Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante David te ekri kòm rapèl.
70 O Bondye, sove m.
O Jewova, fè vit vin ede m+.
2 Se pou moun k ap chèche touye m* yo
Wont e se pou yo tonbe nan dezonè.
Se pou moun ki kontan akoz malè ki rive m nan
Fè bak poutèt imilyasyon yo jwenn nan.
3 Se pou moun k ap pase m nan rizib yo
Fè bak tèlman yo wont.
4 Se pou moun k ap chèche w yo
Kontan anpil e se pou yo rejwi pou sa w fè pou yo+.
Se pou moun ki renmen sa w fè pou w delivre yo toujou di:
“Glwa pou Bondye!”