Sòm
Yon chante David te ekri. Maskil*.
32 Byennere moun Bondye padone sa li fè ki mal, moun Bondye kouvri* peche l+.
3 Lè m te kache peche m nan, m te santi m t ap deperi. Mwen te konn ap plenn tout lajounen+.
4 Paske, lajounen kou lannuit, se kòmsi w t ap peze m ak men w+.
Mwen te pèdi fòs*, mwen te tankou dlo k ap seche nan sezon chalè. (Sela)
5 Finalman, mwen te fè w konnen peche m te fè a,
Mwen pa t kache erè m nan+.
Mwen te di: “M ap konfese peche m yo bay Jewova+.”
E ou menm, ou te padone peche m yo+. (Sela)
6 Se sa k fè moun ki fidèl la ap priye w+
Pandan l ka jwenn ou toujou+.
Lè sa a, menm dlo inondasyon pap ka rive kote l ye.
7 Ou se yon kachèt pou mwen,
W ap pwoteje m lè bagay yo difisil pou mwen+.
W ap antoure m ak rèl lakontantman akoz delivrans ou bay+. (Sela)
8 Ou di m: “M ap fè w gen bon konprann e m ap fè w konnen ki chemen pou w pran+.
M ap ba w konsèy toutpandan m ap fikse je m sou ou+.
9 Pa vin tankou yon cheval oswa yon milèt ki san konprann+,
Ki bezwen pou yo mete brid pou li oswa pou yo met baboukèt nan bouch li
Pou l ka obeyi.”
10 Anpil kalamite tonbe sou mechan yo,
Men, yon moun ki mete konfyans li nan Jewova ap benefisye lanmou fidèl Li genyen an+.
11 Nou menm moun ki jis yo, se pou nou rejwi pou sa Jewova fè pou nou e se pou nou gen kè kontan.
Nou menm moun ki dwat yo, se pou nou rele byen fò ak kè kontan.