot nan tèritwa tribi Benjamen an kote w+. Ou dwe vide luil sou tèt li pou w chwazi l kòm chèf pou l dirije pèp Izrayèl la+, pèp mwen an. L ap sove pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Paske mwen wè tray pèp mwen an ap pase, e rèl yo rive jis bò kote m+.” 17 Lè Samyèl wè Sayil, Jewova di Samyèl: “Men gason mwen te di w: ‘Se li ki pral dirije pèp mwen an*+.’”

18 Apre sa, Sayil pwoche kot Samyèl, toupre pòtay vil la, epi li di l: “Tanpri, èske w ka di m ki kote kay mesye ki konn fè vizyon an ye?” 19 Samyèl reponn Sayil: “Se mwen menm ki konn fè vizyon an. Nou mèt pran devan m pou n monte al kote ki wo yo konn fè adorasyon an e n ap manje avè m jodi a+. M ap voye w ale demen maten e m ap di w tout sa w ta renmen konnen*. 20 Men, nou pa bezwen bay tèt nou pwoblèm pou bourik ki te pèdi depi twa jou yo+, paske yo jwenn yo. Pou ki moun tout bon bagay ann Izrayèl yo ye? Èske se pa pou ou ak tout moun lakay papa w+?” 21 Lè sa a, Sayil reponn: “Èske se pa nan tribi Benjamen mwen soti, tribi ki pi piti nan tout tribi Izrayèl yo+? Èske fanmi m se pa fanmi ki gen mwens enpòtans nan tout fanmi ki gen nan tribi Benjamen an? Bon, poukisa w di m pawòl sa a?”

22 Apre sa, Samyèl pran Sayil ak sèvitè l la, li mennen yo nan salamanje a e li ba yo pi bon plas pami envite yo. Te gen anviwon 30 gason ki te la. 23 Epi, Samyèl di moun ki t ap kuit manje a: “Pote moso vyann mwen te ba w la vini, moso vyann mwen te di w mete l apa a.” 24 Menm kote a, moun ki t ap kuit manje a pran jigo a ak lòt bagay ki te ansanm avè l yo, li mete yo devan Sayil. Epi, Samyèl di: “Men yo mete sa yo te sere pou ou a devan w. Manje l, paske yo te sere l pou ou, pou okazyon sa a. Paske m te di yo: ‘Mwen gen envite.’” Vrèmanvre, Sayil te manje ansanm ak Samyèl jou sa a. 25 Apre sa, yo kite kote ki wo yo konn fè adorasyon an+ epi y al nan vil la, e Samyèl te kontinye pale ak Sayil sou do kay la. 26 Yo leve byen bonè. Kou l jou, Samyèl rele Sayil sou do kay la, li di l: “Pare w pou m voye w ale.” Se konsa, Sayil te pare l, epi li menm ak Samyèl te sot deyò. 27 Pandan yo t ap desann pou yo kite vil la, Samyèl di Sayil: “Di sèvitè a+ pran devan nou.” Se konsa, sèvitè a pran devan yo, epi Samyèl di Sayil: “Men, ou menm, ou mèt kanpe la pou m ka fè w tande pawòl Bondye.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje