Sòm
Pou moun k ap dirije mizisyen yo. Yon chante desandan Kore yo te ekri+. Maskil*.
44 O Bondye, nou te tande ak zòrèy nou.
Zansèt nou yo te rakonte nou+
Bagay ou te fè nan tan lontan,
Nan epòk yo a.
2 Ou te mete yon seri nasyon deyò ak men w+,
E ou te fè zansèt nou yo pran plas yo+.
Ou te kraze yon seri nasyon e w te mete yo deyò+.
3 Se pa avèk epe yo yo te pran peyi a+,
E se pa pwòp men yo ki te fè yo pote laviktwa+.
Men, yo te pote laviktwa grasa men dwat ou, grasa fòs ponyèt ou+ e grasa favè w te fè yo*
Paske w te pran plezi nan yo+.
5 Se grasa pisans ou n ap fè advèsè nou yo fè bak+,
Se nan non w n ap pilonnen moun ki leve kont nou yo+.
7 Se ou menm ki te delivre nou anba men advèsè nou yo+.
Ou te imilye moun ki rayi nou yo.
8 Se ou menm n ap bay louwanj tout lajounen, o Bondye.
N ap fè louwanj pou non w pou toutan. (Sela)
9 Men kounye a, ou voye nou jete, ou imilye nou
E w pa avèk lame nou yo ankò lè y ap soti.
10 W ap plede fè nou kouri pou advèsè nou yo+.
Moun ki rayi nou yo pran sa yo vle.
11 Ou lage nou tankou mouton pou yo devore nou.
Ou gaye nou nan mitan nasyon yo+.
13 Ou fè vwazen nou yo pa gen respè pou nou,
Ou fè moun ki toutotou nou yo ap moke nou, ou fè y ap pase nou nan rizib.
14 Ou fè nasyon yo pa vle wè nou+,
Ou fè moun yo souke tèt yo pou yo pase nou nan rizib.
15 Mwen santi yon imilyasyon tout lajounen.
Lawont ki tonbe sou mwen an twòp pou mwen,
16 Paske, mwen tande vwa moun k ap pase m nan rizib yo, k ap di m move pawòl.
Paske, ènmi nou an ap tire revanj sou nou.
17 Tout bagay sa yo rive nou, men nou pa bliye w,
E nou pa vyole alyans ou an+.
18 Kè nou pa devye,
Pye nou pa kite chemen w lan.
19 Men, ou kraze nou kote chen sovaj yo rete,
Ou kouvri nou ak yon lonbray pwès.
20 Si nou bliye non Bondye nou an
Oubyen nou leve men nou pou nou priye yon fo dye,
21 Èske Bondye pap konn sa?
Paske, li konnen sekrè ki nan kè moun+.
22 Poutèt ou menm, tout lajounen y ap touye nou,
Yo konsidere nou tankou mouton y ap mennen labatwa+.
24 Poukisa w kache figi w pou nou?
Poukisa w bliye nou alòske n ap soufri e y ap toupizi nou?