Yon chante.
98 Chante yon nouvo chante pou Jewova+,
Paske l fè yon pakèt aksyon estrawòdinè+.
Li bay delivrans ak men dwat li, ak bra l ki sen+.
2 Jewova fè moun konnen jan li bay delivrans+.
Li fè nasyon yo konnen jan li jis+.
3 Li sonje pwomès li te fè pou l demontre lanmou l ak fidelite l pou desandan Izrayèl yo+.
Moun toupatou sou tè a wè jan Bondye nou an sove nou+.
4 Se pou tout tè a rele byen fò ak kè kontan e se pou l fè louwanj pou Jewova.
Se pou nou kontan, se pou nou rele ak kè kontan e se pou nou chante louwanj pou li+.
5 Sèvi ak hap pou nou chante louwanj pou Jewova.
Chante bèl chante pou li avèk hap la.
6 Sèvi ak twonpèt ak kòn+
Pou nou rele byen fò ak kè kontan devan Jewova, Wa nou an.
7 Se pou lanmè a ak tout sa k ladan l fè anpil bri tèlman yo kontan,
Se pou tè a ak tout moun ki abite ladan l rele byen fò.
8 Se pou rivyè yo bat men yo,
Se pou mòn yo met ansanm pou yo rele byen fò ak kè kontan+
9 Devan Jewova, paske l ap vin jije tè a.
L ap jije tout moun ki sou tè a avèk jistis+
E l ap jije tout pèp yo san patipri+.