Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Se pou yo akonpaye chante sa a ak enstriman akòd ki akòde sou cheminit*. Yon chante David te ekri.
6 O Jewova, pa korije m pandan w fache,
Pa korije m pandan w an kòlè+.
3 Vrèmanvre, mwen* boulvèse anpil+,
E men sa m ap mande w, o Jewova: Pandan konbyen tan ankò m ap kontinye soufri+?
6 Mwen fatige tèlman m ap plenn+.
Lannuit, mwen mouye kabann mwen ak dlo nan je m*,
Mwen benyen kabann mwen nèt tèlman m kriye+.
8 Retire kò nou sou mwen, nou tout k ap fè mechanste.
Paske, Jewova ap tande m lè m ap kriye+.
9 Jewova ap tande demann mwen fè l pou l fè m favè+,
Jewova ap aksepte priyè m nan.
10 Tout ènmi m yo ap wont, y ap pè,
Y ap fè bak akoz lawont ap tonbe sou yo bridsoukou+.