Jozye
24 Annapre, Jozye te rasanble tout tribi Izrayèl yo nan Sichèm e li te fè rele ansyen ki nan pèp Izrayèl la, moun ki alatèt yo, jij yo ak moun ki gen otorite yo+. Epi, yo vin kanpe devan vrè Dye a. 2 Jozye di tout pèp la: “Men sa Jewova, Bondye Izrayèl la, di: ‘Se nan lès Rivyè a* zansèt nou yo+, tankou Tera, papa Abraram ak Nawò, t ap viv sa gen anpil tan+, e yo te konn sèvi lòt dye+.
3 “‘Rive yon lè, mwen te pran zansèt nou an, Abraram+, nan lès Rivyè a*, mwen te fè l al mache nan tout peyi Kanaran e mwen te fè desandan l yo* vin anpil+. Mwen te ba l Izarak+. 4 Apre sa, mwen te bay Izarak Jakòb ak Ezaou+. Annapre, mwen te bay Ezaou Mòn Seyi kòm byen pa l+. Epi, Jakòb ak pitit gason l yo te desann ann Ejip+. 5 Annapre, mwen te voye Moyiz ak Arawon+ reprezante m, epi mwen te lage yon seri flewo sou Ejip+. Apre sa, mwen te fè nou sot nan peyi a. 6 Lè m te fè zansèt nou yo kite peyi Ejip+ e nou te rive bò lanmè a, Ejipsyen yo te kouri dèyè zansèt nou yo ak charyo yo konn fè lagè ansanm ak sòlda ki sou cheval rive jis nan Lanmè Wouj+. 7 Zansèt nou yo te kòmanse rele m, mwen menm, Jewova+, pou m vin pote yo sekou. Se sa k fè mwen te mete yon fènwa ant nou menm ak Ejipsyen yo e mwen te fè lanmè a kouvri yo+. Nou te wè ak je nou sa m te fè ann Ejip+. Apre sa, nou te rete nan dezè a pandan anpil ane+.
8 “‘Epi, mwen te mennen nou nan peyi Amorit yo, ki te abite sou lòt bò* Rivyè Jouden an, e yo te fè lagè avèk nou+. Men, mwen te lage yo nan men nou pou nou te ka pran peyi yo a, e mwen te detwi yo+. 9 Apre sa, Balak, pitit gason Zipò a, wa Mowab la, al fè lagè ak pèp Izrayèl la. Epi, li voye rele Balaam, pitit gason Beyò a, pou l lage malediksyon sou nou+. 10 Men, mwen pa t koute Balaam+. Se sa k fè li te beni nou plizyè fwa+ e mwen te sove nou anba men l+.
11 “‘Annapre, nou te travèse Rivyè Jouden an+ e nou rive Jeriko+. Epi, chèf* nan Jeriko yo ak Amorit yo, Perizit yo, moun Kanaran yo, desandan Èt yo, Gigachit yo, Ivit yo ak moun Jebis yo te fè lagè avèk nou. Men, mwen te lage yo nan men nou+. 12 Mwen te fè yo dekouraje* depi anvan nou vini+, e sa te fè yo kouri pou nou, menm jan ak de wa Amorit yo. Se pa ni ak epe nou ni ak banza* nou sa te fèt+. 13 Konsa, mwen te ban nou yon peyi nou pa t redi pou li ak yon seri vil nou pa t bati+, e nou te abite ladan yo. Nou te manje fwi ki sot nan jaden rezen ak nan pye oliv nou pa t plante+.’
14 “Se sa k fè, se pou nou gen lakrentif pou Jewova e se pou nou sèvi l yon fason ki san repwòch e avèk fidelite*+. Se pou nou retire dye zansèt nou yo t ap sèvi nan lès Rivyè a* ak ann Ejip yo nan mitan nou+, e se pou nou sèvi Jewova. 15 Kounye a, si sa parèt mal nan je nou pou nou sèvi Jewova, chwazi nou menm jodi a kiyès n ap sèvi+, swa dye zansèt nou yo t ap sèvi nan lès Rivyè a*+, swa dye Amorit yo ki nan peyi kote n abite a+. Men, kanta pou mwen menm ak fanmi m, se Jewova n ap sèvi.”
16 Lè sa a, pèp la di l: “Sa pa t ap janm vin nan lide nou pou nou abandone Jewova pou n al sèvi lòt dye. 17 Se Jewova, Bondye nou an, ki te fè nou menm ak zansèt nou yo soti nan esklavaj+ nan peyi Ejip+, ki te fè gwo mirak devan je nou+ e ki te kontinye pwoteje nou nan tout wout nou te pase ak nan mitan tout pèp nou te pase yo+. 18 Jewova te mete tout pèp yo deyò pou nou, san wete Amorit yo, ki t ap viv nan peyi a. Se sa k fè, nou menm tou n ap sèvi Jewova, paske li se Bondye nou.”
19 Lè sa a, Jozye di pèp la: “Nou pa ka sèvi Jewova, paske li se yon Dye ki sen+. Li se yon Dye ki egzije pou nou atache avè l sèlman+. Li pap padone nou pou bagay mal* nou fè yo e pou peche nou yo+. 20 Si nou abandone Jewova e n al sèvi dye lòt nasyon yo, l ap vire kont nou e l ap detwi nou apre byen li fin fè pou nou yo+.”
21 Men, pèp la di Jozye: “Se Jewova nou vle sèvi nou menm+!” 22 Lè sa a, Jozye di pèp la: “Nou temwen pwòp tèt nou se nou menm poukont nou ki chwazi sèvi Jewova+.” Epi, yo di l: “Nou temwen.”
23 “Se sa k fè, se pou nou retire dye lòt nasyon nou gen nan mitan nou yo, e se pou nou bay Jewova, Bondye Izrayèl la, kè nou.” 24 Pèp la di Jozye: “N ap sèvi Jewova, Bondye nou an, e n ap obeyi sa l di!”
25 Konsa, Jozye fè yon alyans ak pèp la jou sa a e li mete kòmandman ak lwa pou yo suiv nan Sichèm. 26 Apre sa, Jozye ekri pawòl sa yo nan liv Lalwa Bondye a+, epi li pran yon gwo wòch+ li mete l kanpe anba gwo pyebwa ki toupre kote sakre ki pou Jewova a.
27 Epitou, Jozye di tout pèp la: “Gade! Wòch sa a ap sèvi temwen kont nou menm avè m+, paske li tande tout bagay Jewova te di nou yo. Si nou vire do bay Bondye nou an, wòch sa a ap sèvi temwen kont nou.” 28 Lè sa a, Jozye voye pèp la ale, li voye chak moun al nan eritaj pa yo+.
29 Apre sa, Jozye, pitit gason Noun nan, sèvitè Jewova a, mouri. Li te gen 110 an+. 30 Epi, yo te antere l Timnatsera+, nan tèritwa kote eritaj li a te ye a, nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan, nan nò Mòn Gaach. 31 Pèp Izrayèl la te kontinye sèvi Jewova pandan tout tan Jozye te vivan e pandan tout tan ansyen ki te kontinye viv apre Jozye yo te la. Ansyen sa yo te konnen tout aksyon Jewova te fè pou pèp Izrayèl la+.
32 Yo te antere zosman Jozèf+ Izrayelit yo te pote sot ann Ejip yo nan Sichèm, nan tè Jakòb te achte nan men pitit gason Amò yo+ pou 100 pyès monnen+. Amò se te papa Sichèm. Tè sa a te vin eritaj desandan Jozèf yo+.
33 Annapre, Eleyaza, pitit gason Arawon an, mouri tou+. Yo te antere l nan ti mòn ki pou Fineyas, pitit gason l lan+. Se ti mòn yo te bay Fineyas nan zòn ki gen mòn nan Efrayim nan.