Sòm
Yon chante Asaf+ te ekri.
50 Jewova, Dye ki anlè tout lòt dye yo+, pale,
Li konvoke latè,
Depi kote solèy la leve a rive kote l kouche a*.
2 Detan Bondye Siyon, ki bèl anpil+, li klere tankou solèy.
3 Bondye nou an ap vini e li pa ka ret an silans+.
Devan l gen yon dife k ap boule+,
Gen yon gwo tanpèt toutotou l+.
6 Syèl la ap fè konnen jan Bondye jis,
Paske se Bondye ki Jij+. (Sela)
7 “O Izrayèl, pèp mwen an, koute m, m ap pale avèk nou,
M ap temwaye kont nou+.
Mwen se Bondye, Bondye nou an+.
8 Se pa poutèt sakrifis nou yo m ap blame nou,
Ni poutèt ofrann nou boule nèt ki devan m toutan yo+.
10 Paske, tout bèt nan bwa se pou mwen+,
E menm bèt ki sou tout mòn yo se pou mwen.
11 Mwen konn tout zwazo ki gen nan mòn yo+.
Pakèt zannimo ki nan savann yo se pou mwen.
12 Si mwen ta grangou, mwen pa t ap di nou sa.
Paske, tè a ak tout sa k sou li se pou mwen yo ye+.
13 Èske m ap manje vyann towo bèf?
Èske m ap bwè san kabrit+?
16 Men, men sa Bondye ap di mechan an:
“Ki dwa w pou w fè moun konnen lwa m yo+,
Oswa pou w pale moun de alyans mwen an+?
19 Ou sèvi ak bouch ou pou w di sa k mal,
Ou sèvi ak lang ou pou w bay manti+.
20 Ou chita ak lòt moun pou w pale pwòp frè w mal+,
Ou fè moun konnen defo* pitit gason manman w genyen.
21 Lè w te fè bagay sa yo, mwen te rete san m pa di anyen.
Se sa k fè w te panse mwen t ap fè menm jan avè w.
Men, kounye a, m ap blame w,
M ap fè konnen ki pwoblèm mwen gen avè w+.
22 Tanpri, sonje sa, ou menm ki bliye Bondye+,
Pou m pa fè w fè miyèt moso san w pa gen pèsonn pou sove w.