Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Nan stil Mahalat*. Maskil*. Yon chante David te ekri.
“Pa gen Jewova+.”
Move bagay y ap fè yo pa bon menm e yo bay degoutans.
Pa gen youn k ap fè sa ki bon+.
2 Men, detan Bondye nan syèl la, l ap gade lèzòm+
Pou l wè si gen nan yo ki gen bon konprann, si gen nan yo k ap chèche Jewova+.
4 Èske se konprann okenn nan moun k ap fè sa ki mal yo pa konprann?
Y ap devore pèp mwen an tankou se pen y ap manje.
Yo pa envoke non Jewova+.
5 Men, yon gwo laperèz gen pou anvayi yo.
Y ap pè nan yon nivo yo pa t janm pè anvan*.
Paske, Bondye ap gaye zo moun ki atake Izrayèl yo*.
Izrayèl ap fè yo wont paske Jewova vire do ba yo.
6 Se pou delivrans Izrayèl soti nan Siyon+!
Lè Jewova ap rasanble moun nan pèp li a ki te ann egzil yo,
Se pou Jakòb kontan, se pou Izrayèl rejwi.