Sòm
Yon melodi. Yon chante David te ekri pou inogirasyon kay la.
2 O Jewova, Bondye m nan, mwen te kriye nan pye w pou m mande w sekou e w te geri m+.
5 Paske lè l an kòlè kont yon moun, se pou yon ti tan+,
Men lè yon moun gen favè l*, se pou lavi+.
Sa ka rive nou kriye nan aswè, men, nan maten, n ap rele ak kè kontan+.
6 Lè bagay yo t ap mache byen pou mwen, mwen te di:
“Mwen pap janm brannen*.”
7 O Jewova, lè m te gen favè w la*, ou te fè m djanm tankou yon mòn+.
Men, lè w te kache pou mwen an, mwen te pè anpil+.
8 O Jewova, se ou menm mwen te kontinye rele+.
Se Jewova mwen te kontinye sipliye pou l fè m favè.
11 Ou fè lapenn mwen ale e w fè m danse ak kè kontan.
Ou retire twal sak ki te sou mwen an e w fè m gen anpil kè kontan
12 Pou m* ka chante louwanj pou ou, pou m pa ret an silans.
O Jewova, Bondye m nan, m ap louwe w pou toutan.