Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Pou yo jwe sou ton* “Lis yo”. Yon chante damou desandan Kore yo+ te ekri. Maskil*.
45 Gen yon bon bagay ki touche kè m anpil.
Mwen di: “Chante m nan* ap pale de yon wa+.”
Se pou lang mwen vin tankou yon plim+ ki nan men yon moun ki ekri byen+.
2 Se ou ki pi bèl gason pami pitit gason lèzòm yo.
Se pa ti bèl pawòl ki sot nan bouch ou bèl+!
Se sa k fè Bondye beni w pou toutan+.
4 Pandan w gen glwa a, al ranpòte laviktwa+.
Monte cheval ou epi batay pou moun ki gen imilite yo, pou laverite ak lajistis+,
E w ap reyalize gwo bagay ak men dwat ou.
7 Ou renmen sa ki jis+ e w rayi mechanste+.
Se poutèt sa, Bondye, Bondye w la, chwazi w, li vide luil sou tèt ou+ e li ba w plis kè kontan+ pase konpayon w yo.
8 Tout rad ou gen sant lami*, sant kas ak sant lalwa*.
Son enstriman akòd yo k ap soti nan gwo palè ki dekore ak ivwa a fè kè w kontan.
9 Pami fi w onore yo, genyen ki pitit fi wa.
Rèn nan kanpe adwat ou e li gen bijou sou li ki fèt ak lò ki sot Ofi+.
10 Tande, pitit fi m, panche zòrèy ou pou w koute m.
Bliye pèp ou a, bliye kay papa w.
15 Ap gen rejwisans ak kè kontan pandan y ap mennen yo.
Y ap antre anndan palè wa a.