BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Pwovèb 23
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Pwovèb — Sa ki gen nan liv sa a

    • PWOVÈB SALOMON YO (10:1–24:34)

Pwovèb 23:2

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Mete yon kouto anba gòj ou”.

  • *

    Oswa: “yon nanm ki plen ak anvi”.

Pwovèb 23:4

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “Sispann apiye sou pwòp entèlijans ou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 28:20; Jan 6:27; 1Ti 6:9, 10

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad piblik,

    no 3 2021 p. 8

Pwovèb 23:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1J 2:16, 17
  • +Pw 27:24

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad piblik,

    no 3 2021 p. 8

Pwovèb 23:6

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon moun ki gen move je”.

Pwovèb 23:7

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon moun k ap kalkile nan nanm li”.

  • *

    Lit.: “kè l pa avè w”.

Pwovèb 23:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 9:7; 26:4
  • +Mt 7:6

Pwovèb 23:10

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 19:14; Pw 22:28

Pwovèb 23:11

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Paske Sovè”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 22:22, 23; Sm 10:14

Pwovèb 23:13

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “yon tigason; yon jèn”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 13:24; 19:18; Efe 6:4

Pwovèb 23:14

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “delivre nanm li”.

  • *

    Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.

Pwovèb 23:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 27:11; 3J 4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    4/2017, p. 32

Pwovèb 23:16

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “Ren”.

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad etid,

    4/2017, p. 32

Pwovèb 23:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 37:1
  • +Sm 111:10; 2Ko 7:1

Pwovèb 23:18

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 37:37; Pw 24:14

Pwovèb 23:20

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 20:1; Eza 5:11; Wm 13:13; 1P 4:3
  • +Pw 28:7; 1Ko 10:31

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 43

Pwovèb 23:21

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 21:20, 21; Pw 21:17

Pwovèb 23:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 20:12; 21:17; Mt 15:5, 6; Efe 6:1

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/7/2004, p. 8

    10/2016, p. 16

Pwovèb 23:23

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “Chèche gen”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Flp 3:7, 8
  • +Pw 4:5; 16:16

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 12

    Toudegad etid,

    12/2018, p. 9

    11/2018, p. 3-7, 8-12

Pwovèb 23:24

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 50

Pwovèb 23:25

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Viv ak kè kontan!—Liv, leson 50

Pwovèb 23:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 107:43

Pwovèb 23:27

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “etranje”. Gade Pw 2:16.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 22:14

Pwovèb 23:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 7:10, 12; Ekl 7:26

Pwovèb 23:29

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “je l lou”.

Pwovèb 23:30

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “diven”.

  • *

    Oswa: “moun ki rasanble pou yo goute”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 20:1; Efe 5:18

Pwovèb 23:32

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/12/2004, p. 28

Pwovèb 23:33

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Oz 4:11

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Toudegad,

    1/12/2004, p. 28

Pwovèb 23:35

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “mwen pa santi okenn doulè”.

  • *

    Oswa: “M ap chèche l ankò”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jen 19:33

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Pwo. 23:4Pw 28:20; Jan 6:27; 1Ti 6:9, 10
Pwo. 23:51J 2:16, 17
Pwo. 23:5Pw 27:24
Pwo. 23:9Pw 9:7; 26:4
Pwo. 23:9Mt 7:6
Pwo. 23:10Dt 19:14; Pw 22:28
Pwo. 23:11Eg 22:22, 23; Sm 10:14
Pwo. 23:13Pw 13:24; 19:18; Efe 6:4
Pwo. 23:15Pw 27:11; 3J 4
Pwo. 23:17Sm 37:1
Pwo. 23:17Sm 111:10; 2Ko 7:1
Pwo. 23:18Sm 37:37; Pw 24:14
Pwo. 23:20Pw 20:1; Eza 5:11; Wm 13:13; 1P 4:3
Pwo. 23:20Pw 28:7; 1Ko 10:31
Pwo. 23:21Dt 21:20, 21; Pw 21:17
Pwo. 23:22Eg 20:12; 21:17; Mt 15:5, 6; Efe 6:1
Pwo. 23:23Flp 3:7, 8
Pwo. 23:23Pw 4:5; 16:16
Pwo. 23:26Sm 107:43
Pwo. 23:27Pw 22:14
Pwo. 23:28Pw 7:10, 12; Ekl 7:26
Pwo. 23:30Pw 20:1; Efe 5:18
Pwo. 23:33Oz 4:11
Pwo. 23:35Jen 19:33
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
  • 32
  • 33
  • 34
  • 35
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Pwovèb 23:1-35

Pwovèb

23 Si w chita pou w manje ak yon wa,

Veye kò w, sonje kote w ye!

 2 Kontwole w*

Si w se yon moun ki gen anpil apeti*.

 3 Pinga w anvi bon manje l yo,

Paske sa ka twonpe w.

 4 Pa touye tèt ou dèyè richès+.

Sispann fè sa, epi montre w gen bon konprann*.

 5 Lè w voye je gade l, li pap la+,

Paske, wè pa wè, l ap pouse zèl tankou èg e l ap vole nan syèl+.

 6 Pinga w manje nan men yon moun ki chich*.

Pinga w anvi bon manje l yo.

 7 Li tankou yon moun tout afè l sou kontwòl*.

L ap di w: “Manje non, bwè non!” Men, se pa sa l vle vre*.

 8 W ap vomi sa w te manje a

E konpliman w te fè yo ap gaspiye.

 9 Pinga w di moun ki sòt la anyen+,

Paske l ap meprize sajès ki gen nan pawòl ou yo+.

10 Pa deplase bòn tè ki la depi lontan yo+,

E pinga w pran sou tè timoun ki san papa yo tikras pa tikras.

11 Paske Sila a k ap defann* yo a gen anpil fòs.

L ap defann kòz yo pou w pa fè yo mal+.

12 Kite disiplin dirije kè w,

Epi panche zòrèy ou pou w koute pawòl moun ki gen konesans.

13 Pinga w refize bay yon timoun* disiplin+.

Si w ba l baton, li pap mouri.

14 Ou dwe ba l baton,

Pou w delivre l* pou l pa al nan Tonm nan*.

15 Pitit mwen, si kè w vin gen sajès,

Lè sa a, kè m ap kontan+.

16 Kè* m ap kontan anpil

Lè se sa ki dwat ou di ak bouch ou.

17 Pinga w anvye sò moun k ap fè peche yo nan kè w+,

Men, se pou w gen lakrentif pou Jewova tout lajounen+.

18 Paske, lè sa a, w ap gen yon bèl avni+,

E ou pap pèdi espwa.

19 Koute, pitit mwen, pou w ka vin gen sajès,

Epi, fè kè w al nan wout ki dwat la.

20 Pinga w vin yon moun ki bwè twòp diven+,

Ni yon moun ki manje twòp vyann+.

21 Paske, bwasonyè ak aloufa ap vin pòv+

E moun ki renmen dòmi, se ranyon y ap met sou yo.

22 Koute papa w, paske se li ki fè w.

Se pa paske manman w fin granmoun pou w meprize l+.

23 Achte* laverite e pinga w janm vann li+,

Achte sajès, disiplin ak bon konprann e pinga w janm vann yo tou+.

24 Paran moun ki dwat la ap kontan kanmenm.

Moun ki papa yon pitit ki gen sajès ap kontan avè l.

25 Papa w ak manman w ap kontan,

E fi ki te fè w la ap kontan.

26 Pitit mwen, tanpri, koute m ak tout kè w,

E se pou w kontan mache nan chemen m yo+.

27 Paske yon fi ki pwostitye se yon twou ki fon,

E yon fi imoral* se yon pi ki jis+.

28 Li maske kò l tankou yon vòlè+,

E li fè vin gen plis gason ki pa fidèl.

29 Ki moun ki nan malè? Ki moun ki santi l pa byen?

Ki moun ki nan lobo? Ki moun k ap mache plenyen?

Ki moun ki blese pou granmesi? Ki moun je l tou wouj*?

30 Se moun ki pase anpil tan ap bwè tafya*+,

E moun k ap chèche* tafya ki pike.

31 Pinga w gade l

Lè l klere nan vè a e l ap desann swa nan gòj ou.

32 Paske, alafen li mòde tankou yon sèpan

E li lage yon pwazon menm jan ak yon vipè.

33 Je w ap wè bagay ki dwòl,

E se pawòl kwochi k ap sot nan kè w+.

34 W ap tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè,

Tankou yon moun ki kouche sou tèt yon ma batiman.

35 W ap di: “Yo frape m, men, mwen pa santi sa*.

Yo bat mwen, men, mwen pa konn sa.

Ki lè je m ap klè+?

Mwen ta bwè yon ti kou ankò*.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje