BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Kwonik 1
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

2 Kwonik — Sa ki gen nan liv sa a

      • Salomon mande Bondye sajès (1-12)

      • Richès Salomon yo (13-17)

2 Kwonik 1:1

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 29:25; Ekl 2:9; Mt 6:28, 29; 12:42

2 Kwonik 1:3

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 3:4; 1Kw 21:29

2 Kwonik 1:4

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 13:5
  • +1Kw 16:1

2 Kwonik 1:5

Nòt anba paj

  • *

    Gade Lis mo yo esplike yo.

  • *

    Oswa: “te konn poze l kesyon la”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Eg 38:1, 2
  • +Eg 31:2-5

2 Kwonik 1:6

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 3:4

2 Kwonik 1:7

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 3:5-9

2 Kwonik 1:8

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 7:8
  • +1Kw 28:5; Sm 89:28, 29

2 Kwonik 1:9

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Sa 7:12; 1Kw 28:6; Sm 132:11
  • +Jen 13:14, 16

2 Kwonik 1:10

Nòt anba paj

  • *

    Lit.: “pou m soti e pou m antre devan pèp sa a”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Pw 2:6; Jk 1:5
  • +Sm 72:1, 2

2 Kwonik 1:11

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “ou pa mande nanm moun”.

  • *

    Lit.: “pa mande anpil jou”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 3:10-13, 28

2 Kwonik 1:12

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Kw 29:25; 2Kw 9:22; Ekl 2:9

2 Kwonik 1:13

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 3:4

2 Kwonik 1:14

Nòt anba paj

  • *

    Oswa: “kavalye”.

  • *

    Oswa: “kavalye”.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +Dt 17:16; 1Wa 4:26
  • +2Kw 8:5, 6
  • +2Kw 9:25

2 Kwonik 1:15

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +1Wa 10:21
  • +1Wa 10:27; 2Kw 9:27

2 Kwonik 1:16

Nòt anba paj

  • *

    Se kapab tou: “ann Ejip ak nan peyi Kou; e moun ki te konn vann wa a cheval yo te konn achte yo nan peyi Kou”. Peyi Kou se petèt Silisi.

Referans yo bay pou lòt vèsè

  • +2Kw 9:28
  • +1Wa 10:28, 29

Lòt tradiksyon Labib

Klike sou yon vèsè pou w ka wè menm vèsè a nan lòt tradiksyon Labib.

Lòt

2 Kwo. 1:11Kw 29:25; Ekl 2:9; Mt 6:28, 29; 12:42
2 Kwo. 1:31Wa 3:4; 1Kw 21:29
2 Kwo. 1:41Kw 13:5
2 Kwo. 1:41Kw 16:1
2 Kwo. 1:5Eg 38:1, 2
2 Kwo. 1:5Eg 31:2-5
2 Kwo. 1:61Wa 3:4
2 Kwo. 1:71Wa 3:5-9
2 Kwo. 1:82Sa 7:8
2 Kwo. 1:81Kw 28:5; Sm 89:28, 29
2 Kwo. 1:92Sa 7:12; 1Kw 28:6; Sm 132:11
2 Kwo. 1:9Jen 13:14, 16
2 Kwo. 1:10Pw 2:6; Jk 1:5
2 Kwo. 1:10Sm 72:1, 2
2 Kwo. 1:111Wa 3:10-13, 28
2 Kwo. 1:121Kw 29:25; 2Kw 9:22; Ekl 2:9
2 Kwo. 1:131Wa 3:4
2 Kwo. 1:14Dt 17:16; 1Wa 4:26
2 Kwo. 1:142Kw 8:5, 6
2 Kwo. 1:142Kw 9:25
2 Kwo. 1:151Wa 10:21
2 Kwo. 1:151Wa 10:27; 2Kw 9:27
2 Kwo. 1:162Kw 9:28
2 Kwo. 1:161Wa 10:28, 29
  • Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • 1
  • 2
  • 3
  • 4
  • 5
  • 6
  • 7
  • 8
  • 9
  • 10
  • 11
  • 12
  • 13
  • 14
  • 15
  • 16
  • 17
Labib — Tradiksyon monn nouvo a
2 Kwonik 1:1-17

2 Kwonik

1 Salomon, pitit gason David la, te kontinye ranfòse pozisyon l antanke wa. Jewova, Bondye l la, te avè l e li te vin enpòtan anpil+.

2 Salomon te fè rasanble tout pèp Izrayèl la: chèf gwoup ki gen 1 000 moun ladan yo, chèf gwoup ki gen 100 moun ladan yo, jij yo, tout chèf ki nan pèp Izrayèl la ak tout chèf fanmi yo. 3 Apre sa, Salomon ak tout moun li te rasanble yo t al kote ki wo yo fè adorasyon ki Gabawon an+, paske se la tant reyinyon vrè Dye a te ye, tant Moyiz, sèvitè Jewova a, te fè nan dezè a. 4 Men anvan sa, David te fè yo pran Lach vrè Dye a Kiriyatjeyarim+ pou yo monte avè l kote l te prepare pou li a. Li te monte yon tant Jerizalèm pou yo mete Lach la+. 5 Lotèl an kuiv+ Betsalèl+, pitit gason Ouri ki pitit gason Ou, te fè a te devan tabènak* Jewova a. Salomon ak pèp la te konn priye devan l*. 6 Apre sa, Salomon te ofri Jewova sakrifis sou lotèl an kuiv la+ ki te devan tant reyinyon an. Li te ofri 1 000 bèt kòm sakrifis yo boule nèt sou lotèl la.

7 Pandan nuit sa a, Salomon te wè Bondye nan yon rèv e Bondye di l: “Di m ki sa w vle m ba ou+.” 8 Lè Salomon tande sa, li di Bondye: “Ou montre yon lanmou ki fidèl pou David, papa m+, e w mete m wa nan plas li+. 9 Kounye a, o Jewova Dye, se pou w kenbe pwomès ou te fè David, papa m nan+, paske ou fè m vin wa sou yon pèp ki anpil menm jan ak grenn pousyè ki sou tè a+ 10 e se pou w ban m sajès ak konesans+ pou m dirije pèp sa a*, paske kiyès ki kapab jije pèp ou a ki gen tout moun sa yo ladan l+?”

11 Lè sa a, Bondye di Salomon: “Piske se sa w vle nan fon kè w, ou pa mande richès, ou pa mande pou w jwenn glwa, ou pa mande pou m touye moun* ki rayi w yo, ou pa mande pou w viv lontan*, men ou mande pou w gen sajès ak konesans pou w jije pèp mwen an mwen mete w wa sou li a+, 12 nonsèlman m ap ba w sajès ak konesans, men m ap ba w plis richès ak plis glwa pase lòt wa ki te vin anvan w yo e pa gen okenn wa k ap vin apre w k ap menm jan avè w+.”

13 Annapre, Salomon sot devan tant reyinyon an, li kite kote ki wo ki Gabawon an+ l al Jerizalèm e se la li te dirije pèp Izrayèl la. 14 Wa Salomon te kontinye gen plis charyo ak cheval*. Li te gen 1 400 charyo ak 12 000 cheval*+. Li te mete yo nan vil pou charyo yo+ e li te mete yo toupre l, nan Jerizalèm+. 15 Wa a te fè ajan ak lò vin tankou wòch+ nan vil Jerizalèm tèlman te gen anpil ajan ak lò e li te fè bwa sèd vin tankou pye sikomò ki nan Chefela yo tèlman te gen anpil bwa sèd+. 16 Yo te achte cheval pou Salomon ann Ejip+ e komèsan Salomon te voye yo te konn achte yon pakèt cheval pou yon pri*+. 17 Chak charyo yo te achte ann Ejip te koute 600 pyès ann ajan e chak cheval te koute 150 pyès ann ajan. Apre sa, yo te konn revann wa desandan Èt yo ak wa Siri yo bagay sa yo.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje