BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 18
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Chak moun responsab pou peche l fè (1-32)

        • Nanm ki peche a ap mouri (4)

        • Yon pitit gason pap peye pou peche papa l fè (19, 20)

        • Bondye pa pran plezi nan lanmò mechan an (23)

        • Repantans bay lavi (27, 28)

Ezekyèl 18:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 31:29, 30

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 53

Ezekyèl 18:4

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “lavi”. Gade Lis mo yo esplike yo.

  • *

    Oswa: “Moun”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Ezekyèl 18:6

Nòt anba paj

  • *

    Mo ebre yo itilize la a gen rapò petèt ak “poupou”, e yo itilize l pou bagay yo meprize.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 12:2; Jr 3:6
  • +Le 20:10
  • +Le 18:19; 20:18

Ezekyèl 18:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 14:21
  • +Dt 24:12, 13
  • +Le 6:2, 4
  • +Dt 15:11
  • +Eza 58:6, 7; Jk 2:15, 16

Ezekyèl 18:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:25; Sm 15:5; Lk 6:34, 35
  • +Le 19:35
  • +Le 19:15; 25:14; Dt 1:16

Ezekyèl 18:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 18:5

Ezekyèl 18:10

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “yon moun k ap fè san koule”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 19:13
  • +Jen 9:6; Eg 21:12

Ezekyèl 18:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 15:7, 8
  • +Le 26:30
  • +2Wa 21:11

Ezekyèl 18:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 22:12

Ezekyèl 18:19

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 16:20; Wm 10:5

Ezekyèl 18:20

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Moun”. Gade Lis mo yo esplike yo.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 24:16; Jr 31:30; Eze 18:4
  • +Eza 3:10, 11; Ga 6:7

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/3/2010, p. 28-29

Ezekyèl 18:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 55:7; Eze 3:21; 33:12, 19; Tr 3:19

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    7/2017, p. 2-3

Ezekyèl 18:22

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pap fè l sonje”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 33:12, 13; Sm 25:7; Eza 43:25
  • +Eze 33:16

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Referans pou Pwogram reyinyon,

    7/2017, p. 3

Ezekyèl 18:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Lm 3:33; Eze 33:11; 1Ti 2:3, 4; 2P 3:9
  • +Mi 7:18

Ezekyèl 18:24

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “fè enjistis”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 33:12, 18; Eb 10:38; 2J 8
  • +Pw 21:16; Eze 3:20

Ezekyèl 18:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jb 35:2; Pw 19:3; Eze 33:17, 20
  • +Dt 32:4
  • +Eza 55:9; Jr 2:17

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/10/2010, p. 3-4

Ezekyèl 18:27

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “sove nanm li”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 55:7; 1Ti 4:16

Ezekyèl 18:29

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 18:25; Sm 145:17; Eza 40:14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    15/8/2013, p. 11

Ezekyèl 18:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jb 34:11; Wm 2:6

Ezekyèl 18:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 34:14; Eza 1:16
  • +Sm 51:10; Jr 32:39; Eze 11:19; Efe 4:23, 24
  • +Dt 30:15; Pw 8:36; Tr 13:46

Ezekyèl 18:32

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 29:11; Lm 3:33; Eze 33:11; Lk 15:10; 2P 3:9
  • +Dt 30:16

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 18:2Jr 31:29, 30
Eze. 18:6Dt 12:2; Jr 3:6
Eze. 18:6Le 20:10
Eze. 18:6Le 18:19; 20:18
Eze. 18:7Pw 14:21
Eze. 18:7Dt 24:12, 13
Eze. 18:7Le 6:2, 4
Eze. 18:7Dt 15:11
Eze. 18:7Eza 58:6, 7; Jk 2:15, 16
Eze. 18:8Eg 22:25; Sm 15:5; Lk 6:34, 35
Eze. 18:8Le 19:35
Eze. 18:8Le 19:15; 25:14; Dt 1:16
Eze. 18:9Le 18:5
Eze. 18:10Le 19:13
Eze. 18:10Jen 9:6; Eg 21:12
Eze. 18:12Dt 15:7, 8
Eze. 18:12Le 26:30
Eze. 18:122Wa 21:11
Eze. 18:13Eze 22:12
Eze. 18:19Dt 16:20; Wm 10:5
Eze. 18:20Dt 24:16; Jr 31:30; Eze 18:4
Eze. 18:20Eza 3:10, 11; Ga 6:7
Eze. 18:21Eza 55:7; Eze 3:21; 33:12, 19; Tr 3:19
Eze. 18:222Kw 33:12, 13; Sm 25:7; Eza 43:25
Eze. 18:22Eze 33:16
Eze. 18:23Lm 3:33; Eze 33:11; 1Ti 2:3, 4; 2P 3:9
Eze. 18:23Mi 7:18
Eze. 18:24Eze 33:12, 18; Eb 10:38; 2J 8
Eze. 18:24Pw 21:16; Eze 3:20
Eze. 18:25Jb 35:2; Pw 19:3; Eze 33:17, 20
Eze. 18:25Dt 32:4
Eze. 18:25Eza 55:9; Jr 2:17
Eze. 18:27Eza 55:7; 1Ti 4:16
Eze. 18:29Jen 18:25; Sm 145:17; Eza 40:14
Eze. 18:30Jb 34:11; Wm 2:6
Eze. 18:31Sm 34:14; Eza 1:16
Eze. 18:31Sm 51:10; Jr 32:39; Eze 11:19; Efe 4:23, 24
Eze. 18:31Dt 30:15; Pw 8:36; Tr 13:46
Eze. 18:32Jr 29:11; Lm 3:33; Eze 33:11; Lk 15:10; 2P 3:9
Eze. 18:32Dt 30:16
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 18:1-32

Ezekyèl

18 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Gen yon pawòl n ap di nan peyi Izrayèl: ‘Papa manje rezen ki si, men se dan pitit yo ki sirèt+.’ Ki sa pawòl sa a vle di?

3 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, nou pap kontinye repete pawòl sa a ann Izrayèl. 4 Tande sa! Tout nanm* se pou mwen yo ye. Ni nanm papa, ni nanm pitit se pou mwen yo ye. Nanm* ki peche a, se li menm k ap mouri.

5 “‘Ann pran egzanp yon moun ki jis. Li fè sa ki bon, li fè sa ki dwat, 6 li pa manje sakrifis yo ofri zidòl sou mòn yo+, li pa leve tèt li pou l gade zidòl ki bay degoutans* moun Izrayèl yo genyen yo, li pa kouche ak madanm pwochen l+, ni li pa kouche ak yon fi ki gen règ li+, 7 li pa maltrete pèsonn+, men li remèt moun ki dwe l yo sa yo te ba l kòm garanti+, li pa vòlè afè pèsonn+, men li bay moun ki grangou yo manje pwòp manje pa l+, li bay moun ki pa gen rad yo rad pou yo met sou yo+, 8 li pa pran enterè sou lajan li prete moun+, li pa bay ponya, li pa aji okenn fason ki pa bon+, li byen jije ka moun ki gen pwoblèm youn ak lòt+, 9 li kontinye mache nan kòmandman m yo e li kontinye obeyi lwa m yo paske li vle aji avèk fidelite. Yon moun konsa se yon moun ki jis e se sèten l ap kontinye viv+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.

10 “‘Men, si moun sa a vin papa yon pitit gason e pitit la se yon vòlè+ oswa yon asasen*+ oswa li fè nenpòt nan lòt bagay mwen pral site la yo 11 (byenke papa l pa fè okenn nan bagay sa yo): li manje sakrifis yo ofri zidòl sou mòn yo, li kouche ak madanm pwochen l, 12 li maltrete moun ki nan nesesite, pòv malere yo+, li vòlè afè moun, li pa remèt moun li te prete afè l bagay yo te ba l kòm garanti, li leve tèt li pou l gade zidòl yo ki bay degoutans+, l ap pratike yon seri bagay ki bay degoutans+, 13 li bay ponya, li pran enterè sou lajan li prete moun+, nan ka sa a, pitit gason sa a pap kontinye viv. Yo pap manke pa touye l pou tout vye bagay li fè yo. Se li k ap responsab pwòp san l.

14 “‘Men, e si gen yon papa ki gen yon pitit gason ki wè tout peche papa a ap fè, men li pa fè bagay li wè papa l ap fè yo, 15 li pa manje sakrifis yo ofri zidòl sou mòn yo, li pa leve tèt li pou l gade zidòl ki bay degoutans moun Izrayèl yo genyen yo, li pa kouche ak madanm pwochen l, 16 li pa maltrete pèsonn, li pa sezi bagay yo te ba l kòm garanti, li pa nan vòlè, li bay moun ki grangou manje pwòp manje pa l, moun ki pa gen rad, li ba yo rad pou yo met sou yo, 17 li pa toupizi moun ki pòv la, li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete moun, li obeyi kòmandman m ak lwa m yo. Yon pitit gason konsa pap mouri pou peche papa l fè. Se sèten l ap kontinye viv. 18 Men, kòm papa l te konn fè magouy, li te konn pran afè frè l e li te konn fè sa k pa sa nan mitan pèp li a, papa a ap mouri pou peche l fè.

19 “‘Men, nou gen pou n di: “Poukisa pitit la pa peye pou peche papa l fè?” Kòm pitit la fè sa ki jis ak sa ki dwat nan tout bagay, kòm li obeyi kòmandman Bondye yo, se sèten l ap kontinye viv+. 20 Nanm* ki peche a, se li menm k ap mouri+. Yon pitit gason pap peye pou peche papa l fè e yon papa pap peye pou peche pitit gason l fè. Moun ki jis la ap jwenn rekonpans poutèt li jis e moun ki mechan an ap jwenn pinisyon poutèt li mechan+.

21 “‘Si yon moun ki mechan sispann fè tout peche l ap fè yo, li obeyi kòmandman m yo, li fè sa ki jis ak sa ki dwat, se sèten l ap kontinye viv. Li pap mouri+. 22 Yo pap fè l peye pou* okenn nan peche li t ap fè yo+. L ap kontinye viv poutèt li fè sa ki dwat+.’

23 “‘Èske lè yon moun mechan mouri, sa fè m plezi+?’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. ‘Èske m pa t ap pi pito pou l sispann fè sa l t ap fè yo e pou l kontinye viv+?’

24 “‘Men, lè yon moun ki jis sispann fè sa ki dwat e li vin ap fè sa ki mal*, li vin ap fè tout bagay ki bay degoutans mechan yo ap fè yo, èske l ap kontinye viv? Yo pap sonje okenn nan bon bagay li te konn fè yo+. L ap mouri akoz li pa fidèl e akoz peche l fè+.

25 “‘Men, nou gen pou n di: “Fason Jewova aji a pa bon+.” Nou menm moun Izrayèl, tanpri, koute sa m ap di nou. Èske se fason mwen aji yo ki pa bon+ oubyen se fason nou aji yo ki pa bon+?

26 “‘Lè yon moun ki jis sispann fè sa ki dwat, li vin ap fè sa ki mal e li mouri poutèt sa, se akoz sa li fè ki mal yo li mouri.

27 “‘Lè yon moun ki mechan sispann fè move bagay li te konn fè yo e li kòmanse ap fè sa ki jis ak sa ki dwat, l ap sove lavi l*+. 28 Lè l rann li kont sa l ap fè yo pa bon e li sispann fè yo, se sèten l ap kontinye viv. Li pap mouri.

29 “‘Men, moun Izrayèl yo gen pou yo di: “Fason Jewova aji a pa bon.” Nou menm moun Izrayèl, èske se fason mwen aji yo ki pa bon vre+? Èske se pa fason nou aji yo ki pa bon?’

30 “‘Nou menm moun Izrayèl yo, m ap jije nou chak selon fason nou aji+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. ‘Vire do bay tout peche n ap fè yo, wi, vire do ba yo nèt yon fason pou yo pa fè nou koupab. 31 Sispann fè tout peche n ap fè yo+. Se pou nou fè chanjman nan kè nou, se pou nou panse yon lòt jan+. Poukisa pou nou mouri+, o nou menm moun Izrayèl yo?’

32 “‘Mwen pa pran plezi nan lanmò pèsonn+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. ‘Kidonk, se pou nou sispann fè sa ki mal pou nou ka sove lavi nou+.’”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje