Sòm
Yon chante pou moun k ap monte yo.
125 Moun ki mete konfyans yo nan Jewova yo+
Tankou Mòn Siyon ki pa ka brannen,
Men k ap la pou toutan+.
2 Menm jan gen mòn ki antoure Jerizalèm+,
Se konsa Jewova antoure pèp li a+
Depi kounye a e l ap fè sa pou toutan.
3 Mechan yo pap kontinye gen pouvwa nan peyi moun ki jis yo+,
5 Kanta pou moun ki kite bon chemen an pou yo fè chemen kwochi,
Jewova ap fè yon fen avèk ni yo menm ni lòt moun k ap fè sa ki mal yo+.
Se pou gen lapè ann Izrayèl.