BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 13
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Sayil chwazi yon lame (1-4)

      • Sayil pran dwa ki pa pou li (5-9)

      • Samyèl blame Sayil (10-14)

      • Izrayèl pa gen zam (15-23)

1 Samyèl 13:1

Nòt anba paj

  • *

    Kantite ane a pa nan tèks ebre a.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Tr 13:21

1 Samyèl 13:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 18:1; 2Sa 1:4; 21:7
  • +Joz 18:28; 1Sa 10:26

1 Samyèl 13:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 13:2, 3; 1Sa 9:16
  • +Joz 21:8, 17
  • +Jj 3:26, 27; 6:34; 2Sa 2:28

1 Samyèl 13:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 5:9; 1Sa 11:14

1 Samyèl 13:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 20:1
  • +Joz 7:2; 18:11, 12; 1Sa 14:23

1 Samyèl 13:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:11

1 Samyèl 13:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 32:1, 33; Joz 13:24, 25

1 Samyèl 13:9

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ofrann lapè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 15:22, 23

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    1/2017, p. 17

1 Samyèl 13:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 13:6, 8
  • +1Sa 13:5

1 Samyèl 13:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 15:11

1 Samyèl 13:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 15:28
  • +1Sa 16:1; 2Sa 7:15; Sm 78:70; Tr 13:22
  • +Jen 49:10; 2Sa 5:2; 7:8; 1Kw 28:4
  • +Pw 11:2

1 Samyèl 13:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 13:7; 14:2

1 Samyèl 13:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 13:3
  • +1Sa 13:2

1 Samyèl 13:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 10:11

1 Samyèl 13:21

Nòt anba paj

  • *

    Se te yon ansyen mezi ki egal anviwon de tyè yon chekèl.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 75

    Tradiksyon monn nouvo a, p. 1705

1 Samyèl 13:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 17:47, 50

1 Samyèl 13:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 13:2; 14:4, 5

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 13:1Tr 13:21
1 Sam. 13:21Sa 18:1; 2Sa 1:4; 21:7
1 Sam. 13:2Joz 18:28; 1Sa 10:26
1 Sam. 13:3Joz 13:2, 3; 1Sa 9:16
1 Sam. 13:3Joz 21:8, 17
1 Sam. 13:3Jj 3:26, 27; 6:34; 2Sa 2:28
1 Sam. 13:4Joz 5:9; 1Sa 11:14
1 Sam. 13:5Dt 20:1
1 Sam. 13:5Joz 7:2; 18:11, 12; 1Sa 14:23
1 Sam. 13:61Sa 14:11
1 Sam. 13:7Nb 32:1, 33; Joz 13:24, 25
1 Sam. 13:91Sa 15:22, 23
1 Sam. 13:111Sa 13:6, 8
1 Sam. 13:111Sa 13:5
1 Sam. 13:131Sa 15:11
1 Sam. 13:141Sa 15:28
1 Sam. 13:141Sa 16:1; 2Sa 7:15; Sm 78:70; Tr 13:22
1 Sam. 13:14Jen 49:10; 2Sa 5:2; 7:8; 1Kw 28:4
1 Sam. 13:14Pw 11:2
1 Sam. 13:151Sa 13:7; 14:2
1 Sam. 13:161Sa 13:3
1 Sam. 13:161Sa 13:2
1 Sam. 13:18Joz 10:11
1 Sam. 13:221Sa 17:47, 50
1 Sam. 13:231Sa 13:2; 14:4, 5
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 13:1-23

1 Samyèl

13 Sayil te gen ...* an lè l te vin wa+. Li te pase dezan ap dirije pèp Izrayèl la. 2 Apre sa, li te chwazi 3 000 gason nan pèp Izrayèl la. Te gen 2 000 ladan yo ki te avèk Sayil nan Mikmach ak nan zòn ki gen mòn nan Betèl la e 1 000 lòt yo te ansanm ak Jonatan+ nan Gibeya+ ki nan tèritwa tribi Benjamen an. Sayil te voye rès pèp la ale, chak moun t al nan tant yo. 3 Apre sa, Jonatan te touye gwoup sòlda Filisti+ ki te nan Geba a+ e moun Filisti yo te vin konn sa. Epi, Sayil te fè moun sonnen twonpèt+ nan tout peyi Izrayèl pou di pèp la: “Se pou Ebre yo vin tande!” 4 Men nouvèl tout pèp Izrayèl la te tande: “Sayil touye yon gwoup sòlda Filisti, e kounye a, moun Filisti yo vin rayi pèp Izrayèl la.” Konsa, mesaje yo te mande pèp la pou y al jwenn Sayil nan Gilgal+.

5 Moun Filisti yo te rasanble tou pou y al fè lagè ak pèp Izrayèl la. Yo te gen 30 000 charyo pou yo fè lagè, 6 000 sòlda sou cheval ak plizyè gwoup sòlda ki tankou grenn sab bò lanmè+. Yo t al monte kan yo Mikmach, nan lès Bètavenn+. 6 Lè sa a, mesye Izrayèl yo te wè yo nan pwoblèm, paske yo te nan yon sitiyasyon ki difisil anpil. Se sa k fè yo t al kache nan gwòt+, nan twou, bò yon seri gwo wòch, nan kay anba tè ak nan pi. 7 Gen kèk Ebre ki te travèse Rivyè Jouden an pou y al nan tèritwa tribi Gad la ak nan Galaad+. Men, Sayil te toujou rete Gilgal, e tout moun ki t ap suiv li yo t ap tranble. 8 Li te ret tann sèt jou jiskaske lè pou Samyèl vini an rive. Men, Samyèl potko rive Gilgal, epitou pèp la te vin gaye kite Sayil. 9 Alafen, Sayil di: “Pote sakrifis pou yo boule nèt la ak sakrifis kominyon* yo ban mwen.” Epi, li ofri sakrifis pou yo boule nèt la+.

10 Men, Sayil annik fin ofri sakrifis pou yo boule nèt la, Samyèl rive. Konsa, Sayil te soti al rankontre l e li te salye l. 11 Lè sa a, Samyèl di: “Sa w fè la a?” Sayil reponn: “Mwen te wè pèp la t ap pati kite m+, ou pa t vini lè pou w te vini an, epi moun Filisti yo te kòmanse rasanble nan Mikmach+. 12 Mwen te di tèt mwen: ‘Men moun Filisti yo ap desann vin atake m nan Gilgal, epi mwen pa chèche jwenn favè Jewova.’ Se sa k fè mwen te santi m oblije ofri sakrifis yo boule nèt la.”

13 Lè sa a, Samyèl di Sayil: “Se bagay moun sòt ou fè la a. Ou pa obeyi kòmandman Jewova, Bondye w la, te ba w la+. Si w te fè sa, Jewova t ap fè wayòm ou an ret pou toutan sou pèp Izrayèl la. 14 Men, kounye a, wayòm ou an pap dire+. Jewova ap jwenn yon moun ki fè l plezi+ e Jewova ap mete l chèf sou pèp li a+, paske w pa t obeyi lòd Jewova te ba w la+.”

15 Apre sa, Samyèl leve li kite Gilgal l al Gibeya ki nan tèritwa tribi Benjamen an, epi Sayil te konte pèp la. Te gen 600 gason ki te ret ansanm avè l+. 16 Sayil ak Jonatan, pitit gason l, ansanm ak mesye ki te avè l yo te rete nan Geba+ ki nan tèritwa tribi Benjamen an, e moun Filisti yo te monte kan yo nan Mikmach+. 17 Epi, sòlda ki te konn devan pou y al atake nan lame Filisti a te kite kan an e yo te fè twa gwoup. Yon gwoup t ale nan wout ki mennen Ofra a, nan peyi Chouwal, 18 yon lòt gwoup t ale nan wout Bètowon an+ e twazyèm gwoup la t ale nan wout ki mennen nan fwontyè ki bay sou Vale Zeboyim nan, nan direksyon dezè a.

19 Twouve, pa t gen yon bòs fòjon nan tout tèritwa Izrayèl, se sa k fè moun Filisti yo te di: “Ebre yo pap ka fè ni epe ni lans.” 20 Epi, tout Izrayelit yo te konn oblije desann al kote moun Filisti yo pou yo file dan chari yo, wou yo, rach yo ak sèpèt yo te genyen. 21 Yo te peye yon pim* pou yo te bay file dan chari yo te genyen yo, wou yo, fouch ki gen twa dan yo, rach yo e pou yo te bay drese pwent digèt yo. 22 E lè te vin gen lagè, okenn nan moun ki te avèk Sayil ak Jonatan yo pa t menm gen yon epe oswa yon lans nan men yo. Se sèl Sayil ak Jonatan+, pitit gason l lan, ki te gen zam sa yo.

23 Twouve, nan sòlda Filisti yo, te gen yon ti gwoup ki t ale nan pas Ravin Mikmach la+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje