BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 26
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Yon lòt fwa ankò, David pa vle touye Sayil (1-25)

        • David respekte moun Jewova chwazi a (11)

1 Samyèl 26:1

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “dezè a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 15:20, 55
  • +Jj 19:14; 1Sa 10:26
  • +1Sa 23:14, 19, 24; Sm 54:pawòl ki anlè tèt

1 Samyèl 26:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:2

1 Samyèl 26:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:50; 17:55; 2Sa 2:8; 3:27

1 Samyèl 26:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 10:15
  • +2Sa 16:9; 18:5; 23:18
  • +2Sa 2:18; 1Kw 2:15, 16

1 Samyèl 26:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:4; 26:23

1 Samyèl 26:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 10:1
  • +1Sa 24:6; 2Sa 1:14; 1Kw 16:22; Sm 20:6

1 Samyèl 26:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 32:35; 1Sa 24:12; 25:38; Sm 94:1, 23
  • +Sm 37:12, 13
  • +1Sa 31:3, 6

1 Samyèl 26:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:18; 1Sa 24:6; 1Kw 16:22; Sm 105:15

1 Samyèl 26:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:4

1 Samyèl 26:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 14:50; 17:55; 2Sa 2:8; 3:8

1 Samyèl 26:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 26:8

1 Samyèl 26:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 9:16, 17; 10:1
  • +1Sa 26:11

1 Samyèl 26:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:8, 16

1 Samyèl 26:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 35:7
  • +1Sa 24:9, 11

1 Samyèl 26:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:9
  • +Eg 19:5; Dt 26:18

1 Samyèl 26:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:14

1 Samyèl 26:21

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm mwen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:17
  • +1Sa 24:10; 26:11

1 Samyèl 26:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 7:8; 18:20
  • +1Sa 24:6; 26:9

1 Samyèl 26:24

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “nanm ou”.

  • *

    Oswa: “nanm mwen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 34:19

1 Samyèl 26:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 24:19
  • +1Sa 24:22; 27:4

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 26:1Joz 15:20, 55
1 Sam. 26:1Jj 19:14; 1Sa 10:26
1 Sam. 26:11Sa 23:14, 19, 24; Sm 54:pawòl ki anlè tèt
1 Sam. 26:21Sa 24:2
1 Sam. 26:51Sa 14:50; 17:55; 2Sa 2:8; 3:27
1 Sam. 26:6Jen 10:15
1 Sam. 26:62Sa 16:9; 18:5; 23:18
1 Sam. 26:62Sa 2:18; 1Kw 2:15, 16
1 Sam. 26:81Sa 24:4; 26:23
1 Sam. 26:91Sa 10:1
1 Sam. 26:91Sa 24:6; 2Sa 1:14; 1Kw 16:22; Sm 20:6
1 Sam. 26:10Dt 32:35; 1Sa 24:12; 25:38; Sm 94:1, 23
1 Sam. 26:10Sm 37:12, 13
1 Sam. 26:101Sa 31:3, 6
1 Sam. 26:11Le 19:18; 1Sa 24:6; 1Kw 16:22; Sm 105:15
1 Sam. 26:121Sa 24:4
1 Sam. 26:141Sa 14:50; 17:55; 2Sa 2:8; 3:8
1 Sam. 26:151Sa 26:8
1 Sam. 26:161Sa 9:16, 17; 10:1
1 Sam. 26:161Sa 26:11
1 Sam. 26:171Sa 24:8, 16
1 Sam. 26:18Sm 35:7
1 Sam. 26:181Sa 24:9, 11
1 Sam. 26:191Sa 24:9
1 Sam. 26:19Eg 19:5; Dt 26:18
1 Sam. 26:201Sa 24:14
1 Sam. 26:211Sa 24:17
1 Sam. 26:211Sa 24:10; 26:11
1 Sam. 26:23Sm 7:8; 18:20
1 Sam. 26:231Sa 24:6; 26:9
1 Sam. 26:24Sm 34:19
1 Sam. 26:251Sa 24:19
1 Sam. 26:251Sa 24:22; 27:4
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 26:1-25

1 Samyèl

26 Rive yon lè, mesye nan Zif yo+ te vin kot Sayil nan Gibeya+, yo di l: “Men David kache sou ti mòn Akila a, anfas Jechimon*+.” 2 Konsa, Sayil ale nan Dezè Zif la ak 3 000 gason li te chwazi pami pèp Izrayèl la pou l al chèche David nan Dezè Zif la+. 3 Sayil te monte kan l sou ti mòn Akila a, ki anfas Jechimon, bò wout la. Lè sa a, David t ap viv nan dezè a e li te aprann Sayil vin dèyè l nan dezè a. 4 Konsa, David te voye kèk espyon al gade si Sayil vini vre. 5 Annapre, David t al kote Sayil te monte kan l lan, e David te wè kote Sayil ak Abnè+, pitit gason Nè a, chèf lame Sayil la, te kouche ap dòmi an. Sayil te kouche e li t ap dòmi nan kan an, e gwoup sòlda yo te toutotou l. 6 Epi, David di Ayimelèk, yon desandan Èt+, ak Abichayi+, pitit gason Sewouya+, frè Jowab: “Kiyès k ap desann nan kan kot Sayil ye a avè m?” Abichayi reponn li: “M ap desann avè w.” 7 Se konsa, David ak Abichayi t al kote sòlda yo te ye a nan nuit lan, epi yo te jwenn Sayil ap dòmi nan kan an, lans li te plante nan tè a toupre tèt li. Abnè ak gwoup sòlda yo te kouche ap dòmi toutotou l.

8 Lè sa a, Abichayi di David: “Jodi a, Bondye lage ènmi w lan nan men w+. Kounye a, tanpri, kite m kloure l atè a ak yon sèl kout lans, mwen pap bezwen ba l de.” 9 Men, David di Abichayi: “Pa fè l anyen ki mal, paske ki moun ki ka leve men l pou l frape moun Jewova chwazi a+ epi pou l ret inosan+?” 10 David di ankò: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman se Jewova k ap touye l+, oswa jou l ap rive+ e l ap mouri, oubyen li pral nan lagè e l ap pèdi lavi l+. 11 Piske mwen gen respè pou Jewova, sa pa t ap janm vin nan lide m pou m leve men m pou m frape moun Jewova chwazi a+! Tanpri, kounye a, ann pran lans ki toupre tèt li a ak bidon dlo a epi ann al fè wout nou.” 12 Se konsa, David te pran lans lan ak bidon dlo a toupre tèt Sayil, epi y ale. Pa t gen pèsonn ki te ni wè yo+ ni remake anyen, e pèsonn pa t reveye, piske yo tout t ap dòmi. Se Jewova ki te fè yon gwo dòmi pran yo. 13 Apre sa, David travèse sou lòt bò a, l al kanpe byen lwen sou tèt mòn nan, e te gen yon bèl distans ki separe yo.

14 David rele gwoup sòlda Sayil yo e li rele Abnè+, pitit gason Nè a, li di: “Reponn mwen non, Abnè!” Abnè reponn: “Kiyès moun sa a k ap fè bri nan tèt wa a?” 15 David di Abnè: “Èske se pa yon gason w ye? Kiyès ki tankou w ann Izrayèl? Bon, poukisa w pa t bay wa a, mèt ou a, sekirite? Paske, gen youn nan sòlda yo ki te vin nan kan an pou l touye wa a, mèt ou a+. 16 Sa w fè a pa bon. Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman ou merite mouri, paske w pa t ret ap veye sou mèt ou, moun Jewova chwazi a+. Kounye a, gade bò kote nou an! Kote lans wa a ak bidon dlo+ ki te bò tèt li a?”

17 Epi, Sayil te rekonèt vwa David, li di l: “David, pitit gason m, se vwa w mwen tande la a+?” David reponn: “Se vwa m wi, monwa, mèt mwen an.” 18 Epi, David di: “Mèt mwen, poukisa w ap kouri dèyè sèvitè w la+? Ki sa m fè? Ki zak mwen fè+? 19 Monwa, mèt mwen an, tanpri, koute sa sèvitè w la ap di w: Si se Jewova ki fè w leve kont mwen, mwen swete l ap aksepte ofrann manje angren m ap ba li a. Men, si se lèzòm ki fè w fè sa+, se pou Jewova lage malediksyon sou yo! Paske, jodi a, yo fè m kouri al byen lwen pou m pa sèvi Jewova ansanm ak pèp li a, se kòmsi yo di m+: ‘Ale, al sèvi lòt dye!’ 20 Kounye a, pa fè san m koule devan je Jewova. Paske wa Izrayèl la soti vin chèche yon grenn pis+, tankou se yon ranmye li t ap chase nan mòn.”

21 Sayil reponn: “Mwen peche+. David, pitit gason m, ou mèt retounen, paske mwen pap fè w anyen ki mal ankò, piske jodi a ou montre w bay lavi m* anpil valè+. Wi, mwen te aji tankou yon moun sòt e mwen fè yon gwo erè.” 22 David di: “Monwa, men lans ou a. Fè youn nan jèn gason yo travèse vin pran l. 23 Se Jewova k ap rekonpanse chak moun pou sa yo fè ki jis+ e poutèt yo fidèl. Paske, jodi a, Jewova lage w nan men m, men mwen pa t vle leve men m pou m frape moun Jewova chwazi a+. 24 Menm jan m bay lavi w* anpil valè jodi a, mwen swete pou Jewova bay lavi m* anpil valè tou e pou l delivre m anba tout pwoblèm+.” 25 Sayil reponn David, li di l: “David, pitit gason m, se pou Bondye beni w! Se sèten, w ap fè yon pakèt gwo bagay e w ap reyisi kanmenm+.” Apre sa, David ale, epi Sayil retounen lakay li+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje