BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezekyèl 34
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

Ezekyèl — Sa ki gen nan liv sa a

      • Pwofesi kont bèje Izrayèl yo (1-10)

      • Jewova gen sousi pou timouton l yo (11-31)

        • “David, sèvitè m nan,” ap pran swen yo (23)

        • “Yon alyans avèk yo pou yo ka viv anpè” (25)

Ezekyèl 34:2

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 23:1; Mi 3:1, 11; Sf 3:3; Za 11:17; Mt 23:13
  • +Eza 40:11; Jan 21:15

Ezekyèl 34:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Wa 21:16; Jr 22:17; Mi 3:3; Za 11:4, 5
  • +Eza 56:11

Ezekyèl 34:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Lk 15:4
  • +Jr 22:13

Ezekyèl 34:5

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 23:2; 50:6; Mt 9:36

Ezekyèl 34:10

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “m ap mande yo pou yo remèt mwen mouton m yo”.

  • *

    Oswa: “pap kite yo pran swen mouton m yo”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 52:24-27

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 90, 101

Ezekyèl 34:11

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Sa 17:34, 35; Sm 80:1; Eza 56:8

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Retounen vin jwenn Jewova, p. 4

Ezekyèl 34:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 40:11
  • +Jl 2:1, 2; Sf 1:14, 15

Ezekyèl 34:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 23:3; Eze 11:17; Am 9:14; Mi 7:14

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 105-106

Ezekyèl 34:14

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 25:6; 30:23; Jr 31:12
  • +Jr 33:12

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 105-106

    Retounen vin jwenn Jewova, p. 5

Ezekyèl 34:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 3:15
  • +Sf 3:13

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 107

Ezekyèl 34:16

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Mi 4:6; Mt 15:24; Lk 15:4

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 107

    Retounen vin jwenn Jewova, p. 5

Ezekyèl 34:17

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Za 10:3

Ezekyèl 34:22

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 40:11; Jr 23:3

Ezekyèl 34:23

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jan 10:11; Eb 13:20; 1P 5:4; Re 7:17
  • +Eza 11:1; Jr 30:9
  • +Eze 37:24; Oz 3:5

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 89, 90-91

    Toudegad,

    1/4/2007, p. 26

Ezekyèl 34:24

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 29:45; Jr 31:1
  • +Sm 2:6; Eza 9:6; Jr 23:5; Mi 5:2; Lk 1:32; Tr 5:31

Ezekyèl 34:25

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 37:26
  • +Le 26:6; Eza 11:6-9; 35:9; 65:25; Oz 2:18
  • +Jr 23:6; 33:16

Endèks

  • Gid pou fè rechèch

    Vrè adorasyon an, p. 90-91, 109-111

Ezekyèl 34:26

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eza 56:7; Eze 20:40; Mi 4:1
  • +Jen 12:2, 3; Dt 28:12; Za 8:13

Ezekyèl 34:27

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Le 26:4; Sm 85:12; Eza 35:2; Eze 36:30
  • +Le 26:13

Ezekyèl 34:28

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Jr 30:10; 46:27

Ezekyèl 34:29

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “yon jaden pou yon non”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 36:29
  • +Eze 36:15

Ezekyèl 34:30

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eze 37:27

Ezekyèl 34:31

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Sm 78:52; 100:3; Eza 40:11

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

Eze. 34:2Jr 23:1; Mi 3:1, 11; Sf 3:3; Za 11:17; Mt 23:13
Eze. 34:2Eza 40:11; Jan 21:15
Eze. 34:32Wa 21:16; Jr 22:17; Mi 3:3; Za 11:4, 5
Eze. 34:3Eza 56:11
Eze. 34:4Lk 15:4
Eze. 34:4Jr 22:13
Eze. 34:5Jr 23:2; 50:6; Mt 9:36
Eze. 34:10Jr 52:24-27
Eze. 34:111Sa 17:34, 35; Sm 80:1; Eza 56:8
Eze. 34:12Eza 40:11
Eze. 34:12Jl 2:1, 2; Sf 1:14, 15
Eze. 34:13Jr 23:3; Eze 11:17; Am 9:14; Mi 7:14
Eze. 34:14Eza 25:6; 30:23; Jr 31:12
Eze. 34:14Jr 33:12
Eze. 34:15Jr 3:15
Eze. 34:15Sf 3:13
Eze. 34:16Mi 4:6; Mt 15:24; Lk 15:4
Eze. 34:17Za 10:3
Eze. 34:22Eza 40:11; Jr 23:3
Eze. 34:23Jan 10:11; Eb 13:20; 1P 5:4; Re 7:17
Eze. 34:23Eza 11:1; Jr 30:9
Eze. 34:23Eze 37:24; Oz 3:5
Eze. 34:24Eg 29:45; Jr 31:1
Eze. 34:24Sm 2:6; Eza 9:6; Jr 23:5; Mi 5:2; Lk 1:32; Tr 5:31
Eze. 34:25Eze 37:26
Eze. 34:25Le 26:6; Eza 11:6-9; 35:9; 65:25; Oz 2:18
Eze. 34:25Jr 23:6; 33:16
Eze. 34:26Eza 56:7; Eze 20:40; Mi 4:1
Eze. 34:26Jen 12:2, 3; Dt 28:12; Za 8:13
Eze. 34:27Le 26:4; Sm 85:12; Eza 35:2; Eze 36:30
Eze. 34:27Le 26:13
Eze. 34:28Jr 30:10; 46:27
Eze. 34:29Eze 36:29
Eze. 34:29Eze 36:15
Eze. 34:30Eze 37:27
Eze. 34:31Sm 78:52; 100:3; Eza 40:11
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
  • 18
  • 19
  • 20
  • 21
  • 22
  • 23
  • 24
  • 25
  • 26
  • 27
  • 28
  • 29
  • 30
  • 31
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Ezekyèl 34:1-31

Ezekyèl

34 Jewova pale avè m yon lòt fwa ankò, li di m: 2 “Pitit lòm, pwofetize kont bèje Izrayèl yo. Se pou w pwofetize, se pou w di bèje yo: ‘Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Malè pou bèje Izrayèl yo+ ki chita ap plen vant yo! Èske se pa twoupo a bèje yo ta dwe bay manje+? 3 Nou manje grès bèt yo, nou pran lenn bèt yo pou n fè rad met sou nou e nou touye bèt ki pi gra yo+. Men, nou pa bay twoupo a manje+. 4 Nou pa ede bèt ki fèb yo pran fòs, nou pa geri sa ki malad yo, nou pa met bandaj pou sa ki blese yo, nou pa mennen sa ki kite twoupo a tounen, nou pa al chèche sa ki pèdi yo+, men nou aji di avèk yo e nou maltrete yo+. 5 Kòm pa t gen bèje, yo te gaye+. Yo te gaye e yo te tounen manje pou tout bèt sovaj ki gen nan savann nan. 6 Mouton m yo te gaye sou tout mòn yo, sou mòn ki byen wo yo. Yo te gaye sou tout tè a, e pa t gen pèsonn ki t ap chèche yo, ki t ap gade pou yo wè si y a jwenn yo.

7 “‘“Kidonk, nou menm bèje yo, tande sa Jewova di: 8 ‘“Menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman m ap aji kont nou.” Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. “Piske mouton m yo tounen bèt y ap chase, yo tounen manje pou tout bèt sovaj ki gen nan savann nan akoz pa gen bèje pou pran swen yo, akoz bèje m yo pa t al chèche yo e yo te kontinye ap plen vant yo olye yo bay mouton m yo manje,”’ 9 se pou nou tande sa Jewova di nou, nou menm bèje yo. 10 Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Mwen kont bèje yo, m ap fè yo rann kont pou mouton m yo*, mwen pap kite yo bay mouton m yo manje* ankò+. Konsa, yo pap ka plen vant yo ankò. M ap delivre mouton m yo anba bouch yo e yo pap manje mouton m yo ankò.’”

11 “‘Paske, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Gade, se mwen menm ki pral chèche mouton m yo e se mwen menm k ap pran swen yo+. 12 M ap pran swen mouton m yo tankou yon bèje ki jwenn mouton li te genyen ki pèdi e k ap fè yo manje+. M ap delivre yo tout kote yo t ale apre yo te fin gaye nan jou nyaj ak fènwa pwès la+. 13 M ap fè yo soti nan mitan pèp yo, m ap pran yo nan tout peyi kote yo ye yo, m ap rasanble yo nan peyi yo e m ap ba yo manje sou mòn Izrayèl yo+, toupre kouran dlo yo e toupre tout kote moun yo abite nan peyi a. 14 M ap ba yo manje nan yon bon patiraj, y ap manje zèb sou mòn ki ann Izrayèl ki byen wo yo+. Y ap kouche la nan yon bon patiraj+ e y ap manje nan pi bon patiraj ki sou mòn ki ann Izrayèl yo.”

15 “‘“Se mwen menm k ap bay mouton m yo manje+ e se mwen menm k ap fè yo kouche+.” Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di. 16 “M ap chèche mouton ki pèdi yo+, m ap fè sa ki gaye yo tounen, m ap met bandaj pou sa ki blese yo e m ap ede sa k fèb yo jwenn fòs. Men, m ap elimine sa k gra yo ak sa ki gen fòs yo. M ap jije yo e m ap ba yo pinisyon yo merite.”

17 “‘Men, nou menm mouton m yo, men sa mwen menm, Jewova, Seyè ki Souvren an, mwen di: “M ap jije mouton m yo, m ap jije gwo mal mouton yo ak bouk kabrit yo+. 18 Èske sa pa ase pou nou manje nan pi bon patiraj yo? Èske nou oblije pilonnen rès patiraj yo ak pye nou? Apre nou fin bwè bon dlo klè yo, èske nou oblije frape pye nou nan dlo yo pou nou sal yo? 19 Èske se pou mouton m yo al manje nan patiraj nou fin pilonnen ak pye nou yo? Èske se pou yo bwè dlo nou fin sal ak pye nou yo?”

20 “‘Kidonk, men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: “Gade, m ap jije mouton ki gra yo ak sa ki mèg yo. 21 Paske, nou pa t sispann pouse yo ak kò nou e ak zepòl nou. Nou te kontinye pouse tout sa ki malad yo ak kout kòn jiskaske n te fè yo gaye al nan lòt peyi. 22 M ap sove mouton m yo. Yo pap kouri dèyè yo ankò+. M ap jije mouton m yo. 23 M ap mete yon bèje sou tèt yo+, wi, David, sèvitè m nan+, e l ap ba yo manje. L ap ba yo manje e l ap vin bèje yo+. 24 Mwen menm, Jewova, m ap vin Bondye yo+, e David, sèvitè m nan, ap chèf nan mitan yo+. Se mwen menm, Jewova, ki di sa.

25 “‘“M ap fè yon alyans avèk yo pou yo ka viv anpè+. M ap elimine tout bèt sovaj ki gen nan peyi a+ pou yo menm yo ka viv an sekirite nan savann nan e pou yo ka dòmi nan rakbwa yo+. 26 M ap fè ni yo menm ni zòn ki ozalantou mòn mwen an tounen yon benediksyon+. M ap fè lapli tonbe lè pou l tonbe. Benediksyon ap vide sou yo tankou lapli+. 27 Pyebwa nan jaden yo ap donnen, tè a ap bay manje+ e yo menm y ap viv an sekirite nan peyi a. Lè m kase jouk ki sou do yo a+ e m sove yo anba men moun k ap toupizi yo, lè sa a y ap konnen mwen se Jewova. 28 Nasyon yo pap jwenn yo ankò pou yo toupizi e bèt sovaj ki sou tè a pap devore yo ankò. Y ap abite an sekirite e pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè+.

29 “‘“M ap fè yo gen yon jaden ki gen gwo renome*, konsa, yo pap mouri grangou ankò nan peyi a+ e lòt nasyon pap imilye yo ankò+. 30 ‘Lè sa a, y ap konnen mwen menm, Jewova, Bondye yo a, mwen avèk yo e y ap konnen yo menm, pèp Izrayèl la, yo se pèp mwen+.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”’

31 “‘Kanta pou nou, mouton m yo+, mouton m ap pran swen yo, se moun nou ye, e mwen se Bondye nou.’ Se sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje