BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 30
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

1 Samyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Moun Amalèk yo atake Ziklag e yo boule l (1-6)

        • David jwenn fòs nan Bondye (6)

      • David pot laviktwa sou moun Amalèk yo (7-31)

        • David repran moun yo te pran yo (18, 19)

        • David di jan pou yo separe sa yo pran nan lagè (23, 24)

1 Samyèl 30:1

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Negèb”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 15:21, 31; 1Sa 27:5, 6
  • +Jen 36:12; Eg 17:14; 1Sa 15:2; 27:8

1 Samyèl 30:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 27:3

1 Samyèl 30:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 25:42, 43

1 Samyèl 30:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 18:6; 31:1, 9; 34:19; 143:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    4/2022, p. 2

1 Samyèl 30:7

Nòt anba paj

  • *

    Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 22:20; 1Wa 2:26
  • +1Sa 23:9

1 Samyèl 30:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 27:21; Jj 20:28; 1Sa 23:2, 11; 28:6
  • +1Sa 30:18; Sm 34:19

1 Samyèl 30:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 23:13; 27:2

1 Samyèl 30:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 30:21

1 Samyèl 30:12

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “lespri l te retounen nan li”.

1 Samyèl 30:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 8:18; 1Wa 1:38; 1Kw 18:17; Eze 25:16; Sf 2:5
  • +Joz 14:13

1 Samyèl 30:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 17:14

1 Samyèl 30:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 30:3

1 Samyèl 30:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 30:8; Sm 34:19

1 Samyèl 30:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 30:10

1 Samyèl 30:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 30:8

1 Samyèl 30:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 30:10
  • +Nb 31:27; Joz 22:8; Sm 68:12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/4/2005, p. 31

1 Samyèl 30:26

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “benediksyon”.

1 Samyèl 30:27

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sid”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 19:4, 8
  • +Joz 15:20, 48; 21:8, 14

1 Samyèl 30:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 15:20, 50; 21:8, 14

1 Samyèl 30:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 27:10; 1Kw 2:9
  • +Jj 1:16; 1Sa 15:6

1 Samyèl 30:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Nb 21:3; Joz 19:1, 4; Jj 1:17

1 Samyèl 30:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Joz 14:13; 2Sa 2:1

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

1 Sam. 30:1Joz 15:21, 31; 1Sa 27:5, 6
1 Sam. 30:1Jen 36:12; Eg 17:14; 1Sa 15:2; 27:8
1 Sam. 30:21Sa 27:3
1 Sam. 30:51Sa 25:42, 43
1 Sam. 30:6Sm 18:6; 31:1, 9; 34:19; 143:5
1 Sam. 30:71Sa 22:20; 1Wa 2:26
1 Sam. 30:71Sa 23:9
1 Sam. 30:8Nb 27:21; Jj 20:28; 1Sa 23:2, 11; 28:6
1 Sam. 30:81Sa 30:18; Sm 34:19
1 Sam. 30:91Sa 23:13; 27:2
1 Sam. 30:101Sa 30:21
1 Sam. 30:142Sa 8:18; 1Wa 1:38; 1Kw 18:17; Eze 25:16; Sf 2:5
1 Sam. 30:14Joz 14:13
1 Sam. 30:17Eg 17:14
1 Sam. 30:181Sa 30:3
1 Sam. 30:191Sa 30:8; Sm 34:19
1 Sam. 30:211Sa 30:10
1 Sam. 30:231Sa 30:8
1 Sam. 30:241Sa 30:10
1 Sam. 30:24Nb 31:27; Joz 22:8; Sm 68:12
1 Sam. 30:27Joz 19:4, 8
1 Sam. 30:27Joz 15:20, 48; 21:8, 14
1 Sam. 30:28Joz 15:20, 50; 21:8, 14
1 Sam. 30:291Sa 27:10; 1Kw 2:9
1 Sam. 30:29Jj 1:16; 1Sa 15:6
1 Sam. 30:30Nb 21:3; Joz 19:1, 4; Jj 1:17
1 Sam. 30:31Joz 14:13; 2Sa 2:1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
1 Samyèl 30:1-31

1 Samyèl

30 Lè David ak mesye l yo rive Ziklag+ sou twazyèm jou a, yo wè moun Amalèk yo+ te vin atake zòn sid* la ak Ziklag. Apre yo te fin atake Ziklag, yo te met dife ladan l. 2 Yo t ale ak tout medam yo+ ansanm ak tout lòt moun ki te nan vil la, ni timoun piti, ni granmoun. Yo te pran tout moun ak tout bagay nèt. Yo pa t touye pèsonn, men yo t al avèk yo. 3 Lè David ak mesye l yo antre nan vil la, yo jwenn li boule rapyetè, epi moun yo te pran madanm mesye yo, pitit gason yo ak pitit fi yo, yo ale avèk yo. 4 Se sa k fè David ak mesye l yo te pran rele byen fò, jiskaske yo pa t gen fòs pou yo kriye ankò. 5 Yo t ale tou ak de madanm David yo, Ayinowam, moun Jizreyèl, ak Abigayil, moun Kamèl, madanm defen Nabal+. 6 David te nan gwo pwoblèm paske mesye l yo te di y ap touye l ak kout wòch. Paske tout mesye yo te vin fache anpil poutèt yo te pran pitit gason yo ak pitit fi yo. Men, David te chèche jwenn fòs nan Jewova, Bondye l la+.

7 Epi, David te di Abyata+, prèt la, pitit gason Ayimelèk la: “Tanpri, pot efòd* la vini+.” Konsa, Abyata te pote efòd la bay David. 8 David te pale ak Jewova, li te mande l+: “Èske m dwe al dèyè bann vòlè sa yo? Èske m ap jwenn yo?” Li reponn li: “Ou mèt ale, w ap jwenn yo san mank, w ap sove tout moun yo e w ap repran tout sa yo te pran yo+.”

9 Menm moman an, David ale ansanm ak 600 mesye ki te avè l yo+, yo rive jis bò Ravin Besò. Lè yo rive la, yon pati nan mesye yo pa t kontinye al avèk yo. 10 David te kontinye al dèyè vòlè yo ak 400 nan mesye l yo, men 200 lòt mesye yo te santi yo twò fatige pou yo travèse Ravin Besò a e yo te rete dèyè+.

11 Yo te jwenn yon Ejipsyen nan savann nan, yo te mennen l bay David. Yo te ba l manje pou l manje ak dlo pou l bwè. 12 Yo te ba l yon moso gato fig frans yo peze ansanm ak de gato rezen. Lè l fin manje, li vin repran fòs* paske li pa t manje anyen e li pa t bwè anyen depi twa jou, twa nuit. 13 Apre sa, David mande l: “Kiyès ki mèt ou e moun ki kote w ye?” Li reponn: “Mwen se yon Ejipsyen. Mwen se esklav yon moun Amalèk. Mèt mwen abandone m paske mwen te malad sa gen twa jou. 14 Se nou menm ki t al atake zòn sid tèritwa Keretit yo+ ak zòn sid tèritwa Jida a ansanm ak zòn sid tèritwa Kalèb la+, e nou te met dife nan Ziklag.” 15 Lè sa a, David di l: “Èske w ap mennen m kote vòlè yo ye a?” Li reponn: “Si w fè sèman devan Bondye ou pap touye m e w pap lage m nan men mèt mwen an, m ap mennen w kote yo ye a.”

16 Se konsa, li te mennen yo kote bann vòlè yo te gaye kò yo toupatou nan zòn nan. Vòlè yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap fè fèt paske yo te pran anpil bagay lè yo t al vòlè nan peyi moun Filisti yo ak nan tèritwa Jida a. 17 David touye yo tout, soti avanjou rive jis demen swa. Pa gen yon moun ki ret vivan+, sof 400 gason ki te kouri ale sou chamo. 18 David repran tout sa moun Amalèk yo te pran yo+ e li sove de madanm li yo. 19 Pa t manke anyen nan sa yo te pèdi yo. Yo te jwenn tout moun ak tout bagay nèt. Yo repran pitit gason yo ak pitit fi yo ansanm ak tout sa yo te pran pou yo+. David repran tout sa yo te pran yo. 20 Se konsa, David pran tout mouton ak tout bèf moun yo te genyen yo, e mesye David yo fè bèt sa yo mache devan bèt pa yo. Yo di: “Men sa David pran nan batay la.”

21 Epi, David retounen al jwenn 200 mesye ki te rete toupre Ravin Besò yo e ki te twò fatige pou y al avè l+. Mesye yo t al rankontre David ak moun ki te avè l yo. Lè David rive bò kot mesye yo, li mande yo ki jan yo ye. 22 Men, tout mesye ki te malveyan e ki te gen kè di pami mesye ki t al ansanm ak David yo di: “Piske yo pa t al avèk nou, nou pap ba yo anyen nan sa nou te pran nan men ènmi yo, yo chak ap kapab pran madanm yo ak pitit yo sèlman epi y ale.” 23 Men, David di: “Frè m yo, nou pa dwe fè sa ak sa Jewova ban nou yo. Li te pwoteje nou e li te lage bann vòlè ki te vin atake nou yo nan men nou+. 24 Ki moun k ap dakò avèk nou nan bagay sa a? Moun ki t al batay yo ap jwenn menm kantite ak moun ki te ret ap veye bagay nou yo+. Tout moun ap jwenn pòsyon pa yo+.” 25 Depi jou sa a, David te fè sa tounen yon règ e li te fè l vin yon lwa pou tout pèp Izrayèl la pou jis jodi a.

26 Lè David retounen Ziklag, li te voye kèk nan bagay yo te pran nan men ènmi yo bay ansyen nan peyi Jida yo ki te zanmi l. Li te voye di yo: “Men yon kado* mwen voye ban nou nan sa m te pran nan men ènmi Jewova yo.” 27 Li te voye kado bay ansyen yo nan Betèl+, nan Ramòt ki nan Negèb* la, nan Jati+, 28 nan Awoyè, nan Sifmòt, nan Echtemowa+, 29 nan Rakal, nan vil moun Jerameyèl yo+, nan vil Kenit yo+, 30 nan Òma+, nan Borachan, nan Atak, 31 nan Ebwon+ ak tout kote David ak mesye l yo te konn abitye ale.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje