Sòm
Yon melodi. Yon chante David te ekri.
3 M ap fè louwanj pou ou nan mitan pèp yo, o Jewova,
M ap chante louwanj* pou ou nan mitan nasyon yo.
4 Paske, lanmou fidèl ou genyen an se gwo zafè, li rive jis nan syèl la+,
E fidelite w rive jis nan syèl la.
5 Se pou w montre pouvwa w anlè nan syèl la, o Bondye,
E se pou w montre pouvwa w sou tout tè a+.
6 Sove nou ak fòs ponyèt ou e reponn mwen
Pou moun ou renmen yo ka jwenn delivrans+.
8 Se pou mwen Galaad+ ak tribi Manase a ye,
E tribi Efrayim nan se kas pou m met sou* tèt mwen+.
Jida se baton pou m kòmande a+.
10 Kiyès k ap mennen m nan vil ki byen pwoteje a?
Kiyès k ap mennen m jis nan peyi Edòm+?
11 Èske se pa ou menm, o Bondye, ou menm ki lage nou an,
Ou menm, Bondye nou an, ki pa soti ak lame nou yo ankò a+?