Sòm
43 Fè m jwenn jistis, o Bondye+,
Defann kòz mwen+ kont yon nasyon ki pa fidèl.
Sove m anba men moun k ap twonpe moun e k ap fè sa ki mal.
2 Paske, se ou ki Bondye m, ki fòtrès mwen+.
Poukisa w voye m jete konsa a?
Poukisa pou m ap mache byen tris akoz ènmi m nan k ap toupizi m+?
3 Voye limyè w ak verite w+.
Se pou yo gide m+,
Se pou yo mennen m nan mòn ou an ki sakre ak nan tabènak* ou a+.